
Byenveni sou Kreyonomi
Se yon blòg vilgarizasyon syantifik, an kreyòl
Byenveni !
Mwen se Stevens Azima. An 2016, rate kontni syantifik an kreyòl pouse m lanse blòg sa, Kreyonomi. Jodi a, gen plis pase 5000 moun k ap suiv li.
Mwen gen yon doktora nan agwo-ekonomi. Sijè nou manyen yo plis panche sou ekonomi ak agrikilti pou kounye a. Men anbisyon m se ofri w yon espas kote w ap ka jwenn pil ak pakèt ide enteresan nan divès domèn syantifik an kreyòl. Sa rive tou mwen pale sou aktyalite a, pataje opinyon m sou kèk sijè pate cho oswa fè w goute nan bèl liv mwen dekouvri yo.
Objektif prensipal mwen nan Kreyonomi se ofri w yon ti kwen sou entènèt la kote tout koze syantifik (kit li senp kit li wo nivo) ka debat an kreyòl yon fason ki entuitif, ki pale menm ak moun ki pa fòme nan domèn n ap manyen yo e ki an menm tan ase rich pou enterese sila ki pi konèsè yo. W ap jwenn atik blòg, videyo ak odyo pòdkas, san bliye Kreyonomi prezan tou sou Facebook.
Pou pòdkas la, li disiponib sou divès platfòm ki fèt pou sa e si w vle ou ka kòmanse koute l lapoula:

S02E03- Dwòg ak depandans : Loly Jacques ap enfòme nou – Kreyonomi podcast
- S02E03- Dwòg ak depandans : Loly Jacques ap enfòme nou
- S02E02 – Tamas Jean Pierre: klas sosyal ann Ayiti (Pati 2)
- S02E02 – Pitit sòyèt, klas mwayèn, boujwazi: kisa diskou sou klas sosyal ann Ayiti yo aprann nou? (Pati 1)
- S02E01 – Ti Kozri Ak Yves-Marie Sou Lasosyete
- S01E06 – Èske Ayiti marye ak lamizè?
Pou videyo yo, mwen envite w suiv mwen sou Youtube oswa vizite seksyon Podcast la sou blòg la. Men egzanp yon videyo ou kapab jwenn kote nou manyen yon sijè an pwofondè, an kreyòl.
Anfen, si ou anvi mete men nan pat la, m kontan di w mwen resevwa kontribisyon nan men lektè yo tou. Ou kapab voye yon imel nan kreyonomi@gmail.com oswa kontakte Kreyonomi sou Facebook.
SQL
J’aimeJ’aime