1. Peyi yo jounen jodi a pa izole, yo chak gen lajan pa yo alòske yo ap fè komès youn ak lòt : sa fè yo vin bezwen yon zouti ki pèmèt yo boukante lajan sa yo : zouti sa se todchanj lan.
2. Ekzanp, todchanj dola ameriken an an goud pèmèt ou konnen chak grenn dola konbyen goud li vo, sa vle di konbyen goud ou bezwen pou chak grenn dola si ou vle boukante dola ak goud. Pou 2018 la, ou te bezwen an mwayèn 65.4 goud pou sa fèt. Men sa pa t toujou konsa.
3. Nan dat 13 me 1919, epòk kote blan Meriken t ap okipe Ayiti (1915-1935), gouvènman ayisyen an te jwenn yon antant ak Etazini pou stope todchanj lan ki te gentan kòmanse ap monte. Se lè sa yo toulede te kole zepòl pou yo fikse todchanj lan an gwo ponyèt. Soti lè sa a rive jouk nan ane 80 yo, todchanj lan te rete stab : 5 goud pou yon dola! (Se sa ki fè tou jouk jounen jodi a nou kontinye rele gwo adoken yo dola ayisyen.)
4. Men jan nou sot di sa a, apati ane 80 yo, bagay la kòmanse chanje poukont li. Leta te vin pèdi kontwòl sou todchanj lan. Dola ameriken an rekòmanse monte mòn san li pa janm retounen desann nan nivo 5 goud pou 1 dola a ankò.
5. Bank Santral peyi a (BRH), vin oblije reziyen l chanje sistèm : li bay sistèm todchanj fiks la vag e adopte yon todchanj ki ka chanje poukont li parapò ak jan ekonomi an ap mache.
6. Kifè, todchanj lan lè sa, gwosomodo, vin rezilta kantite goud ki ap sikile nan peyi a parapò ak kantite dola ki ap sikile nan peyi a. Plis gen goud parapò ak dola, se plis goud la ap pèdi valè. Menm jan an tou, plis ta gen dola ki antre nan peyi a, se plis goud la t ap pran valè paske dola a pa t ap ra ankò. Gwosomodo, se konsa bagay la fonksyone. E ou ka gentan devine, plis nou vann pwodui nou yo aletranje, se plis kòb etranje ap antre nan peyi a e se plis goud nou an ap pran valè, men malerezman se pa konsa sa pase.
Ekonomis Carl-Henri Prophète te byen detaye, sou Twitter, fason sa fonksyone.
8. Nan yon pwochen atik, sou baz yon memwa Antoine Dit Rigaud Fils Fragé te prezante an 2009 sou kesyon todchanj lan ki ap plede chanje a, yon memwa ki te itil nou anpil pou atik sa, nou pwomèt ou nou ap retounen sou kesyon kòz pwoblèm sa a e nou ap eseye idantifye kèk solisyon tou.
9. Klike sou sa pou nou ka al li memwa a sou entènèt.
10. Randevou kase.
Kredi foto: Le Nouvelliste Haiti; HG News Network
A reblogué ceci sur Kreyonomiet a ajouté:
Nou òpdet atik la.
J’aimeJ’aime
Padon pou delè a. Mèsi pou kòmantè w la. Tit tèks la se parapò ak imaj dola a ki ap vale teren an (paske todchanj lan pa sispann monte). Men efektivman, nou te ka di tou se goud la ki « bon » jwè a piske si todchanj lan ap monte konsa, gwosomodo, se paske chak jou ap gen plis goud e mwens dola. Kidonk se tankou goud la t ap « chase » dola a. Sofke, sa pa pote okenn fyète pou goud la paske tout jan tout jan, se valè goud la ap pèdi.
J’aimeJ’aime
Tit tèks la bèl men fok nou byen konprann li nan sans todchanj lan. Paske yon lot fason nou ka di se goud la kap byen jwe, paske lap chase dola a sou teren an jouk li rete pou kont li. Si mw chase rival mw e mw pran teritwa a, se mw ki genyen batay la.
J’aimeJ’aime
Nou òpdet atik la wi Frantz Roby
J’aimeJ’aime