Krekonomi gen objektif simaye konesans ki soti nan syans ekonomik yo, an kreyòl, nan yon langaj ki senp. Kòman prensip ekonomi yo ka ede nou rezoud pwoblèm pèsonèl nou, pwoblèm peyi a oubyen tou pwoblèm mond lan? Esplikasyon nou yo an kreyòl, paske nou kwè kreyòl pale kreyòl konprann.