Nan seri biyè sa a, nou pral gade ansanm kèk politik agrikòl teyori byennèt la nan ekonomi pèmèt nou jistifye. Chaje teyori nou ta kapab rale pou nou analize sitiyasyon sektè agrikòl ayisyen an epi imajine kèk solisyon, men pou kounye a nou ap konsantre nou sou ekonomi byennèt la ki yonn nan teyori ekonomik yo plis rale pou jistifye entèvansyon leta nan ekonomi an.
Men anvan nou antre nan kè diskisyon an, li ap bon pou nou fè yon ti prezantasyon rapid rapid sou Ayiti, agrikilti li, apre sa pou nou gade deba sou aksyon leta nan ekonomi an-espesyalman nan sektè agrikòl la. Apre sa nou ap pare pou nou gade ki eleman teyori byennèt la pote nan deba sa a ak kòman yo ka adapte ak reyalite agrikilti peyi a.
Soti depi lè ti konkonm t ap goumen ak berejèn
An nou soti dèyè nèt pou nou ale devan. An 1804, yon revolisyon esklav nan koloni franse yo te rele alepòk Sendomeng lan te chavire yon sistèm plantasyon monokilti esklavalajis Kolon franse yo te tabli. Lojik (si nou ka rele sa lojik) sistèm sa a te fè koloni an tounen yon sous matyè premyè pou Metwopòl la san posiblite fè afè ak lòt gwo pisans alepòk yo. Men koloni Sendomeng lan an nik fin pran endepandans li pou li vin tounen Ayiti, sa ou tande a yon seri kontradiksyon-hinghang reparèt tèt yo. Espesyalman, nouvo nasyon an pa t ka jwenn yon antant sou fason pou tè yo ak richès yo depataje ant Nouvo Lib yo ak Ansyen Lib yo- sa vle di, pou pi fò, pitit Kolon yo te degèpi yo.
Anpil bagay pase depi lè a jouk nou rive an 1915, lè okipasyon meriken an ki t apral dire 19 lane. Anvan sa, Ayiti t ap fè fas ak gwo pwoblèm enstabilite politik. Pandan okipasyon sa a ki t apral fè anpil san Ayisyen-sitou san peyizan- koule san bliye dappiyanp ki te fèt sou resous peyi a, te kanmèm gen yon seri envestisman enteresan ki te fèt nan sektè agrikòl la, sitou nan sa ki gen pou wè ak enfrastrikti agrikòl.
1957: François Duvalier (Franswa Divalye) pran pouvwa a, annapre li tabli yon diktati fannfwa-zagoloray. Pandan diktati a, majinalizasyon peyizan yo, ki te deja yon reyalite t apral vin pi grav (Bastien-1951- rapòte tout nan lane 1940 yo, gen peyizan nan mòn ki te kontinye ap priye pou Wa, Rèn ak Dofen Lafrans lan tèlman yo te izole parapò ak rès peyi a). Prelèvman lajan Leta santral t ap fè sou ti peyizan yo t ap toupizi yo san yo pa jwenn anyen serye an retou.
1986: Atravè yon dechoukay, popilasyon an koupe fache ak rejim diktati a. Konstitisyon 1987 la deklare defini demokrasi nou an. Men yon seri faktè, tankou enstabilite politik, etranje ki ap foure bouch nan zafè peyi a, anbago Etazini ak lòt gwo peyi yo (pandan peryòd sa a, 1991-1994, pwodiksyon agrikòl peyi a pèdi anpil nan valè li epi anpil pyebwa koupe tou, sa ki t apral agrave sitiyasyon anviwònman an), kriz ekolojik, politik komèsyal peyi a chwazi oswa yo fè presyon sou li pou li adopte yo, gaspiyaj kòb Petro Caribe a ak koripsyon an jeneral, move gouvènans, elt. t apral mete ansanm pou rann tranzisyon demokratik la konplike epi anpeche sitiyasyon moun pwovens yo amelyore. Dapre Bank Mondyal (2014) e jan sa parèt nan grafik pi ba a, soti 2000 rive 2012, to povrete a an Ayiti bese (31% al nan 24%), pa vil yo poukont pa yo pèdi plis pwen pousantaj toujou (21% al nan 12%), kanta pou sa zòn Pòtoprens lan menm li bese soti 20% al nan 5% pandan pa zòn pwovens yo…rete nan menm nivo 38% li te ye an 2000 la! Kidonk moun pwovens yo toujou deyò wonn nan. Dayè, Ayiti se yonn nan peyi ki gen plis inegalite nan mond lan. Pou yon analiz detaye sou istwa agrikòl peyi a, gade liv Sebatien Hilaire (1995) la, Le prix d’une agriculture minière.

Alèkile, chif nou sot wè yo ak ti rale istorik sa nou sot fè a dwe pouse nou poze kesyon sou diskou ofisyèl ki ta vle fè kwè Ayiti se yon peyi « esansyèlman agrikòl » la epi Agrikilti se yon priyorite pou gouvènman yo (menm si pwa agrikilti nan bidjè a gen tandans ogmante depi kèk ane). Dayè, an nou pwofite, rapid vit, gade pi pre pwofil sektè agrikòl Ayisyen nan kontèks ekonomi peyi a an jeneral.
Peyi esansyèlman agrikòl: palemwadsa!
Patisipasyon agrikilti nan PIB peyi a mwens pase 25% jounen jodi a, sa ki antre nan kad yon degrenngolad enpòtans li nan ekonomi an pandan sektè tèsyè a (sèvis, komès) ap vale teren nan pwen pou gen otè ki di ekonomi peyi a ap tèsyarize li. Men yon lòt bò, nou p ap bliye sektè agrikòl la kontinye bay nenpòt 50% popilasyon aktif peyi a travay. Apre sa, se 48% sèlman nan manje ki gen nan peyi a pou moun manje ki se pwodiksyon nasyonal. Rès la se sitou enpòtasyon ak yon pati ki se èd alimantè peyi a resevwa. Sa pa t toujou konsa. Te gen yon lè, pwodiksyon peyi a te sanse sifi pou bay peyi a manje. Men sa se yon lòt istwa. Jodi a, nou sitou enpòte pwodui endistriyèl (30%), manje, bwason ak tabak (23%) ak petwòl (20%). Akoz Lwa Hope la nan kontèks apre-tranblemanntè a, jodi a pifò ekspòtasyon nou se pwodui tekstil ki fèt nan faktori (80% ekspòtasyon yo), sèlman 2.9% ki soti nan sektè primè-agrikòl la. Se sitou pwodiktè yo, enpòtatè yo, sara yo, gwosis yo ak detayan yo ki asire distribisyon pwodui yo fè yo rive jwenn konsomatè a.

Pifò peyi a se mòn (nou pa pote non Ayiti a, ki vle di « tè mòn », pou bèl twal). An reyalite, 80% peyi a se mòn e 60% tè yo gen pant ki depase 40%. Zòn ki resevwa plis lapli a nan sidwès peyi a pandan zòn ki resevwa mwens lapli yo nan nòdwès peyi a. Lèfini, an Ayiti, nou gen 2 sezon lepli ak 2 sezon lesèk menm si konn gen ti varyasyon sot nan yon zòn al nan yon lòt,. Genyen plis tè ki kiltive pase kantite tè ki ta dwe kiltive yo.
Peyizan ayisyen yo fè agrikilti pou yo ka viv (sibzistans) ak pou yo fè kòb (nan vann pwodui yo sou mache a). Men kanmèm, dènye resansman agrikòl la, 2008-2009, te revele nenpòt 60% eksplwatasyon yo di premye objektif yo se vann, apre sa asire pwòplamanjay yo (otokonsomasyon).
Ki manje nou pwodui? Bon, pou pwodiksyon vejetal, nou sitou fè sereyal (mayi, pitimi, diri-prèske 40% sifas agrikòl yo kiltive yo se pou sereyal e 21% sifas sereyal yo se monokilti), pwa, legim, fwi ak nwa, pistach, elt. Pou pwodiksyon animal, nou gade kabrit, bèf, kochon (pou peyizan an, sa yo ka sèvi tankou lajan sere fon fon), ak tou poul, pijon, kodenn…(pou peyizan an sa yo ka jwe wòl lajan sere yo ka itilize trapde si yo angaje). Dapre dènye resansman an, 52% agrikiltè yo pa konn li ak ekri e 52% te genyen ant 35 ak 54 lane, kidonk popilasyon agrikòl la jèn kanmèm.
Yonn nan gwo pwoblèm-makfabrik agrikilti nou an se kesyon tè a, kesyon fonsye a. Yon bò, tè yo fin fè miyèt mòso tank jenerasyon ap pase. Jodi a yon jaden an mwayèn mezire 0.5 ekta sèlman. Sa sitou pran rasin nan fason chak eritye jere tè endivizyon yo poukont pa yo a oswa jan yo ka apiye sou atik 674 Kòd Sivil ayisyen an pou reklame yon separasyon fòmèl. Tout sa patisipe nan fè tè yo vin fè miyèt mòso a. Michèle Oriol akVéronique Dorner fè yon bèl rale sou kesyon endivizyon ak dwa fonsye a an Ayiti.
Yon lòt bò, gen yon sitiyasyon ensekirite fonsye jeneral nan peyi a. Sa vle di anpil moun, anpil peyizan ap sèvi ak tè san yo pa ka pwouve tè yo se pa yo. Endivizyon an se yonn nan koz yo. Kèk lòt koz ensekirite fonsye a se: tranzaksyon tè enfòmèl, fèmaj tè ki dire twòp tan, dappiyanp sou tè absanteyis yo ak anvayisman tè Leta. Ensekirite fonsye a se yon pwoblèm paske li vle di 1) nenpòt lè moun nan ka pèdi tè a 2)akoz risk pou li pèdi tè a, sa ka fè li pa pran swen li oswa envesti ladan jan li t ap fè sa si pa t gen ensekirite fonsye. Ta sanble nenpòt 75% tè pwovens yo se enfòmèlman peyizan yo ap jere yo, sou baz lizay ak koutim. Kesyon tè sa a se yon kesyon ki sansib anpil, anpil moun ki al manyen dwèt yo boule. Li t ap mande, anplis revizyon lwa yo, yon bon kadas ak yon bon refòm agrè tou. Men sa tou se yon lòt pawòl…
Menm si plen aspè ki pa parèt nan ti prezantasyon ki sot fèt la sou sektè agrikòl Ayiti a nan kontèks ekonomi peyi a, li ta dwe sifi pou chita kontèks la ak anje yo pou lè nou pral aplike ekonomi byennèt la pou idantifye pwoblèm yo pi klè epi pwopoze solisyon politik agrikòl ki adapte. Men anvan nou rive la, an nou gade poukisa gen yon deba sou entèvansyon leta nan ekonomi an ak kòman deba sa a evolye.
Mache-Leta: yon istwa Kòkòt ak Figawo?
Yon fason senp (men ki chaje limit) nou kapab imajine rapò Leta avèk ekonomi an se trase yon liy, mete leta nan yon pwent epi mache a nan yon lòt pwent. Nan pwent mache a, kijan bagay yo fonksyone? Ebyen se ta kòmsidire men envizib mache a t ap bat pou malgre chak moun ap defann pwòp enterè yo, san yo pa konnen, yo patisipe nan defann yon enterè kolektif epi rive anntann yo sou yon pri ekilib. Hayek (1945) te gen yon espresyon li te itilize pou sa, li te prezante kapasite mache a genyen pou li konsantre tout enfòmasyon enpòtan yo nan pri pwodui yo kòm yon « mèvèy ». Nan ki sans li se yon mèvèy? Imajine si se yon grenn moun poukont pa li ki t ap planifye tout aktivite sa yo! Fòk li ta panse ak tout ti bagay: sa moun yo renmen, sa yo bezwen, konbyen yo pare pou peye pou li, ki kantite yo prevwa achte, elt. Nan yon peyi ki gen plizyè milyon moun, li difisil pou imajine yon grenn moun (oswa yon enstitisyon) ta ka fè tout travay sa poukont li. Poutan, anpil fwa, mache a rive fè travay sa kanmèm byen, san pèsonn pa panse ak sa. Gedankenexperiment sa a (Eksperyans panse) nou sot fè a tou mennen nou nan lòt pwent egzanp nou an, ki se Leta.
Aksyon Leta a nan ekonomi, konpare ak pa mache a, ta plis sanble ak yon « men vizib », yon men nou ka wè. Mak fabrik leta se kapasite li genyen pou li finanse tèt li gras ak sa yo rele fisk la (gwoso modo, lajan taks ak enpo nou yo). Anplis lajan li pran sou moun yo ki gentan yon aksyon, Leta konn sèvi ak lajan sa yo pou li swa fè depans sou mache yo pou kapab enfliyanse bagay yo, swa distribye lajan oswa byen/sèvis (sibvansyon, èd, sèvis leta yo, elt.). Men aksyon leta pa rezime ak yon koze lajan oswa pwogram. Desizyon li, pawòl li tou konn enfliyanse bagay yo. Desizyon ki pi evidan ki vin nan tèt nou se lwa yo. Lwa yo bay yon kad legal ki defini epi garanti dwa popyetè yo. Tankou, se lalwa ki di men kilè yon moun ka di li posede yon tè e ak ki kondisyon li ka itilize l, vann li, elt. Menm si an reyalite bagay yo pi konplike toujou (koutim ak tradisyon konn pi fò pase lwa yo pafwa, jan nou te wè sa lè nou t ap pale de ensekirite fonsye a), san lwa sa yo nou te ka pa dakò sou anyen e sa te ka rive okenn echanj pa janm posib.
Kidonk, modèl Leta nan yon pwent, mache a nan yon pwent lan chaje limit. 2 gwo limit mwen ap site se: 1) Li bay enpresyon ekonomi an rezime ak sa k ap pase sou mache yo sèlman. Christine Delphy, nan liv L’ennemi principal (Economie politique du patriarcat) a, fè yon kritik konsa kote li raple nou plen tranzaksyon ki ap fèt deyò mache a tou, anndan fanmi yo pa egzanp (tankou transfè patrimwàn ak eritaj familyal yo) 2) Leta pa dekonekte ak mache yo. Menm si tou de pa t toujou egziste nan listwa sou fòm yo ye jounen jodi a (finalman se 2 enstitisyon ki resan), jounen jodi a nou pa ka separe yo. Relasyon yo a plis sanble yon relasyon Kòkòt ak Figawo: yonn pa mache san lòt. Distenksyon sa a, si nou fè l ak si nou pa fè l, kapab genyen gwo konsekans epistemolojik sou fason nou ap analize fenomèn ekonomik yo. Nou gen pou nou tounen sou sa, men annatandan si ou vle ou kapab li yon bèl tèks Gislain ekri sou sa (men mwen avèti nou: tèks la gen dan).
An nou gade kòman, depi 20yèm syèk la deba sou relasyon ant Leta ak ekonomi an evolye. Nan kòmansman 20yèm syèk la, teyori Keynes yo t apral sèvi pou jistifye entèvansyon Leta nan ekonomi an. Paralèlman te gen yon wounouwounou parapò ak koze pou Leta ap planifye ekonomi an, lakay otè tankou Hayek, sandout paske sa te gen ti resanblans ak ekonomi sosyalis-kominis yo. Men sa pa t anpeche « Leta sosyal » la devlope, yon leta ki peze anpil nan fonksyònman ekonomi an, nan peryòd Apre-Gè a. An 1959, Musgrave te gentan idantifye 3 gwo fonksyon leta ka jwe nan ekonomi an: yon fonksyon alokasyon pou asire l yo sèvi ak resous yo yon fason ki efikas, yon fonksyon redistribisyon pou asire l gato a byen separe, epi yon fonksyon estabilizasyon pou asire l pa gen twòp monte desann ak dezekilib nan ekonomi an.
Men kriz petwòl yo ta pral fè anpil moun poze tèt yo kesyon sou pètinans entèvansyon leta yo. Paralèlman, paradigm liberal la t ap penetre ti pa ti pa zansèt Oganizasyon Mondyal Komès la (OMK), sa yo te rele GATT la. Men, toutpandan Leta t ap resevwa kritik sa yo pou prezans li anpil moun te twouve ki plis bay pwoblèm olye li rezoud pwoblèm ekonomik yo, sektè agrikòl la yo te toujou trete li tankou yon ka apa, yo pa t kesyone entèvansyon leta nan sektè sa a e menm gen agiman ak teyori yo te devlope espre pou montre kòmkwa sektè sa pa yon sektè tankou tout lòt yo (farm problem) e entèvansyon leta a genyen tout sans li nan ka sa a.
Men politik agrikòl yo tou t apral finalman pran kèk frap (espesyalman nan kad deba Uruguay Round yo ki t apral finalman akouche OMK). Deba sa a, ki te sitou ap dewoule ant peyi rich yo, t apral touche peyi an devlòpman yo toutbon sandout atravè premye politik ajisteman estriktirèl FMI yo pou peyi ki gen dèt yo. Nan kad politik sa yo, yonn nan kondisyon yo te bay peyi sa yo swadizan pou ede yo reprann fòm kò yo, se redui depans leta yo. An Ayiti, politik sa yo kòmanse touche nou nan fen ane 80 yo, yo akselere yo nan mitan ane 90 yo. 2 gwo konsekans ki gen rapò ak agrikilti nou : 1) se apati epòk sa a pwodui enpòte kòmanse ap antre libelibè sou mache nasyonal la, san twòp baryè komèsyal pandan anpil nan peyi rich sa yo (tankou Etazini) te kontinye ap soutni agrikilti pa yo e kontinye fè sa jouk jounen jodi a. 2) Gen yon seri sèvis Ministè agrikilti te konn bay li vin pa ka bay yo ankò. Yon egzanp resan ki ka montre nou akisa yon politik ajisteman estriktirèl ka sanble e ki pwoblèm li ka poze se sa ki te pase an jiyè 2018 la ki te konsekans yon antant ant Leta ayisyen ak FMI pou redui depans leta yo, espesyalman atravè eliminasyon sibvansyon gaz la.
Men an jeneral, menm anwetan konsiderasyon politik sa yo ki pa fòseman gen anyen pou wè ak ekonomi vre, kesyon pètinans entèvansyon leta nan ekonomi an, e sa gen ladan sektè agrikòl la, merite poze. Pou yon senp rezon dapre m: lajan leta yo gen yon kou opòtinite. Sa vle di pou tout depans leta ap fè, gen yon lòt bon kote li te ka fè depans sa yo: kidonk fòk li ka esplike pouki se la li chwazi depanse li olye li depanse li yon lòt kote. An gwo, sa vle di resous yo limite e bezwen yo anpil. Nou pa ka ap itilize resous yo vaykevay. E se la menm teyori yo kapab itil, paske yo gide nou nan aksyon nou yo, yo evite nou pati nan tout direksyon tankou chen fou, yo pèmèt nou konsantre efò yo sou kèk pwen enpòtan epi gen yon ide sou konsekans aksyon nou yo anvan menm nou poze aksyon sa yo. Se sa nou pral wè nan rès biyè sa a, nan ka teyori byennèt la, apre nou fin prezante gran pwen li yo.
Kite l mache!
An gwo, men sa nou pral pale. Gen yon teyori konsomatè. Gen yon teyori pwodiktè. Yo fè 2 teyori sa yo rankontre pou fòme yon teyori ekilib jeneral ki konsène tout ekonomi an. Dènye teyori sa a di gen yon sistèm pri pou tout mache yo met ansanm ki kapab fè finalman òf global la egal demann global la. Lè sa fèt, sa vle di lè pa gen ni eksè ni mank nan ekonomi an, yo di ekonomi an an ekilib. Ekilib sa a se yon ekilib jeneral. Rezònman sa nou sot fè li pou tout ekonomi an, men nou kapab fè li pou yon sektè oswa menm pou yon grenn pwodui apa: lè konsa yo di se yon ekilib pasyèl. Nou ap gen pou nou devlope tout sa yo fòmèlman lè nou fin genyen tout zouti matematik nou gen bezwen yo nan djakout, tankou zouti Analiz matematik yo (nou kòmanse deja), teyori ansanm, kalkil vektoryèl ak kalkil matrisyèl,aljèb an jeneral ak kèk eleman topoloji. Lè nou ap fè pil matematik sa yo, se pa san rezon, yo pral ede nou pi devan. Men mwen pwomèt nan biyè sa jodi a p ap gen yon grenn fòmil matematik.
Ekilib echanj nou sot di ki ka egziste sou mache yo, yo rele li yon ekilib Walras. Baz analiz ekilib jeneral la te gentan poze depi sou Walras nan fen 19yèm syèk la. Gen plizyè lòt otè ki te pote kontribisyon enpòtan, tankou Edgeworth (nosyon bwat Edgeworth la ak nosyon koub endiferans lan) ak yon pakapala ki se Pareto (li te entwodui kritè efikasite ki rele kritè Pareto a: yon repatisyon li efikas si li enposib pou ou ogmante satisfaksyon yon moun (amelyore byennèt li) san ou pa retire sou byennèt pa yon lòt moun, lè konsa yo di repatisyon sa a se yon optimòm Pareto). An 1920 tou, Pigou, ki te yon elèv Marshall -yonn nan gwo tèt ekonomi modèn nan- te pibliye yon liv ki te poze fondasyon ekonomi byennèt la (kote li pote limyè sou yon bann kesyon epi aplike zouti yo pou analize kèk sitiyasyon konkrè). An 1954, Arrow ak Debreu, de ekonomis ki te resevwa Pri Bank Syèd nan syans ekonomik lan, t apral demontre matematikman 2 teyorèm ki jodi a pote non teyorèm fondamantal ekonomi byennèt la tèlman yo enpòtan. Yo se yon aboutisman teyorik enteresan, ki ta sanble montre koyerans (entèn) ekonomi neyoklasik la, ki se kouran dominan an aktyèlman nan ekonomi. Kisa teyorèm sa yo aprann nou?
Premyèman. Lè yon seri kondisyon reyini (nou ap tounen sou yo pi ba), ebyen tout ekilib walras ap verifye kritè efikasite Pareto a, sa vle di tout ekilib Walras se yon optimòm Pareto. Men yon fason senp nou ka di sa: depi kèk kondisyon verifye, nou kapab fè mache yo konfyans pou mennen ekonomi an nan yon ekilib, e ekilib sa a ap toujou efikas, san gaspiyaj. An dezyèm, yo demontre, tout optimòm Pareto ki ta enterese ou, gen yon fason ou ka jwe sou repatisyon resous yo okòmansman pou w jwenn yon ekilib Walras ki konfonn ak optimòm Pareto sa a. Sa vle di: si solisyon mache a jwenn nan pa ta satisfè ou malgre li efikas (egzanp:ou gendwa panse li pa ekitab, ou ka panse separasyon gato sa a pa « jis ») ou kapab toujou idantifye yon solisyon ki pi « bon » dapre ou pami tout solisyon ki efikas yo epi ou jwe sou resous moun yo (sa yo rele dotasyon inisyal moun yo) apre sa ou kite mache a fè travay li, teyorèm nan bay garanti ekilib ou ap vin jwenn nan ka koresponn egzakteman ak solisyon ou te vize a.
Tout sa ka parèt abstrè (an reyalite yo abstrè, menm pou yon ekonomis). Men konsekans yo enteresan anpil. An reyalite, malgre teyori sa ta sanble dekouraje leta aji sou ekonomi an, malgre li sanble di nou nou mèt « kite l mache » se konsa nou ap jwenn pi bon rezilta yo, se teyori sa a ankò yo konn rale pou jistifye entèvansyon leta…Kòman sa? Ebyen pou teyori a ak teyorèm fondamantal byennèt yo kenbe, gen yon seri kondisyon strik ki pou verifye. Pwoblèm nan, se raman, pou nou pa di janmè, kondisyon sa yo verifye nan ekonomi an. Kidonk, ekonomis yo ankò, chak fwa yo ka montre yonn nan kondisyon sa yo pa verifye, yo konn sèvi ak sa pou di mache yo echwe (gen yon defayans mache) kidonk gen bezwen pou leta ta antre vin korije sitiyasyon an.
Se konsa moun ka sèvi ak yon teyori ki sanble ankouraje liberalis (kite mache yo mache) pou jistifye entèvansyon leta nan ekonomi an. Kidonk, li vin enpòtan pou nou konnen ki kondisyon sa yo ki dwe verifye a pou teyori a kenbe a, ki konsekans sa genyen lè yonn nan kondisyon sa yo pa verifye, epi ki aksyon ki ka poze pou korije defayans sa yo, espesyalman ki aksyon Leta ka poze pou korije sitiyasyon an. Se sa nou pral wè nan rès biyè a.
Mache yo echwe
Genyen 4 gwo sitiyasyon kote mache yo ka echwe akoz kèk kondisyon ki pa verifye.
- Lè genyen ekstènalite nan ekonomi an
- Lè genyen byen piblik oswa byen kolektif
- Lè genyen enfòmasyon miwomiba oswa asimetri enfòmasyon)
- Lè konpetisyon an, konkirans lan pa pafè (konpetisyon enpafè)
Ekstènalite se lè aksyon yon moun afekte byennèt yon lòt moun san pa gen konpansasyon oswa reparasyon. Egzanp klasik la se yon moun k ap fimen bò kote yon lòt moun ki pa renmen sa. Nan ka sa a, se yon ekstènalite negatif paske konpòtman moun k ap fimen an retire nan alèz lòt moun nan. Nan agrikilti, yon egzanp ekstènalite negatif se lè yo koupe yon pyebwa nan yon mòn san plante lòt nan plas li: konpòtman sa a ogmante chans pou gen inondasyon pi ba a. Men gen ekstènalite pozitif tou. Yon egzanp: chak yon moun achte yon telefòn nan yon konpayi, san li pa konnen, li ogmante valè telefòn lòt kliyan konpayi a te gentan achte yo paske plis gen kliyan nan yon konpayi telefòn se plis sa enteresan pou kliyan yo (tankou la, yo ap ka pi fasil kominike antre yo). Nan agrikilti, yon egzanp klasik ekstènalite se ka yon pwodiktè siwo myèl. Myèl li ap leve yo (abèy yo) kapab patisipe nan polinizasyon jaden vwazen yo.
Men sa nou ap remake, an jeneral, moun yo pwodui ekstènalite yo san yo pa menm konn sa: yo pa toujou konsyan benefis aksyon yo a oswa tout domaj li lakoz lòt moun. Sa se yon pwoblèm grav, paske moun nan lè konsa pran desizyon li yo san li pa pran ankont yon enfòmasyon enpòtan konsa. Tankou peyizan ki ta koupe pyebwa pou li jwenn plis espas pou li fè jaden nan mòn nan kapab patisipe, san li pa konnen, nan gwo inondasyon ki pral neye zòn pi ba yo lè sezon lepli ak siklòn. Kidonk egzistans ekstènalite yo fè swa gen pwodiksyon depase limit (ekstènalite negatif), swa pa gen ase pwodiksyon (ekstènalite pozitif).
Pou pwoblèm asimetri enfòmasyon an, mwen ekri yon biyè men longè sou li deja, Yo pa konn achte chat nan sak. Mwen ankouraje ou al li li, si ou pa ko fè sa.
Pwoblèm byen piblik, byen kolektif e menm byen lakomin yo, se yon lòt gwo pwoblèm ankò ki gen ti resanblans ak pwoblèm ekstènalite pozitif yo te poze a. Yon byen piblik se yon byen tout moun ka jwi gratis ti cheri e san sa pa nwi pèsonn. Tankou, lè mwen nan lari, lè mwen ap respire a m pa peye pou li e kèlkelanswa kantite lè mwen respire a, sa p ap retire yon yota sou lòt moun ki bezwen yo, yo ap ka kontinye respire alèz kou blèz. Poutèt byen piblik yo gratis ti cheri, poutèt pèsonn pa ka anpeche ou konsome yo, yo konn di yonn nan mak fabrik yo se aspè san-eksklizivite yo a. Lòt mak fabrik la se aspè san-rivalite yo a, sa vle di yon moun k ap konsome yo pa ka ankonbre lòt moun anpeche yo konsome li jan yo ta vle, pa gen ankonbreman, pa gen blokis, tout moun jwenn. 2 karakteristik sa yo bay pwoblèm paske kòm byen sa yo pa pou pèsonn e an menm tan yo pou tout moun, jan pwovèb la di a yo tankou kabrit plizyè mèt, yo ka mouri nan solèy. Gen chans pou pèsonn pa enterese pwodui yo.
Apre sa, lòt pwoblèm nan gen pou wè ak yon feblès nan chapant mache yo menm. Nou te gentan fè plizyè rale sou chapant mache yo sou kont Facebook nou an, nou p ap repete tout sa nou di deja yo. An rezime, mache yo fonksyone pi byen lè gen bonjan konkirans. Lè kondisyon sa pa verifye (tankou nan ka yon monopòl kote se yon grenn antrepriz sèlman k ap fè lalwa), sa ka ankouraje antrepriz yo montre pri yo, fè konplo pou kenbe pri yo wo, elt. Nou deja wè ki kalte pwoblèm sa ka poze.
Foto pi ba a rezime sa chak defayans mache nou sot wè yo ye, ki pwoblèm yo poze epi ki solisyon ki egziste.
Nan pwochen biyè ki ap suit biyè sa a, nou ap gen pou nou gade nan ka Agrikilti Ayiti a, si gen nan defayans mache sa yo nou ka idantifye, epi ki solisyon, ki politik agrikòl defayans sa yo ta ka jistifye, sou baz teyori nou sot wè a. Rete branche.
A reblogué ceci sur Kreyonomiet a ajouté:
Yon fason byen chapante pou nou gade kèk pwoblèm agrikilti peyi a genyen.
J’aimeJ’aime