Jounen 8 mas 2019 la se te jounen entènasyonal fanm yo. Gen kote yo rele l jounen mondyal dwa fanm yo. Ayiti, m plis konn tande yo di jounen mondyal olye jounen entènasyonal, men nou dakò se de gouden ak senkant kòb. Jounen sa a se yon okazyon pou moun, sitou gason, reflechi sou nosyon konsantman an nan rapò ak lòt sèks la. Kòm mwen gen pwojè yon seri biyè sou konsantman k ap dodomeya depi kèk tan, m ap tou pwofite okazyon sa a pou m batize pwojè a, sa w panse? Men te m tou di w depi kounye a, konsantman nou pral bat bouch sou li nan biyè sa a, se pa konsantman seksyèl (sèks se yon sijè ekonomi tou wi, men n ap kite diskisyon sa a pou yon lòt lè). Sou sijè konsantman seksyèl la, pou moun ki anvi fouye pi fon, revi Raisons politiques la te konsakre yon dosye sou sa sèlman an 2012, nou ka li entwodiksyon an la. Men jodi a nou ap demare pito ak yon seri biyè k ap konsantre yo sou pwoblematik konsantman an nan domèn rechèch oswa lasyans.

Seri biyè sa a gen 6 objektif:
- montre kote nou soti pou kesyon konsantman an vin gen tout enpòtans sa a nan rechèch jounen jodi a
- klarifye jan yo defini oswa kadre, etikman palan, nosyon konsantman an aktyèlman
- diskite sou pwoblematik konsantman an nan kontèks syans sosyal ak syans moun yo
- diskite sou ka patikilye rechèch nan peyi an devlopman yo
- gade si pwosedi konsantman yo ka afekte to repons nan rechèch kantitatif yo
- bay kèk konsèy pratik pou etidyan ak chèchè yo lè yo ap pran an kont aspè etik sa a nan rechèch yo ap mennen.
Biyè jodi a ap plis kouvri de dènye objektif yo (5 ak 6), menm si n ap fè ti pase rapid sou lòt yo. Kesyon presi nou ap poze tèt nou an se: èske pwosedi pou mande patisipan yo si wi ou non yo dakò patisipe nan ankèt k ap fèt la (sou baz bon jan enfòmasyon yo genyen) p ap fè mwens moun patisipe nan rechèch la? Nan yon sans ki pi laj, èske rechèch syantifik pa t ap pi fasil si pa t gen koze verifye si moun yo dakò patisipe nan rechèch k ap fèt la? Pou nou reponn kesyon sa yo, n ap suiv twa (3) etap: 1) n ap klè sou sans mo yo ak sou kontèks la 2) n ap met chak kan yo kanpe nan deba a 3) n ap bay pozisyon nou ak kèk leson/konsèy etidyan yo ak save k ap fè rechèch kapab tire.
Rechèch k ap fèt sou moun oswa avèk moun: pwoblèm etik
Ki mak fabrik rechèch k ap fèt sou moun oswa avèk moun yo? Nan yon antre ki rele Syans ak sosyete nan Encyclopædia Universalis, Schatzman ak Mayor (2018 ) te manyen kesyon sa a. Pou otè sa yo, kontrèman ak fizisyen an, pa egzanp, ki pa gen pou l mande atòm l ap etidye a si li dakò ou pa dakò, nan syans sosyal ak syans moun yo, chèchè dwe pran an kont kapasite sijè l ap etidye a (kontrèman ak atòm nan ki se yon senp objè) genyen pou li reflechi epi bay dizon l sou sa k ap fèt la. Sijè a se li ki objè a. Se rapò moun-moun sa a ki ta sanble mennen tout kesyon etik nou pral wè yo, menm si sa pa vle di syans natirèl yo pa gen lo kesyon etik pa yo.
« Konfizyon sa a ant sijè a ak objè a (…) se yon mak fabrik syans moun yo. » (Schatzman ak Mayor, 2018 ) (Tradiksyon: Kreyonomi)
Woy! Men yon mo: etik. Ki sa nou vle di lè nou ap pale de etik nan domèn rechèch? Pou n kout, se yon refleksyon sou sa rechèch la ta dwe fè, fason li dwe fè l ak tou sou sa li pa ta dwe fè (Morange ak Schmoll, 2016). Kidonk rechèch, espesyalman rechèch k ap fèt ak moun oswa sou moun, mache ak yon lo kesyon oswa pwoblèm etik. Malgre pwoblèm sa yo reyèl, se avan-yè la yo sanse resi kòmanse ba yo atansyon tout bon nan pratik lasyans. Pandan lontan, yo te fèmen je sou yo (Métayer, 2002). Monn lan kòmanse pran sa o serye toutbon se apati Kòd Nuremberg la an 1947. Kòd sa a, ki te pibliye nan yon kontèks apre-gè, genyen yon lis 10 prensip ki te sèvi pou jije kriminèl gè yo. Tribinal espesyal ki t ap jije moun sa yo te trete dosye plizyè doktè ak syantifik an jeneral ki te komèt yon seri « abi » sou moun. Men kèk nan abi yo te komèt yo Métayer (2002) site nan liv li a:
- Fè ekspre blese moun pou ka etidye kòman java a ap enfekte
- Teste jis nan ki pwen moun ka sipòte fredi (jouk sa rive touye moun nan)
- Fè ekspre bay moun tifis ak malarya
- Teste nan ki pwen moun ka sipòte doulè
- Chèche bloke pouvwa fè pitit moun: foure fòmòl ak nitrat ajan nan bouboun fanm (sa ki te lakòz plizyè santèn fanm mouri nan soufrans)
Kòd Nuremberg la t apral genyen anpil enfliyans ann apre. Anpil gwo dokiman sou kesyon an ki vin vini t apral baze sou li, tankou Deklarasyon Helsinki a (1964) ak Rapò Belmont an (1979). Se Rapò Belmont sa a ki pral premye mete aksan sou yon lis 3 prensip etik pou gide alèkile rechèch k ap fèt ak moun. 3 prensip klasik sa yo se : respè pou mounite moun (baz li se kesyon konsantman an, jan nou pral wè sa), byenveyans epi jistis. Se nan menm epòk sa a komite etik k ap kontwole aktivite rechèch yo kòmanse enstale tèt yo. Pou yon analiz detaye twa prensip sa yo, nou kapab gade paj 8-12 nan dokiman 240 paj sa a: Etik rechèch k ap fè avèk moun. Ayiti tou genyen kèk komite etik, tankou nan MSPP genyen yon Komite Nasyonal Byo-etik. Genyen enstitisyon ki genyen pwòp komite oswa kòd etik yo. Poudayè, si ou vle ou kapab ranpli ti fòmilè anonim sa a pou ede nou resanse lis komite ak kòd etik ki egziste nan enstitisyon Ayiti yo. Klike sou lyen sa a: fich sou komite ak kòd etik ann Ayiti oswa ranpli fòmilè sa a pou pi fasil. Ranpli ou ranpli fichye sa yo se ap siy konsantman ou pou patisipe nan rechèch patisipatif sa a Kreyonomi ap fè a (nou pa ka pa suiv pwòp prèch nou).
Jan nou te di sa a, pou biyè sa a, aspè etik k ap enterese nou nan aktivite rechèch yo se koze konsantman an (ki ta prensipal fason nou montre nou gen rekonèt mounite ak granmounite patisipan yo). Tèm teknik yo itilize pou pale de konsantman sa a se « konsantman eklere » (« consentement informé/éclairé » ou « informed consent » ann franse oswa angle). De ki sa n ap pale menm? Gen yon dividal definisyon. N ap pran 3 ladan yo. Premye a nou jwenn li nan sous la, Kòd Nuremberg la.
« Moun ki konsène a dwe jwi yon kapasite legal total kapital pou li konsanti. Fòk li genyen ase enfòmasyon, epi konnen tout pòte eksperyans yo ap fè sou li a, pou li kapab byen peze efè desizyon li a. »
(Kòd Nuremberg la, nan yon sitasyon Claire Ambroselli, 1988, p. 104-105) (Tradiksyon: Kreyonomi; nou ki peze sou kèk mo.)
Sitasyon sa a mete aksan sou aspè legal kesyon an, enpòtans pou moun nan byen enfòme epi kapasite pou moun nan pote yon jijman sou konsekans chwa li a. Kidonk,, anje konsantman an, p ap menm, pa egzanp, selon laj moun nan (timoun oswa granmoun?), eta sante mantal moun nan (entatad oswa enganm?), objektif rechèch la (enfòmasyon chèchè a bay yo kapab enfliyanse rezilta yo).
Yon dezyèm definisyon soti anba kout plim Liu & Davis (2011, p. 74). Li menm li apiye sou aspè volontè desizyon sijè a ta pran pou di li « dispoze patisipe » a. Otè sa yo di tou desizyon sa a sijè a kapab pran li apre li fin jwenn tout enfòmasyon ki gen arevwa (kidonk li pa oblije tout enfòmasyon nèt) ak sa k ap pale a. Pou otè sa yo, konsantman sa a dwe gen yon dokiman, yon fòmilè, ki pwouve sijè a te bay li.
Twazyèm definisyon nou ap konsidere a soti bò kote Twa Konsèy (2010, p. 9) kanadyen ki te pwodui dokiman 240 paj nou te site pi wo a: Etik rechèch k ap fè avèk moun. Dokiman sa a enteresan paske Twa Konsèy sa yo kouvri plizyè domèn syantifik: sante, syans moun ak syans natirèl/enjeniri. Pou 3 Konsèy sa yo, pwosedi konsantman an se pi gwo fason nou kapab montre nou genyen respè pou moun yo antanke moun ak respè pou granmounite yo (otonomi yo). 3 konsèy sa yo souliyen anplis enpòtans pou sijè a byen konprann enfòmasyon li jwenn konsènan rechèch k ap fèt la (kidonk se pa an nik bonbade moun nan ak pil enfòmasyon li pa menm konprann-doktè yo nou avè m?). Twa Konsèy yo peze tou sou enpòtans yon sans responsablite ak transparans bò kote pa chèchè a.
Menm referans sa yo pafwa ansanm plizyè lòt dokiman konn aksyantye sou kontinite konsantman an, sa vle di si konsantman an rive yon kote li pa la ankò (tankou patisipan an rive yon kote li bat ba) chèche dwe respekte chwa patisipan an epi ba li posiblite retire patisipasyon li a. Lè nou pran tout definisyon sa yo mete ansanm, yon fason senp epi kout yo konn rezime tout aspè sa yo nan pwosedi konsantman yo, se lè yo di konsantman an dwe lib, eklere epi kontini. Pou koze dokimante konsantman an, yo pa toujou dakò sou li.
Kounye a, nou pi klè sou sa n ap pale a lè nou di konsantman oswa pwosedi konsantman nan kad rechèch. Ekspresyon pwosedi konsantman an pou kont pa li konn enplike plizyè bagay, plizyè etap an fonksyon referans yo. Li kapab gen ladan:
- Enfòmasyon, Konpreyansyon, Volonte (Rapò Belmont, 1974)
- Enfòmasyon, Konfidansyalite, Dokimantasyon siyati patisipan an (Singer, 1978a; Twa Konsèy, 2010). (Konfidansyalite a vle di enfòmasyon patisipan an dwe diskite de zòrèy an zòrèy, sa vle di rete sekrè oswa tou li konn senpman enplike anonima, sa vle di li p ap posib pou yon lòt moun okouran tèl moun te patisipe nan rechèch la).
Aprezan, nou pare pou vanse nan analiz nou sou konsekans oswa enplikasyon pwosedi konsantman yo pou rechèch k ap fèt. Pou nou pi presi, nou pral gade konsekans sa genyen sou to repons (oswa to patisipasyon) moun yo nan rechèch syantifik ki sèvi ak pwosedi sa yo. N ap konsantre nou sou domèn syans moun ak syans sosyal yo.
Ki mele moun: pouki nou pa ka di sa pou to repons yon rechèch
Ou prèske pa ka tonbe sou yon grenn rechèch anpirik (sitou nan rechèch kantitafif) pou koze to repons lan pa pale. Swa chèche a baze sou li pou li lwanje tèt li pou kalte rechèch sa li rive fè a, swa li anboye tèt li nan chèche esplike pouki to repons lan te ba. Bon oke, se vre, mwen yon ti jan egzajere. Men to repons yon rechèch se yon kritè enpòtan anpil pou evalye kalite yon rechèch, li si tèlman enpòtan, li konn fè nou bliye li pa garanti repons sa yo pou kont pa yo yo se repons kalite ni tou kesyon ki te poze yo te kesyon kalite. Li tèlman enpòtan tou nou kapab prèske bliye defini li.
Gen plizyè konsiderasyon nou kapab fè sou sa nou vle di lè nou di « to repons ». Yon premye apwòch konn konfonn to repons ak « to konsantman » rechèch la (yon egzanp nan Douglas et al., 1994). Sa ta vle di sèl repons ki konte yo se repons kote patisipan an te bay konsantman li pou patisipe nan rechèch la. Apre sa, yo konn pale de to repons lan kòm
« (…) kantite inite ki konplè divize pa kantite inite elijib nan echantiyon an (…) » Fan ak Yan (2010) (Tradiksyon: Kreyonomi)
Gen otè pafwa ki al gade to repons kesyon (oswa itèm) anndan kesyonè a anplis to repons kesyonè a nan li menm (Singer, 1978a). Ojis, yo kapab gade lè sa a pousantaj itèm anndan an kesyonè a ki pa jwenn repons ditou, itèm ki jwenn plis repons yo, eks. Nou fasil jwenn apwòch sa a nan kesyonè ki pran fòm echèl meziray. Men an jeneral, apwòch nou plis abitye kontre a se apwòch ki nan definisyon Fan ak Yan (2010) la. To repons Fan ak Yan (2010) se statistik yo plis itilize pou mezire kalite yon ankèt. Vreman vre, kapab gen yon lyen ant to repons yon rechèch ak chans pou reprezantativite echantiyon an. Men reprezantativite yon echantiyon se yon nosyon ki twò konplèks pou to repons lan sèlman ta sèvi l mezirèt. Pou yon ranmase konplè sou nosyon reprezantative sa a, nou kapab gade seri 4 atik syantifik Kruskal ak Mosteller (1979a, 1979an, 1979b, 1980) konsakre pou dosye sa a sèlman.
Kounye a, kòm tout mo kle yo defini, nou kapab mande tèt nou pouki nou kesyon pwosedi konsantman an ak kesyon to repons lan sou menm tab. Eske sa vreman enpòtan pou nou konnen si pwosedi konsantman yo afekte to repons yo? Toudabò, dimansyon volontè ki nan konsantman rann li psobi pou li afekte to repons lan vre. Ojis, gen to repons ki te ka pi ba lontan si patisipan yo te gen chwa di non yo pa anvi patisipe nan rechèch sa yo (lè nou di lontan an, tout rive 1970 CIA teste dwòg sou moun san yo pa konnen nan peyi Etazini nan kad pwojè MK-Ultra a, gwoup mizik Muse la fè yon bèl mizik sou sa, nou ap pwofite bèl okazyon sa a pou mete mizik la la pou ou tande si ou sou sa).
Lòt bagay ankò, depi kèk tan rive jodi a, plizyè chèchè ap plenyen pou difikilte pou rekrite patisipan nan yon seri rechèch ki fè to repons yo konn ba (Barge ak Gehlbach, 2012; Fan ak Yan, 2010; Lueptow et al., 1977) . Li pa fin estipid nèt pou yon moun ta mande tèt li si to repons fèb sa yo se pa konsekans pil pwosedi konsantman yo, malgre chaje lòt esplikasyon posib, tankou bèl teyori yo rele teyori satisficing lan.
Lèfini, kesyon sa a nou poze l nan yon kontèks kote chak jou komite etik yo ap vale teren nan anpil peyi ak inivèsite. Jodi a, Inivèsite Leta Ayisyen an (Université d’Etat d’Haïti) pa gen yon komite kon sa, men yon jou deba sa a ka lanse. Kidonk, li t ap bon anvan nou pote boure kopye kole sa ki fèt deja yo, pou nou byen gade konsekans sa ka genyen. Etik komite etik sa yo aplike a yo rele li yon etik deyontolojik, sa vle di ki chita sou yon ansanm, yon lis règ moun dwe suiv. Biyè sa a se okazyon tou pou raple apwòch deyontolojik sa a se pa sèl apwòch ki egziste.
Boutanfen, kesyon an byen kadre lè nou gade yon seri eskandal abi ki tanzantan ap fè aktyalite oswa rimè ap korui sou yo. Dòk E.S. t ap di m dènyèman gen yon pwofesè l ki te di l esè klinik pou konprime planin yo se Ayiti yo te vin fè, men li kouri di li pa konfime sa. Gen lòt rimè (ki pa fin rimè nèt) sou etidyan ki lè yo al nan staj an pwovens kouche peyizan pandan yo nan yon pozisyon privilejye. Bri kouri sa yo ansanm ak eskandal ki konn pete gwo lajounen sou pratik san etik nan milye inivèsite, ONG, elt. blije nou konsidere deba sou etik rechèch la (nan sans laj, pa sèlman aspè konsantman an) gen bezwen fèt ann Ayiti. Epi si lòt peyi kote ki gen plis kontwòl gwo vouvari konn pete apre yon seri abi devwale, pa gen okenn rezon pou panse Ayiti, kote baryè lib, p ap gen abi sa yo.
Pwosedi konsantman eklere yo: sa ki pou sa ki kont
Kont
Yon premye kritik yo fè pwosedi konsantman eklere yo se aspè biwokratik yo (Fassin, 2008; Crow et al., 2006) . Gen moun ki wè pil règ sa yo, sitou pa komite etik yo nan syans moun ak syans sosyal, tankou se brenboryon pou bloke pwogrè lasyans. Biwokrasi yo ap pale a parèt alafwa nan blije yo blije jwenn otorizasyon yon komite etik alafwa nan tan ak pil paye sa pran lè pou yo jwenn konsantman patisipan yo (esplike yo abese rechèch la, ba yo yon seri detay sou rechèch la, fè yo siyen plizyè fòmilè, eks.). Gen chèchè ki menm di pafwa yo sanlè pase plis tan nan fòmalite ki pa enterese ni yo ni patisipan an parapò ak tan yo pase ap fè rechèch tout bon (Crow et al. 2006).
Yon lòt kritik chèchè nan peyi oksidantal yo konn fè se parapò ak jan difikilte pou mande oswa jwenn konsantman moun yo sou teren an nan yon seri kontèks, tankou nan yon lopital oswa nan peyi ki « mwens » devlope yo. Tankou, Fassin (2008) nan yon tèks piman bouk li ekri pou li kritike komite etik yo, L’éthique au-delà de la règle, esplike jan li te enposib lè li rive sou teren an nan yon lopital Afrik di Sid, pou li mande malad sida k ap soufri si yo dakò pou li jis obsève yo, nasn kad rechèch li t ap fè sou jan lopital la trete moun sa yo. Menm jan an tou, li esplike jan sa pa t fè sans pou mande yon pwofesyonèl sante, pandan li nan moman tèt cho, si li dakò patisipe nan rechèch la. Epi tou, jan Fassin esplike sa, nan kad rechèch kalitatif yo, rapò moun-moun yo ki santral nan tip rechèch sa yo souvan mande yon relasyon konfyans tabli ant chèchè a ak patisipan an: rale yon pil fòmilè pou siyen apre relasyon konfyans sa fin tabli konn mete patisipan yo ak chèchè a malalèz.
Gen anpil otè tou ki denonse pwosedi sa yo kòm kwa se ta yon kopyekole apati prensip etik nan domèn byo-medikal yo (Goodwin, 2003; Fassin, 2008) . Poutan, dapre otè sa yo, reyalite rechèch nan syans sosyal ak syans moun yo pa menm ak sa ki nan medsin yo, ki fè, dapre yo, yo pa ta bezwen ap sere boulon yo kon sa ak yon pwosedi konsantman ki konplike epi ki pa kadre ak reyalite teren an. Menm gen otè ki konsidere lojik rechèch la, nan nannan l, konn mande pou nou pa devwale yon seri enfòmasyon bay patisipan an paske sa riske fè konpòtman li chanje epi byeze rezilta yo (Blumberg et al., 1974). Sou baz tout rezon sa yo, gen otè ki panse parèt yo parèt ak pwosedi konsantman enfòme yo gen yon efè negatif sou to repons yo e sa se yon fren pou lasyans.
Men tout sa yo se plis teyori. Eske gen done anpirik ki kore vizyon pesimis sa a sou konsekans pwosedi konsantman eklere a yo? Etid dimansyon wòdpote ki kore vizyon pesimis sa a yo yon ti jan ra. Yon travay (malerezman ki pibliye bèldriv) yo souvan site se rechèch Lueptow et al. (1977) la. An 1975, pou teste efè pwosedi konsantman yo, chèchè sa yo te eseye refè yon ankèt ki te pibliye 11 an avan sa (sa vle di an 1964) nan peyi Etazini. Premye ankèt 1964 la te fèt sou yon gwoup lekòl Segondè e alepòk yo te jwenn yon to repons ki te sanse egal 100%. Lè sa a pa t ko gen obligasyon suiv pwosedi konsantman pou rechèch sa yo, e yo te jis fè responsab lekòl yo fè elèv yo ranpli kesyonè a. Lè Lueptow et al. vin eseye refè menm ankèt la nan menm lekòl yo an 1975, apre yo fin kontakte 4470 elèv nan 18 lekòl, to repons yo te jwenn nan se te 59,8% sèlman alòske an 1964 li te 100%. Sa k pase, nan entèval premye ankèt la rive nan dezyèm ankèt la, te vin gen yon lwa ki adopte pou egzije chèche yo jwenn otorizasyon paran timoun minè yo anvan timoun sa yo patisipe nan yon rechèch. Epi tou, otè yo te vin oblije suiv pwosedi konsantman yo tou menm pou elèv ki pase laj granmoun yo.
Lueptow et al. (1977) panse pwosedi konsantman yo te vin oblije yo suiv yo se yon koz kalte degrengolad sa yo obsève nan to repons lan, men si yo rekonèt gen lòt faktè ki ka jwe tou. Men yo pi kategorik toujou sou ka gwoup timoun ki minè yo. Pou otè yo, pa gen dout sou sa, se pwosedi konsantman yo menm ki esplike nan mitan elèv yo ankò, to repons elèv minè yo pi fèb lontan pase pa elèv ki pase laj granmoun yo: gen yon gwo diferans nenpòt 25 pwen pousantaj ki separe 2 gwoup sa yo. Vreman vre, sa te pi konplike pou yo jwenn otorizasyon paran yo, malgre tout jimnastik yo fè.
Nan tablo ki pi ba a, nou rezime rezilta Lueptow et al. (1977) te jwenn pou dizay rechèch ki te pèmèt li teste konsekans pwosedi konsantman yo.

Rezilta Lueptow et al. (1977) jwenn yo ale nan menm sa anpil chèchè vin obsève nan kad literati syantifik ki egziste sou « proxy consent » lan, sa vle di yon konsantman pa pwokirasyon kote se pa moun nan dirèk ki ba ou konsantman li. Otè yo rekonèt jan sa konn pi konplike pou jwenn konsantman an lè se konsa.
Pou
Nan kan moun k ap defann pwosedi konsantman yo, nou jwenn plizyè agiman. Genyen ki montre oswa esplike, patisipan yo pi dispoze pou pataje enfòmasyon oswa kopere ak chèchè a lè yo pa kache yo yo enfòmasyon (Jourard, 1964, 1968; Jourard & Friedman, 1970; Crow et al., 2006).
Apre sa, li sanble pa fin kòrèk pou ta panse koze etik la se yon bagay anplis yo vin ajoute sou rechèch syantifik la. Jan filozòf Appel (1987) te esplike sa nan Sur le problème d’une fondation rationnelle de l’éthique à l’âge de la science, etik nan antre nan nannan demach syantifik la, yonn pa mache san lòt. Tankou, lasyans pa t ap janm ka dakò fwod, magouy ak manti. Pratik lasyans lan menm, depi an lagan, gentan klase yon seri konpòtman kòm konpòtman ki pa gen plas yo (tankou triche oswa bay manti). San etik pa ka gen syans, etik la deja antre nan fondèt demach syantifik la, kidonk nou pa ka demarye yo.
Yon lòt fason kesyon sa ka poze se mande kisa yon repons vo si se nan fòse moun nan bay li? Kisa yon rechèch ki la pou sèvi sosyete a vo si se nan vyolye dwa moun oswa nan twonpe moun li fèt? Gen yon fim ki trete kesyon sa byen. Se yon fim depi ou enterese nan etik rechèch ou ta dwe gade. Fim nan rele Kitchen stories, li rakonte istwa yon rechèch (pou blag) nan peyi Nòvèj, kote yo t ap chèche etidye jan gason selibatè yo deplase anndan kizin ki nan kay la lè y ap fè manje ladan pou yo kapab konstwi kizin yo yon jan ki evite mesye yo deplase twòp. Gen yon ekip obsèvatè yo plase (san yo pa gen dwa kominike) anndan kizin kay kèk patisipan gason ki te « dakò » patisipe nan rechèch la. Patisipan fim nan plis konsantre sou li a, Msye Isak (Izak), te fin dakò patisipe men apre sa lè anketè a vini, li refize ouvè pòt la paske li te vin pa anvi patisipe ankò. Anketè tabli yon syèj bò kay misye a pandan plizyè jou, plede ensiste pou Isak ouvè pòt la (jan nou ka wè nan reklam fim nan nan videyo pi ba a) jouk finalman Isak bay legen li ouvè pòt la. Pi lwen nan fim nan, w ap konn malgre finalman patisipan an te dakò reponn, kòm konsantman an pa t kontini e kòm se nan fòse, sa pral fose rezilta rechèch la.
Anfen, kanta rechèch anpirik wòdpòte ki dekouvri yon efè ki pa negatif pwosedi konsantman yo genyen sou to repons ankèt yo, rechèch sa yo pa fè mikalaw nonplis. Se 2 atik Singer (1978a, 1978an) pibliye sou sa ki pi enteresan e yo plis site. Singer te chèche teste konsekans yon pwosedi konsantman ki gen ladan: bay enfòmasyon, konfidansyalite, siyati fòmilè konsantman. Li rive jwe sou chak faktè sa yo apa oswa ansanm pou li wè ki konsekans sa genyen. Sou yon echantiyon nasyonal o aza ki te gen 2084 moun ladan, li aplike 18 tretman diferan kote: enfòmasyon yo pataje ak patisipan an te byen detaye oswa tou kout, pwomès konfidansyalite a te garanti 100%, te garanti yon ti kras oswa pa t fèt ditou, epi anfen yo te egzije (avan oswa apre antrevi yo) oswa pa t egzije ditou pou siyen yon fòmilè konsantman. Kesyonè a te genyen plizyè kesyon sansib tou moun te ka pa alèz pou reponn. Singer te jwenn yon to repons global 67%. Men sa ki pi enteresan an, li analize konsekans divès eleman anndan pwosedi konsantman an.
Pou aspè kantite enfòmasyon chèche a pataje ak sijè a, Singer dekouvri sa pa fè okenn diferans toutbon (siyifikatif) nan to repons yo, kèlkelanswa volim enfòmasyon ki pataje a (piti kou gwo).
Pou konfidansyalite a. Singer montre sa pa gen okenn efè nonplis sou to repons lan, kit garanti sekrè a 100%, tou piti oswa pa la ditou.
Se sèl nan pati siyati fòmilè konsantman an, Singer jwenn enpak sou to repons lan ka diferan suivan chema ki itilize a. Li jwenn lè ou pa mande sijè yo siyen anyen ditou, to repons lan se 71% alòske li pi ba lè ou mande moun nan pou li siyen (64% si ou mande l nan kòmansman rankont lan, 65% si ou mande li apre). Singer verifye li jwenn diferans ant pa mande siyen an ak mande siyen an se yon diferans reyèl (siyifikatif). Sa te ka parèt kore lide kòmkwa pwosedi konsantman yo bese to repons yo. Atoutsa, otè a fè remake pifò moun ki pa t dakò siyen yo te kanmèm dakò pou yo pase antrevi a. Kidonk se siyen moun yo te refize siyen, se pa patisipe yo te refize patisipe, sa ki oblije nou pridan nan fason nou ap entèprete rezilta sa a.
Apre sa, Singer pouse analiz la pi lwen pou li gade to repons kesyon yo jwenn. Pou n pi presi, li gade to san-repons kesyon yo jwenn. Toudabò, li konsantre analiz sa a sèlman sou ti ponyen kesyon (malgre te gen anpil kesyon sansib) ki afiche yon to san-repons ki depase 2% yo. Li dekouvri la ankò kantite enfòmasyon yo patajhe ak patisipan an pa gen okenn efè. Li dekouvri lè yo bay patisipan an yon garanti konfidansyalite total kapital, se lè sa a chans pou li pa reponn kesyon yo pi fèb, kidonk konfindasyalite a ta sanble ankouraje moun yo reponn tout kesyon yo. Apre sa, lòt dekouvèt enteresan Singer fè, li wè lè patisan an te dakò siyen fòmilè konsantman an depi nan kòmansman, li gen plis chans reponn kesyon li jwenn nan kesyonè yo: se kòmkidire paske li te gentan siyen avan an, sa rann li pi rilaks pou li reponn menm kesyon ki pi sansib yo. Sa ta vle di, siyati fòmilè konsantman an pa sèlman gen dezanvatja nou te wè pi wo yo, li ankouraje patisipan yo reponn tout kesyon yo , petèt paske yo pi an konfyans apre yo fin siyen an (yo konnen fòmilè a pwoteje yo).
Sa nou ka konkli
Lè nou konsidere tout sa ki di yo ak rezilta anpirik, sèl sa ki sanble evidan (malgre kontradiksyon ant otè yo),se pwen sa yo:
- Pase pa yon mandatè pou jwenn konsantman rann bagay la pi difisil e riske fè to repons lan bese
- Se siyati fòmilè konsantman an ki sanble pi riske: malgre kèk avantaj, obligasyon siyen an sanble ka fè kèk moun pran distans ak rechèch la. Poudayè, nan peyi devlopman yo kote souvan gen patisipan ki pa konn li, yo montre koze siyati a pa reyalis ni se pa pi bon estrateji a.
- Menm pesimis yo rekonèt konsantman an pa yon move bagay, se plis fòmalite yo yo kritike ak mank adaptasyon pwosedi a ak reyalite syans sosyal yo (Crow et al., 2006) . Fassin (2008) mande pou yo ta sèlman mwens sere boulon chèchè yo epi fè yo plis konfyans. Li fè yon pledwari pou yon etik ki chita sou sans responsablite chèchè a olye sou deyontoloji sèlman.
- Efè divès etap nan pwosedi a ka diferan (negatif, pozitif) men boutanfen gen posiblite pou efè global pwosedi konsantman an nil .
- Boutan e san dipetèt, ta dwe genyen plis rechèch anpirik ki fèt sou kesyon an. Pi
Kèk konsèy
Men kèk konsèy ki ka ede jwenn pi bon rezilta tout pandan n ap respekte prensip etik yo:
Sou kantite enfòmasyon pou nou bay patisipan yo nan ankèt la
- Konsantre nou sou enfòmasyon ki pi enpòtan yo. pito nou bay mwens enfòmasyon, men tout se enfòmasyon ki enpòtan epi patisipan an ap beyn konprann.
- Pa gen obligasyon pou chèchè a pataje ipotèz rechèch li yo, sitou si sa ka enfliyanse konpòtman patisipan an.
- Byen esplike patisipan enfòmasyon yo, vilgarize, sèvi ak foto, videyo, eks. si sa nesesè (Wiles et al., 2005; Crow et al., 2006)
Sou konfidansyalite ak anonima:
- Konfidansyalite a enpòtan anpil (sitou pwomès anonima oswa de-idantifikasyon patisipan yo)
- Pa ezite raple patisipan an w ap kenbe sekrè a sou idantite l ak patisipasyon l nan rechèch la
Sou kesyon konsantman an:
- Fè moun nan siyen apre si sa posib w ak si ou santi siyen avan an ka bay pwoblèm
- Evite fèy ki twò « ofisyèl » pou fòmilè konsantman an (sa ka bay patisipan an enpresyon se yon gwo kontra l ap siyen) (Wiles et al., 2005)
- Pa ezite sèvi ak lòt mwayen pou dokimante konsantman an depi sa posib (odyo, aloral, elektwonik, elt.
Anfen, pi bon konsèy la se petèt: balanse risk pou yo pa reponn yo ak lòt estrateji pou reponn, paske menm jan gen divès rezon ki ka pouse moun yo pa reponn, gen plizyè ankourajman nou ka ba yo pou pouse yo reponn tou.
Referans
Kòm degi, klike sou lyen Google Doc sa a pou ou ka pab wè lis referans yo: