Biyè sa a baze sou yon #thread Twitter @Kreyonomi1 te pwodui sou fenomèn lòk la (lock-in ann angle) nan domèn politik. Teyori ki pèmèt nou pwofonde fenomèn sila a se teyori path dependence lan. Vivyàn Julien te pwopoze nou tradui li « depandans chimen tou trase« . Kidonk, se tradiksyon kreyòl sa a n ap kenbe apatandejodi.

Istwa ak definisyon konsèp la
Teyori a vin alamòd nan yon bann domèn. Men se nan ekonomi koze a sanble te devlope an premye. Lè sa yo t ap chèche konprann blokaj ki ka fè yon biznis pa adopte yon teknoloji ki pi bon pase sa li genyen deja a oswa sa ki konn anpeche li deplase al enstale li nan yon zòn ki pi enteresan pase kote li ye a.
Gen anpil kafouyay nan definisyon yo. Pafwa yo prezante depandans chimen tou trase a kòm si se desten oswa yon madichon. North raple depandans chimen tou trase a pa yon fatalite.
Yon definisyon ki senp di gen depandans chimen tou trase lè premye aksyon oswa premye desizyon yo pouse tout aksyon oswa desizyon ki pral vini apre yo nan menm direksyon ak aksyon oswa desizyon ki te la deja yo. Boutanfen sa kreye yon fenomèn lock-in ki fè ou vin esklav yon direksyon pandan gen lòt direksyon posib. N ap rele sa #lòk pou pi senp, kòm mo sa a alamòd dènye tan sa yo.
Jan nou di a, okòmansman se plis nan ekonomi yo te aplike konsèp sa a. Yo vin aplike li tou pou esplike jan règ ki la deja yo kapab anpeche ekonomi an byen mache. Menm lè règ sa yo pa adapte ankò, sosyete yo gen tandans konsève yo.
Fenomèn nan nan domèn politik
Men se Pierson ki t apral montre fenomèn depandans sa a aplikab pou mond politik la tou. Gen 3 fason sa afekte politik la.
1)Sa ankouraje tèt ansanm (aksyon kolektif) pou pwoteje oswa konsève sistèm nan, li dekouraje aksyon kolektif ki vle chanje sistèm nan.
2)Depandans chimen tou trase a enfliyanse kwayans politik ni politisyen yo ni rès popilasyon an. Kwayans sa yo pèmèt tèt ansanm se vre, men yo konn anpeche chanjman menm lè gen bezwen pou chanjman. Konsekans: si leta vle pote yon refòm, fòk li chèche chanje mantalite yo anvan.
3)Fenomèn sa a limite kantite opsyon sosyete a genyen si li vle adopte pi bon règ, pi bon lwa, pi bon enstitisyon (règ jwèt la). Gen opsyon ki te ka mache depandans chimen tou trase a p ap menm kite yo depoze opsyon sa yo sou tab la paske yo twò depaman ak chimen nou te gentan pran depi anvan an.
Nou sot wè konsekans politik yo. Li klè gen konsekans ekonomik tou, paske lè yon règ oswa yon konpòtman pa adapte ankò epi ou kontinye sèvi ak li, sa ka gen anpil move konsekans.
Kèk egzanp konsekans sa genyen
Nan yon tèks tou kout, Ricardo Parvex montre kòman sa ki te pase depi sou tan lakoloni ak kontèks apre endepandans lan enfliyanse jouk jounen jodi a rapò nou ak anviwònman nou ap viv ladan an. Sa patisipe tou nan katastwòf ekolojik n ap viv aktyèlman an.

Yon lòt egzanp ankò, se atik 674 Kòd Sivil nou an (ki di an gwo depi eritye yo mande sa fòk tè a pataje) ki lakoz tè agrikòl yo ap fè miyèt mòso sot nan yon jenerasyon ale nan yon lòt. Jodi a li parèt difisil pou chanje sa, paske moun yo gentan abitye.
Yon lòt egzanp ankò se Ed’H. Malgre tout moun wè refòm nan enpòtan, sa pa janm ka fèt paske chanjman sa a ap mande yo anpil. Yon egzanp ankò se refòm agrè a ki pa janm ka byen fèt akoz kontradiksyon sistèm ki la deja a te ankouraje nan zafè pataj latè.
Anfen, kòm dènye egzanp, nou ka pran dwadedwàn sou diri enpòte a ki soti byen wo epi nou sanse bese l nèt, sa ki blo pwodiksyon lokal la. Pwoblèm nan, desizyon sa yo depi w fin pran yo, li difisil pou w fè bak, popilasyon an ankò ka leve kanpe (sepandan, anyen pa enposib). Dayè, nou kapab remake se sou yon agiman konsa kèk aktè te baze pou alète moun sou desizyon gouvènman an te anonse li pral pran (e li te finalman pran) pou li retire pandan yon ti tan tarif ladwàn ki sou diri nou enpòte a pou pri li ka bese. Kèk obsèvatè te bay yon pinga, paske dapre yo li ka difisil pou nou fè bak apre sa.
Kounye a, kòm nou sot wè konsekans depandans chimen tou trase a, li te ka enteresan pou nou gade mak fabrik pwoblèm sa a (sa ki ka ede nou detekte l) epi kisa ki lakòz li. Sa yo yon ti jan teyorik, men yo ap ede nou konprann fenomèn nan pi byen.
Mak fabrik fenomèn nan
Li bon pou nou konnen karakteristik yon pwosesis ki suiv fenomèn sa a. Kòman sa manifeste? Pierson (2000) liste 4 mak fabrik pwosesis sa yo.
1) Yo enprevizib. Kòm sa ki pase deja ka jwe sou sa ki pral pase jis annapre, ou pa janm fin konnen fin ka prevwa alavans ki diresksyon sistèm nan ap pran.
2) Yo pa fleksib. Plis tan ap pase, se plis li difisil pou sistèm nan chanje direksyon. Plis tan ap pase, se plis gen opsyon anvan sa ki te posib ki vin pa posib ankò.

3) Sistèm sa yo pa « ègodik ». Yon sistèm ègodik lè li kapab pran tout chimen posib yo e lè konsa li ka retounen jan li te ye anvan an. Sistèm ègodik yo san memwa, san istwa. Men lè gen depandans chimen tou trase, tout sa ki pase deja ka enfliyanse sa ki ka pase ann apre yo, listwa enpòtan.
4) Pwosesis sa yo pa toujou bay pi bon rannman posib la. Vrèmanvre, kòm yo gentan tandans lòk sou yon direksyon fiks, kapab gen lòt direksyon ki te ka bay pi bon rezilta men sistèm nan p ap janm teste direksyon sa yo.
Kèk lòt egzanp pou konprann mak fabrik yo pi byen
Yon egzanp klasik depandans chimen tou trase se klavye n ap itilize yo. Jan yo pozisyone lèt yo sou klavye QWERTY yo pa pi bon fason yo te ka fè sa. Gen lòt opsyon klavye ki te ka pèmèt nou pi rapid, pi efikas. Men nou tèlman gentan abitye ak sa nou gen la a, lòt opsyon sa yo vin pa gen mache pou yo.

Yon lòt egzanp, se sistèm retrèt Lafrans lan, ki chita sou yon lojik repatisyon (ki pa adapte ankò ak reyalite demografik peyi sa a) olye yon sistèm ki baze sou kapitalizasyon. ki te ka pi adapte ak reyalite a. Men refòm sa a pa janm ka reyalize toutbon akoz yon fenomèn lòk sou sistèm ki la deja a.
Nan yon pwochen biyè sou menm dosye a, n ap antre plis nan fondèt teyori sa a kote nou pral gade koz fenomèn nan. N ap gade kèk ka kote otè sèvi ak kadraj sa a pou analize divès sitiyasyon, soti nan enstitisyon nou bezwen pou adapte nou a chanjman klimatik yo rive nan fason règ yo evolye lè se yon kominote ki ap jere resous natirèl yo.
NB: n ap pataje lyen Google Doc ki gen tout referans yo yon sèl kou, lè nou fini ak pwochen biyè a.