Pwòf AP pote yon lòt biyè tou cho pou nou sou teknik derivasyon enplisit la.

Li konn enteresan pou n gade ki chemen yon dlo ki soti nan tèt yon mòn pran pou l desann nan pye mòn nan. Se yon chemen ki fè S. Se paske dlo a ap chache pi bon pant la pou l desann. Lè n ap gade televizyon lè y ap bay bilten meteyo, nou ka petèt konn ap mande tèt nou ki jan prezantatè a fè konnen ki direksyon van an ap pran, oubyen kijan avyatè a fè konn ki direksyon pou l bay avyon an pou van pa ba l twòp pwoblèm. Enben se fonksyon enplisit yo k ap ede n konprann epi reponn tout kesyon sa yo.
Jeneralman fonksyon nou abitye kontre yo gen yon varyab ki depann de lòt la. Pa egzanp nan yon fonksyon ,
pote non varyab endepandan tandiske y pote non varyab depandan. Pou eksprime
ou bezwen
, yon ekwasyon konsa rele ekwasyon eksplisit. Lè n pran ekwasyon
se yon fonksyon eksplisit. Li byen fasil pou kalkile derive sa a ak derivasyon logaritmik nou sot wè pi wo a. Tandiske nan yon fonksyon y kote, tankou la,
, li pa fasil e li menm enposib pou ekri
tankou yon fonksyon ki depann de
sèlman. Tip fonksyon sa yo makònen varyab yo ki se
ak
nan yon relasyon nou rele relasyon enplisit. Yon relasyon konsa ka ekri sou fòm
kote
se yon eleman nan ansanm reyel yo,
. Sèl yon lojisyèl kalkil fomèl ki ka rive eksprime
jan nou bezwen an, men…ekspresyon an ap makawon.
Erezman li pa nesesè pou n eksprime kòm yon fonksyon ki depann de
aklè pou n kapab kalkile derive li. Depi tou de bò ekwasyon an derivab (depi derive a egziste), n ap annik derive chak bò yo apa. Tankou :

Nou dwe jwenn yon ekwasyon ki pemet nou izole (se sa jeneralman nou rele tire a). Nou dwe toujou sonje n ap derive
pa rapò ak
. Sa m sot di la a ka petèt pi klè si m aplike l sou ekwasyon ki pi wo a :

Rive nan pwen sa a, li enpòtan pou n raple w kèk ti detay sètènman nou te konnen deja. M vle pale de règ derivasyon fonksyon konpoze yo ak derive fonksyon ekspozan yo.
Si se yon eleman nan
epi
se yon fonksyon nou ka derive. Derive fonksyon
ka pa parèt evidan pou yon moun. N ap itilize nosyon sou derive logaritmik yo nou te wè nan biyè anvan an pou n fè sa parèt klè kou dlo kokoye pou ou.
Pou n kalkile derive fonksyon sa a, an n poze fonksyon an egal ak (
kote
) epi n ap pran logarit fonksyon
la.

Nou ka remake, nan kolòn derive logaritmik la, nou rive jwenn byen fasil fòmil jeneral derive fonksyon puisans (). Demonstrasyon fòmil bazik sa a souvan sèvi ak fòmil binom Newton nan, an jeneral pou ka kote ekspozan an se yon nonb antye. Men e si ekspozan an se yon fraksyon? Menm si fòmil binom Newton nan ka jeneralize pou ka ekspozan ki se fraksyon yo, nan fen biyè sa ou pral wè kòman byen fasil, gras ak derivasyon enplisit, nou ka jeneralize fòmil derive fonksyon puisans lan pou ka kote ekspozan an se yon fraksyon.
Kidonk, pou nou retounen

Pou ekwasyon nou gen pi wo a, sa ap bay :

Nou vin genyen

Donk, apre nou fin tire

Fonksyon yo rele fonksyon enplisit sa yo, jeneralman nou jwenn yo nan domèn sa yo : meteyowoloji, ayewodinamik, elektwonik, topografi, jeoloji, ekonomi, elatriye. Fonksyon sa yo detèmini yon fanmi koub yo rele liy nivo oubyen koub nivo, koub endiferans nan mikwoekonomi, koub izotèm, liy izoba, liy chan, liy kouran, suivan domèn y ap itilize yo a. Liy sa yo souvan pèpandikilè ak yon lòt fanmi koub ki se souvan sa nou konn pi bezwen an. Prefiks izo oubyen eki devan mo sa yo tradui yon koub kote grandè fonksyon an reprezante a gen menm valè a sou tout pwen ki fòme koub la.
Egzanp :
Izoba : koub ki endike tout pwen kote presyon an se menm bagay
Izotèm : koub ki endike tout pwen kote tanperati a se menm bagay
Ekipotansyèl : koub ki endike tout pwen kote potansyèl la se menm bagay
Pou yon tèmisyen konnen nan ki direksyon ekoulman chalè ap fèt li itilize koub izotèm yo. Fanmi koub ekoulman chalè a toujou pèpandikilè ak fanmi koub izotèm yo.
Si n konsidere de fonksyon sa yo :

Premye reprezante yon fanmi ipèbòl epi dezyèm nanreprezante yon lòt fanmi ipèbòl ki genyen dwat yo kòm asenptòt. Nou pral montre chak koub nan premye a pèpandikilè ak chak koub nan dezyèm nan.

Ekwasyon (1) an ak (2) montre nou nan chak pwen kote koub nan chak fanmi yo kontre, pant tanjant yo se opoze envès youn ak lòt. Nou te aprann si pwodui pant de dwat egal ak -1, de dwat sa yo pèpandikilè. ( Gade desen pi ba a.)

Jan nou te anonse sa a, ou kapab sèvi ak derivasyon enplisit pou ou demontre fòmil derivasyon fonksyon puisans lan ( ) valab menm lè ekspozan an se yon fraksyon (yon nonb rasyonèl ki pran fòm
, kote
se de nonb antye epi
). Ebyen, nan ka sa a, teknik la se defini yon fonksyon
, epi poze
. Konsa ou ka aplike fòmil derive fonksyon puisans lan sou chak manb pandan ou ap itilize metòd derivasyon enplisit lan. Sa w panse si w eseye?
Yon gran remèsiman ak chak grenn moun ki kontribiye pou fè edikasyon ekonomi pèp la nan lang pal.
Bontravay
J’aimeJ’aime
Mèsi pou kòmantè w la. Kontinye li blòg la.
J’aimeJ’aime