Wi ka non: strateji « ban m prèv » la pou andyoze ti fi nan Site Solèy

Lè yo site non Site Solèy yon kote, se pa toujou lide pozitif ki pase nan tèt nou. Se vre Site Solèy se yon bidonvil kote moun ap viv nan malsite, kote salè mwayen pa jou a mwens pase 1,25 USD pandan nan peyi a li se 2 USD, kote anpil moun ale nan peyi san chapo san yo pa gen chans depase laj 50 an, e kote vyolans (ladan gen vyolans sou fanm ak ti fi) ap fè kenken.

Guitele Rahill ak kèk lòt kolèg (Sabine Lamour nan SOFA ak Phycien Paul nan OREZON pami otè yo), nan yon atik syantifik ann anglè ki titre « Ban m prèv » ki soti an 2020 nan Journal of Aggression, Maltreatment & Trauma, raple nou poutan an 2019 Site Solèy te bay 93% to reyisit nan egzamen leta 9yèm Ane, plis pase anpil lot zòn ki gen plis resous pase l. Atik Guitele ak kolèg li yo raple tou pifò moun k ap viv la se moun pezib k ap feraye pou pran swen fanmi yo ak bay pitit yo yon avni, e edikasyon se youn nan opsyon yo parye sou li. Malerezman, plen obstak sou wout timoun yo, espesyalman ti fi, ki ka anpeche yo espere yon demen miyò. Youn nan obstak sa yo se lè ti fi tonbe ansent pandan adolesans yo. Atik la montre jan, menm nan ka kote yo te parèt dakò kouche ak mesye ki ansent yo a, an reyalite konsantman sa a konn byeze e kache gwo manipilasyon sikolojik.

Kesyon gwosès ti fi (gwosès anpil fwa ti fi sa yo pa t swete) pa konsidere kòm yon priyorite ann Ayiti. Epoutan, dapre otè atik tou nèf sa a, li ta dwe yon priyorite pou omwen 5 rezon. Premyeman, Ayiti pami 8 peyi ki afiche pi gwo risk pou ti fi mouri akoz gwosès oswa akouchman. Apre sa, gen anpil enfòmasyon ki manke sou sante (san bliye sante mantal) adolesan ann Ayiti. Twazyèmman, fanm ann Ayiti 4 fwa pi arisk pase gason pou yo soufri depresyon. Katriyèmman, 25% fanm ansent ak 20% fanm ki fenk manman yo nan monn lan konn soufri depresyon e adolesan ki soufri depresyon pi fasil touye tèt yo. Anfen, suisid se prensipal koz lanmò lakay adolesan mwens pase 19 an yo nan monn lan e 90% adolesan ki touye tèt yo nan monn lan se nan peyi ki a fèb revni oswa revni mwayen, tankou Ayiti, sa rive.

Kidonk ansent bonè kapab poze gwo risk pou sante fizik ak sante mantal ti fi yo, men tou se yon baryè ki ap bloke yo depi kounye a e konsa minen chans pou nou rive nan yon sosyete kote dwa moun respekte, sitou lè nou konnen se sitou fi ki pran swen timoun nan sosyete debalanse n ap viv ladan yo a. Atik Guitele ak kolèg li yo ekri a idantifye, apati yon seri entèvyou ak ti fi ki ansent oswa ak moun k ap pran swen yo nan Site Solèy, plizyè eleman ki favorize ti fi tonbe ansent bonè nan Site a. Gen nan yo nou te ka gentan devine, tankou konsekans Tranblemanntè 12 janvye 2010 la, povrete ak grangou oswa pwoblèm edikasyon seksyèl. Men faktè ki sandout pi frapan an (e pi chokan) nan sa yo liste yo se strateji « ban m prèv » la. Demach mande prèv sa a montre ki kalte gwo presyon sikolojik ti fi yo ap sibi ak jan mank matirite yo nan laj sa a rann yo vilnerab pou predatè seksyèl.

Prèske tout ti fi ansent otè yo te kesyone yo rekonèt « ban m prèv » alorijin ansent yo ansent bonè a. Bay prèv n ap pale a se yon veritab strateji mesye yo deplwaye pou jwe nan lespri ti fi yo, kote yo fè yo santi bezwen pwouve yo vyèj pou sove diyite yo. Mete sou sa, ti fi yo konn pa gen chwa vrèman, lè yo konnen se swa yo bay « prèv » la oubyen yo pran risk sibi yon kadejak. An menm tan, si yo « bay prèv » la twò rapid, yo pase pou ti cholin e nouvèl la gaye nan pwen pou lòt moun vin ap mande pa yo. Men yon ekstrè ki montre kòman pafwa di « wi » konn sèl opsyon ti fi sa yo genyen.

Lè yo di w « ban m prèv » la, si w kouri di non, mesye yo ap menase w, pi mal toujou, yo ka menm planifye yon kadejak sou ou pou pini w. Lè konsa yo di w ou do panse w se yon pil afè oswa w twò edike pou yo, oubyen yo di w ou bay tèt ou twòp enpòtans y ap fè w rete. Ou menm ki konn sa, ou kapab pè di non epi ou dakò menm kote a pou w kouche ak yo. Men, lè w fè sa, yo di w fasil e lè yo fini avè w, yo fè nouvèl la gaye di w se yon ti fi fasil, konsa pou lòt yo ka vin mande pa yo. Lè konsa ou pa vrèman gen lechwa. (Temwayaj yon ti fi 13 an)

Gen yon lòt temwayaj nou jwenn nan atik la ki pi twoublan toujou. Li montre jan adolesan yo kapab vilnerab e gen difikilte rekonèt yon seri tantativ pou manipile yo. Lè konsa, menm yo menm ka pa konsyan se abize yo te abize yo.

Nou sis la ap viv nan yon pyès kay e se atè nou dòmi. Yon jou swa, m pantan nan dòmi pou m jwenn gran frè m nan k ap manyen m, kifè m tonbe rele. Ti kay nou an tèlman kole ak lòt yo e pa vrèman gen fenèt. Gen yon vwazen ki tande nou tout k ap rele e li fè bri kouri frè m nan pèdi m. Tout moun tonbe rele m ras kabrit paske yo di se sèl kabrit ki kouche ak fanmi yo. Mwen m te konnen frè m nan pa t kouche m, men patnè ki t ap fè bri kouri a vin di m ba l prèv, konsa l ap di lòt moun yo se te yon fo rimè. M ale epi m pwouve l sa! Se li ki te pèdi mwen! Lè mwen di l mwen ansent pou li, li krache sou mwen epi li di, « Sot sou mwen, ras kabrit! Frè w la ki papa l!

Si strateji « ban m prèv » la efikas konsa, sa gen arevwa, jan otè yo souliyen sa a, ak edikasyon janre nou resevwa ki bay ti gason yo pouvwa e prepare ti fi yo pou yo vin sèvyab e konsa rann yo vilnerab. Pou dayè, jan Sabine Lamour te analize sa a, nou prepare fi yo pou vin poto mitan, pou yo wè tèt yo tankou yon resous ki adispozisyon lòt moun pandan gason yo yo menm pa gen kalte chay sa sou do yo. Jan yon ekstrè nan atik la raple sa, paran yo renmen di an palan de ti gason « Se ti kòk mwen genyen, zafè ti poul nan poulaye pa gade m ».

Atik Guitele et al. (2020) sa tonbe daplon, nan yon moman kote nou ap enkyete nou pou Grenadyèz nou yo apre gwo akizasyon ki sou tèt Prezidan Fédération Haïtienne de Football la (FHF). Nan ka Site Solèy la, atik la di yo estime 50-70% fi ak fanm ta ekspoze omwen yon fwa a vyolans seksyèl an deyò relasyon koup e se enpinite k ap fè lalwa. Pandan nou ap swete pou lajistis fikse responsablite yo nan dosye FHF la, n ap pwofite raple rasin pwoblèm sa yo fon e yo anpil. Okenn byennèt p ap posib toutan leta ak tout sosyete a pa deside koupe fache ak sitirans, konbat enpinite, bay viktim yo akonpayman epi atake pwoblèm nan nan rasin.

2 réflexions sur “Wi ka non: strateji « ban m prèv » la pou andyoze ti fi nan Site Solèy

  1. Bèl atik. M pran li l menm jan ak atik sou rankont ak doktè Lalime nan. Men m gen yon gwo pwoblèm ak paragraf sa a:

    Si strateji « ban m prèv » la efikas konsa, sa gen arevwa, jan otè yo souliyen sa a, ak edikasyon janre nou resevwa ki bay ti gason yo pouvwa e prepare ti fi yo pou yo vin sèvyab e konsa rann yo vilnerab. Pou dayè, jan Sabine Lamour te analize sa a, nou prepare fi yo pou vin poto mitan, pou yo wè tèt yo tankou yon resous ki adispozisyon lòt moun pandan gason yo yo menm pa gen kalte chay sa sou do yo. Jan yon ekstrè nan atik la raple sa, paran yo renmen di an palan de ti gason « Se ti kòk mwen genyen, zafè ti poul nan poulaye pa gade m ».

    M vrèman pa wè plas li nan koze a. M remake moun ki gen tandans feminis yo toujou renmen chache foure kesyon jan an nan prèske tout refleksyon yo. M pran anpil tan reflechi pou m pa di se.yon obsesyon.

    Jan m di a, paragraf sa a pou mwen menm se tankou yon po magi nan yon bèl vè ji.

    Aimé par 1 personne

    1. Mèsi pou kòmantè w la. M panse nan atik la, « jan » se yon linèt ki pèmèt otè yo esplike e antisipe reyalite y ap obsève a. « Jan » an kòm linèt pwouve pètinans li deja atravè anpil analiz anpirik ki fèt, kidonk sa pa pwoblèm si otè yo chwazi baze sou li pou rezone. Kounye a, èske se sèl linèt posib pou konprann reyalite fanm ak gason? Èske se li ki pi pètinan pou konprann vyolans ak vyolans sou ti fi nan Site Solèy? Sa m pa ka reponn li, men sandout gen lòt apwòch ak lòt kad analiz ki egziste.

      J’aime

Votre commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l’aide de votre compte Twitter. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s