Jouk nan ane 2000 yo, youn nan bagay ki te plis domine espesyalis edikasyon nan monn lan se pwoblèm al lekòl la. Te gen twòp timoun sou planèt la ki pa t ka al lekòl. Peyi tou patou te pran gwo angajman, fè gwo pwomès, siyen gwo akò pou rekonèt edikasyon pou tout moun se yon minimòm pou devlopman kèlkelanswa peyi a. Vrèmanvre, te gen gwo pwogrè ki te rive fèt nan sans sa a. Pa egzanp, Nasyonzini rapòte an 2014, nan bilan li t ap fè sou Objektif Milenè pou Developman yo, soti 2000 rive 2012 pousantaj timoun ki frekante lekòl primè nan peyi an devlopman yo soti nan 83% monte nan 90%.
Gen anpil defi ki rete pou leve toujou nan kesyon aksè a, nan peyi tankou Ayiti jiska prezan sou chak 100 timoun nan entèval 6 rive 9 lane, gen 21 ki pa ka al lekòl. Menm si sa, mondyalman, ni ann Ayiti tou, pwogrè ki fèt nan zafè pousantaj timoun (ak ti fi) ki gen chans al lekòl se bagay ki ankourajan. Malerezman, prèske nan menm peryòd la espesyalis yo t ap pral reyalize gen yon lòt pwoblèm ki grav menm jan ak pa ale lekòl la: pwoblèm aprantisaj la. Sa yo dekouvri, li pa sifi pou timoun al lekòl oswa ka al lekòl. Timoun ka bouke jwenn lekòl epi yo pa met pye (pwofesè yo tou fò nan bay ratman). Pi tris toujou, yo ka bouke met pye lekòl la, epi yo pa aprann anyen.
Esther Duflo ak Abhijit Banerjee, de « pri Nobel ekonomi » resan resan, te rapòte nan liv Repenser la pauvreté yo a (Repanse povrete) ki te soti an 2011, yon to absanteyism pou timoun yo ki ant 14 ak 50% atravè monn lan. Yo al pi lwen. Yo rapòte rezilta chokan yon ONG ann End ki rele Pratham te jwenn nan sa ki gen pou wè ak sa timoun yo aprann tout bon sou ban lekòl yo. Sou 700 000 elèv Pratham te evalye o aza, 35% nan sa ki te gen ant 7 e 14 an yo pa t menm ka li yon paragraf byen senp, 30% sèlman te ka fè yon senp kalkil aritmetik. Rezilta nan lòt peyi an devlopman prèske ale nan menm sans lan. O Kenya, yon ankèt te revele 27% timoun 5yèm ane primè yo pa t ka li yon paragraf senp ann angle, 23% pa t ka li youn an kiswahili, 30% pa t ka fè yon divizyon byen senp. Nan peyi Pakistan, toujou dapre otè yo, 80% timoun twazyèm ane fondamantal pa t ka li yon paragraf nivo premye ane. Duflo ak Abhijit menm oblije mande tèt yo èske lekòl pa finalman fè timoun yo bliye menm sa yo te konnen deja, tankou konpetans kalkil anpil nan yo ka te devlope lakay nan ede paran yo kenbe boutik fanmi an? Antouka, tout chif sa yo aprann nou yon bagay, mennen koulèv la lekòl se youn, fè l chita se de, fè l aprann se twa.
Kesyon lang nan, mete sou pedagoji ak anviwònman ki pa adapte, vin konplike sitiyasyon an plis toujou, e egzanp Ayiti a montre sa. Anpil travay syantifik ak rekòmandasyon ofisyèl atravè monn lan souliyen enpòtans lang matènèl pou yon bon aprantisaj lekòl. Malerezman, Ayiti, kote pi fò timoun se kreyòl ki lang matènèl yo ak lang yo itilize chak jou nan tout sa y ap fè, lekòl itilize yon lang ki depaman ak reyalite y ap viv la. Nan rapò 2005 Education For All la (Edikasyon pou tout moun), yo te esplike aprann timoun yo nan yon lang yo pa konnen oswa pa metrize, se tankou mande yon moun fè yon travay san w pa ba l zouti pou sa. Imajine w ki dwe klouwe yon klou nan mi ak de men w de pye w, san ni mato ni wòch. Metòd yo itilize Ayiti a, kote kou, egzamen, eksetera ap fèt an franse oswa nan yon melanj pokofonik franse-kreyòl pandan timoun yo se kreyòl yo pale e konprann pi byen, pa fouti efikas. E se pa pawòl an lè. Gen omwen 2 seri rezilta nan rechèch syantifik ki fèt ann Ayiti ki montre fè lekòl an kreyòl t ap bay pi bon rezilta pase fè lekòl an franse (ceteris paribus). Yon premye kategori konsène aprantisaj timoun nan primè. N ap pran 2 rechèch kle ki konpare pèfòmans nan lekti timoun ki aprann an kreyòl ak pa timoun ki aprann an franse. Apre sa, gen rechèch tou ki montre menm pou matyè ak konsèp wo nivo nan matematik oswa nan syans nan nivo segondè, kreyòl la bay pi bon rezilta.

Nan nivo primè, youn nan bèl eksperyans yo rapòte se eksperyans Lekòl Matènwa a. Se yon lekòl nan Lagonav ki pran plezi nan inove pou rezoud yon seri defi – n ap tou pwofite souliyen efò yo fè pou entegre timoun kokobe (andikape). Kòm yo chwazi fè kou yo an kreyòl pou timoun yo, youn nan defi yo te dwe leve se jwenn liv pou timoun yo fè lekti an kreyòl. Ebyen ki solisyon yo jwenn? Yo fè timoun yo ekri pwòp liv yo an kreyòl apati ti istwa timoun yo ankò kreye oswa adapte!
Nan yon atik (ak tou yon rapò pi detaye) li pibliye an 2016, Michel DeGraff, nan MIT, konpare nan lane 2012-2013 pèfòmans timoun Matènwa (premye ak dezyèm ane) ak pa timoun nan 5 lòt lekòl ki nan zòn nan e ki itilize metòd tradisyonèl ki baze sou franse a. Li sèvi ak yon enstriman ki rele Early Grade Reading Assessment (EGRA), ki se yon pwodui anpil spesyalis nan edikasyon itilize pou evalye kapasite lekti, konpreyansyon tèks alekri ak aloral. DeGraff jwenn 2 kategori rezilta. Yon premye kategori montre elèv Lekòl Matènwa yo pi pèfòman, afiche yon skò medyan ki pi wo pase pa elèv ki pa nan Lekòl Matènwa yo, pou yon menm nivo. Nan ane ki vin apre a (2013-2014), apre yo fin eseye menm apwòch Lekòl Matènwa a nan lòt 5 lekòl yo, yo jwenn pèfòmans elèv lekòl sa yo nan lekti vin amelyore (sa ki nòmal) nan pwen pou yo vin pwòch pèfòmans elèv ki nan menm nivo ak yo nan Lekòl Matènwa (sa ki pa t kon sa avan). Kidonk, lekòl ki pa t santre pedagoji yo a sou kreyòl (ak aprantisaj aktif) te nonsèlman an reta nan pèfòmans lekti pa rapò ak Lekòl Matènwa, men apwòch Matènwa a te pèmèt yo ratrape nan reta yo a. Sa ki frapan ankò, Christine Low (ki se youn nan moun ki panse inisyativ Lekòl Matènwa a e ke m te gen plezi rankontre yon fwa) te esplike jan aprantisaj an kreyòl la pa t ditou anpeche elèv yo fè nòt pou franse nan egzamen leta…
Yon ti jan pi pre nou, an 2020 an, gen yon rechèch Guzmán ak kèk kolèg pibliye nan jounal Reading Research Quaterly, ki jwenn rezilta ki ale nan menm san ak pa DeGraff yo, ann Ayiti. Apati yon echantiyon 1189 elèv premye ane o aza (632 nan yo te sèvi kòm gwoup referans pou fè konparezon yo) nan 94 lekòl katolik Gonayiv ak Okap, otè sa yo teste efikasite yon pwogram lekti an kreyòl pou devlope kapasite lekti timoun yo. Gwoup referans lan menm te kontinye nan metòd tradisyonèl la (ki priyorize franse). Yo itilize menm zouti EGRA a pou teste 8 konpetans nan lekti lakay timoun yo (ladan yo genyen kantite lèt pa minit, kantite son pa minit, eks.). Analiz statistik yo fè montre nan fen premye ane a gwoup ki te suiv pwogram lekti an kreyòl la siyifikativman pi pèfòman nan lekti pase gwoup referans lan pou 6 kategori konpetans sou 8 sa yo te teste yo. Nan fen dezyèm ane fondamantal la, menm penpenp lan, te gen yon diferans pozitif e siyifikatif pou 6 nan konpetans lekti yo. Analiz regresyon ki fèt yo montre pwogram an kreyòl la pou bokou , e siyifikativman, nan diferans pèfòmans sa yo.
Yon moun ta ka di se pou timoun piti sèlman sa kenbe. Pou konsèp wo nivo ki gen pou manyen nan klas segondè yo, kreyòl la ka plis yon andikap pase yon avantaj. Se mòd prejije sa yo dayè anpil moun genyen sou kreyòl, yo pa kwè li kapab fè lasyans, pale matematik, devlope konsèp. Poutan se pa sa rechèch yo montre.
Anplis travay ki fèt nan lòt peyi ki montre konsèp yo pi byen pase lè yo anseye yo nan lang matènèl, gen yon tèz doktora Behrmann pibliye an 2018 ki montre klèman avantaj yon ansèyman matematik ak syans an kreyòl nan nivo segondè, soti nan klas 7yèm ane fondamantal rive nan filo. Otè a esplike yo te prezante menm kou a an franse bay yon gwoup an kreyòl epi bay yon lòt gwoup nan chak klas, ni pou matematik ni pou syans. Tout sa fèt nan yon lekòl ki pran fi sèlman nan depatman Lwès la, ak 139 elèv. Chak klas te separe o aza an 2 gwoup. Anvan kou a, gwoup yo te pase yon egzamen an rapò ak konsèp yo pral prezante yo a pou teste kisa yo konnen deja. Rezilta yo montre tou de gwoup yo te demare ak menm nivo konesans, pwen yo te fè nan ti tès demaraj la pa t siyifikativman diferan. Poutan, apre sa, tès yo fè yo sibi nan fen kou a revele elèv ki te suiv kou a an kreyòl yo pi byen konprann kou a e fè plis pwen pase gwoup ki te suiv li an franse a, ni pou matematik ni pou syans (sof nan de ou twa klas, nan chak ka).
Men pati ki pi enteresan nan travay Behrmann nan, se petèt pati kalitatif la. Malgre elèv sa yo konnen e konstate yo pi byen konprann nosyon yo an kreyòl, malgre yo rekonèt se lang sa yo konprann pi byen, se li yo pale lakay yo (e pou anpil nan yo se sèl yo ki ka pale franse lakay yo), yo rete kwè se franse ki ap ba yo plis chans reyisi. Analiz kalitatif la montre tou fonksyònman lekòl la menm, jan pwofesè yo wè e trete tout moun ki eseye pale kreyòl, tout sa yo kontribye nan devalorize lang kreyòl la nan je elèv yo, malgre elèv yo rekonèt si kou yo te fèt an kreyòl yo t ap konprann pi byen.
Menm si m p ap di anyen entèlijan an franse, pale m pale l la gentan fè m pase pou yon moun entèlijan, gen pwofesè ki p ap menm di m ki lè l ye si m adrese yo an kreyòl, m pa menm bezwen imajine kòman sa ye nan nivo inivèsite. » (Yon elèv reto)
Men temwayaj ki petèt pi frapan an, e se li nou site nan tit biyè sa a, se pa yon elèv ki di paran l yo se pou sa menm yo voye l lekòl, pou l aprann franse…
« Se poutèt sa menm yo voye m lekòl, pou m ka aprann franse. » (Yon elèv setyèm ane)
Se kòm si aprann lòt bagay yo te mwens enpòtan pase aprann franse. Petèt nan lekòl Ayiti a, lòt aprantisaj yo pa t janm enpòtan vre. Si yo te enpòtan, yo t ap fèt an kreyòl. Paske jan etid nou te prezante yo ak anpil lòt montre sa, pa gen pi bon lang pase lang manman pou aprantisaj toutbon rive fèt. Lekòl Ayiti pa ka kontinye fè timoun yo gaspiye 13 lane nan lavi yo pou yo ka (mal) aprann pale franse. Yon peyi tèt an wo p ap posib ak modèl lekòl tèt an ba sa a.
Wi, ou ka jwenn lis tradiktè yo. Ou ka relem nan 509 49448088. Trdiktè yo gen yon gwoup whatsapp ki rele Ana kileve a. Yo se bon tradiktè. Tankou mwen, mwen tradwi yon gwo liv anglè an kreyòl, liv la rele :Daughter of the time. An kreyòl Pitit fi epók la. Mwen tradwi espanyól tou an kreyòl, fransè se pa pale. Menm poezi nou aprann tradwi. Gen yon liv nou korije tradiksyon li ki popilè nan vil Paris, li rele Yon nèg Apa.
J’aimeJ’aime
Mwen panse fòk nou kómanse fè tradwi yon seri dokiman nan lang kreyòl. Oganizasyon leve fin fòme plizye tradiktè literè nan nivo mastè, pèsonn pa mande yo kisa yo gen pou vann, mwen se yonn nan yo. Fók nou aji plis epi pale mwens pou pari sa ka reyisi.
J’aimeAimé par 1 personne
Mèsi pou kòmantè w la. Mwen konnen MIT-Ayiti toujou ap chèche bra pou pote kole nan batay l ap mennen an, nan pwodui plis resous ak dokiman an kreyòl. Petèt ou ka fè yon ti vizite sit yo a (https://mit-ayiti.net/). Èske li ta posib pou m gen aksè a lis tradiktè sa yo LEVE te fòme a? Petèt li t ap enteresan tou si yo met tèt yo ansanm, depi sa posib, pou vann oswa ofri konpetans yo a.
J’aimeJ’aime