Ide santral biyè sa a: Se rasyonalite nou kòm konsomatè ak valè nou bay kèk pwodui an fonksyon bidjè nou ki esplike jan nou reyaji lè pri pwodui yo chanje.
Anpil nan nou abitye tande pale de lwa òf ak demann. An jeneral, yo prezante l tankou se te yon prensip natirèl ekonomi an. Menm jan pezantè fè depi w lage yon woch l ap tonbe desann nan, se konsa ta sanble depi pri byen yo (oswa pwodui yo) chanje, kantite yo ofri ak achte nan byen sa yo ap chanje tou, swa nan menm sans ak pri a (nan ka òf la) swa nan sans kontrè a (nan ka demann nan). Jodi a n ap konsantre sou lwa demann nan sèlman.
Dapre lwa demann nan, an tou ka nan vèsyon senp li a, nou atann nou depi pri yon pwodui monte, moun ap gen tandans achte l mwens. Konbyen fwa w al nan makèt pou w al achte yon pwodui epi finalman ou pa achte l paske w dekouvri pri a ogmante ? Men kon sa tou, gen bagay nou konn sezi wè plis yo chè, se plis moun achte yo. Gen 2 ka. Premye ka a gen pou wè ak sa yo rele byen Veblen yo (byen liks, pou fè wè). Nou p ap pran egzanp iPhone nan, Donia Luc ofri nou dènyèman, sou paj Facebook li, yon egzanp ki pi ayisyen e ki pouse nou reflechi: ka paran ki ap chèche lèt ki pi chè a pou yo achte pou pitit yo, menm lè gen lòt lèt ki pa chè ki ka fè menm travay la. Nan ka sa se kapab paske nou ann afè ak yon byen Veblen oubyen paran yo ka sensèman panse plis lèt la chè se plis li bon kalite.
Byen Veblen yo vyole lwa demann nan, nou p ap analize yo jodi a. Gen yon lòt sitiyasyon ki vyole lwa demann nan, se byen Giffen yo. Yo menm tou, lè pri a ogmante, konsomasyon yo ogmante tou, vise vèsa. Men rezon ki fè sa se pa paske se yon pwodui liks non, youn nan rezon yo kapab akoz se yon pwodui nesesite. Yon egzanp klasik, se pen. Marshall te fè lojik sa kon sa nan epòk 1890 yo: si pri pen an ogmante, moun yo oblije achte mwens nan lòt pwodui tankou vyann, e kòm pen an toujou sa yo ki pi fasil pou jwenn nan, olye yo konsome l mwens lè pri a ogmante yo vin konsome l plis toujou. Nan liv Repenser la pauvreté a, yon liv nou pale souvan de li isi a, Duflo ak Banerjee dekri yon etid Robert Jensen ak Nolan Miller te fè kote yo te sibvansyone manje de baz (ble nan yon ka, diri nan lòt ka a) moun yo nan de rejyon an Chin. Sibvansyone yon pwodui se tankou w te bese pri l. Otè yo dekouvri, olye moun yo konsome plis ble, plis diri (etandone pri pwodui sa yo bese), yo vin konsome pwodui sa yo mwens epi yo vin lage nan manje kribich ak vyann! Sa se yon vyolasyon lwa demann nan jan nou abitye tande l la, e nan biyè sa nou pral wè pi an detay kòman nou ka esplike paradòks sa a.
Men sa ki pi frapan toujou, malgre ti eksepsyon sa yo, se jan ekonomi an an jeneral suiv tandans lwa demann nan. Ou mèt tande sa w tande, pou anpil pwodui, depi pri a monte (twòp), moun yo ap achte l mwens. Ki « men » k ap dirije bagay sa? Poukisa gen pwodui lwa demann nan mache pou li epi gen lòt ki pi wondonmon? Ki sa teyori ekonomik lan ka aprann nou sou sa? Nan biyè sa nou pral eseye bay yon repons kout, san trasaj koub ak matematik (n ap rezève yon biyè espesyal pou sa).
Gen 2 eleman nou dwe reyini pou nou konprann ki sa ki pouse moun yo chanje konpòtman yo nan yon sans oswa yon lòt lè pri pwodui yo chanje. Premye a se yon seri ipotèz sou jan nou reflechi ak fonksyone. Nan yon biyè anvan sa, nou te esplike teyori modèn konsomatè a gen 4 pilye: ansanm konsomasyon, ansanm reyalizab, preferans, prensip k ap gide konpòtman konsomatè a. Chak pilye sa yo gen yon seri ipotèz senp (e ki pa pi strik pase sa lè w byen gade) yo fè sou yo pou yo modelize konpòtman nou antanke konsomatè. Se pa yon bagay ki fasil ditou, lè w konnen jan moun konplike. Ebyen ekonomis yo rive leve gwo defi sa a (e yo jwenn anpil kritik tou, paske gen moun ki twouve ke ipotèz yo fè yo twò senp oswa twò strik, ke moun pi konplèks pase sa). Nou te fè deba sa deja, e nou te wè ipotèz yo pa oblije reyalis, boutanfen sa ki konte se èske teyori a ede nou konprann e predi sa k ap pase nan reyalite a. Ebyen wi, nan ka ki enterese nou an, teyori konsomatè a pèmèt nou konprann, mezire epi predi konpòtman konsomatè yo an jeneral, malgre divèsite konpòtman sa yo.
Pou ekonomis yo rive fè sa, nou te di yo fè yon seri ipotèz sou jan nou reflechi kòm moun, kòm konsomatè. Yo gen pou wè ak sa nou prefere (preferans nou). Gen 5 an tou, yo rele yo aksyom. An gwo, men sa yo di:
- Nou toujou konn sa nou vle: si yo pran yon pil pwodui met adwat nou, epi yo met yon pil lòt agoch nou epi yo mande nou chwazi, n ap toujou kapab di si nou pi pito youn pase lòt oswa si nou renmen yo menm jan (si nou pa gen preferans).
- Preferans nou yo lojik (yo tranzitif): si nou pi renmen fig pase ponm, epi nou pi renmen ponm pase kachiman, n ap lojikman pi renmen fig pase kachiman.
- Preferans nou yo kontini: nan menm egzanp dwat-goch la, sa vle di si nou pito pil pwodui ki agoch la pase sa ki adwat la,nenpòt lòt pil pwodui yo ta montre nou ki prèske menm jan ak sa ki agoch la, n ap pi pito l tou pase sa ki adwat la. Yon lòt fason nou ka di sa, se chanjman preferans yo pa brital, nou ka toujou imajine kèk etap entèmedyè.
- Nou pi pito gen plis pase nou gen mwens. Tankou, moun ki konn fè kòlè pa pran yon bagay y ap fè yo kado akoz ògèy yo pa koresponn ak pwofil sa…Aksyom sa di, plis djakout nou chaje, se plis nou kontan.
- Anfen, dènye aksyòm nan di nou renmen divèsite, nou renmen melanje byen yo, nou pi pito gen yon ti kras nan chak pase pou nou gen yon gwo kantite nan yon sèl grenn pwodui.
Tout pale sa yo se jis pou di nou koyeran nan chwa n ap fè yo. Ipotèz 4 la ak 5 lan, pafwa yo konn neglije yo, yo pa endispansab, men yo itil kanmèm. Ebyen maji teyori ekonomik lan opere lè li rive apati 5 ti aksyom sa yo sèlman dedui yon lwa jeneral sou konpòtman konsomatè yo an jeneral. Lwa sa a parèt sou fòm yon ekwasyon ki rele « Ekwasyon Slutsky » ke yo konn bay ti non « Ekwasyon fondamantal teyori demann lan ». Men kòm nou te pwomèt zewo ekwasyon pou biyè sa a, n ap prezante li yon lòt fwa. Men menm si sa, ekwasyon sa, lè ou aplike li pou yon grenn pwodui, pèmèt nou antre nan kè sa ki opere sou mache yo lè pri yon pwodui chanje. Li pèmèt nou antre anndan motè a pou wè sa k pase lè vitès la chanje. Sa ap tou mennen nou nan dezyèm eleman nou bezwen pou nou konprann pouki lè pri pwodui yo chanje moun yo achte plis oswa mwens nan pwodui sa a.
Ekwasyon Slutsky a aprann nou de bagay. 1) Li di nou gen 2 fenomèn ki pase lè pri yon pwodui chanje: yon efè sibstitisyon oswa efè ranplasman, ak yon efè revni oswa efè richès. 2) Efè total la se konbinezon oswa adisyon 2 efè sa yo. An nou pran ka kote pri yon pwodui bese. Pa egzanp, pri diri ta bese. Pandan pri mayi ret stab. Anvan chanjman pri a, m te nan yon nivo satisfaksyon, pafwa m t achte mayi pafwa m t achte diri, men m te toujou fè chwa k ap fè kè m pi kontan an nan limit mwayen m pèmèt mwen. Pou mwen, mayi ka ranplase diri, menm si m pi renmen diri, se sa k fè m te konn achte mayi pafwa, sitou li pa chè konpare ak diri a. Kounye a, m aprann pri diri a bese. San di petèt sa pral pouse m depataje bidjè m yon lòt jan ant mayi ak diri. Pa egzanp, m ka deside m ap ralanti sou mayi a pou m ka achte plis diri. Ebyen, atravè efè ranplasman an, bese pri diri a bese a, m ap kapab ranplase mayi a pa plis diri san sa pa chanje nivo satisfaksyon m te gen avan an.
Men sa pa rete la, gen yon dezyèm fenomèn ki pase: efè richès la. Bese pri diri a bese a, se tankou m vin santi m pi rich, se tankou bidjè m te ogmante yon sèl kou. M ka itilize mwens kòb pou m achte menm kantite diri m te konn achte anvan an, ki donk se tankou m vin ret yon kòb anplis e ak kòb anplis sa a, m ka deside achte plis diri toujou (konsa tou m te gendwa deside itilize kòb anplis la pou m achte vyann pitom tankou jan sa te fèt nan eksperyans an Chin nou te site a. Malgre m renmen diri, men si m te gen anpil kòb, m te ka manje l mwens e pwofite fè tèt mwen plezi ak lòt bagay tankou vyann, oma, elt. Ki donk, gen de opsyon posib pou efè richès la.
Yo rive demontre matematikman efè ranplasman an ap toujou negatif (oswa nil). Ki vle di, otomatikman pri yon pwodui bese, pou m kenbe menm nivo satisfaksyon anvan an, m ap gen tandans achte plis nan pwodui a, visevèsa. Kanta pou efè richès la, pa gen règ pou li. Sa pral depann si byen sa moun gen tandans konsome l plis oswa mwens lè yo gen plis kòb nan men yo. Pou anpil pwodui, pwodui, si revni nou ogmante, n ap konsome yo pi plis. Yo rele yo byen nòmal. Pou byen sa yo, efè richès la ap negatif, sa vle di lè pri yo bese sansasyon richès la ap pouse w achte plis nan yo. Men gen lòt pwodui ki depi w santi w pi rich, ou pa twò anvi konsome yo ankò, sa ka menm rive ou vin konsome yo mwens malgre ou gen plis kòb. Yo rele yo byen enferyè (byen yo rele byen Giffen yo se egzanp byen enferyè). Konsekans, pou byen sa yo, efè richès la pozitif. Anvan nou konkli, an nou fè yon sentèz rapid pou nou wè kote nou ye.
Dapre Slutsky, lè yon pri chanje sa gen 2 efè sou demann lan: yon efè ranplasman ak yon efè richès. Efè total la se adisyon de efè sa yo. Efè total=efè ranplasman+ efè richès. Nou te wè efè ranplasman an toujou negatif. Nou te wè apre sa, efè richès la ka negatif lè se yon byen nòmal, konsa tou li ka pozitif lè se yon enferyè. Nan ka se yon byen nòmal, efè richès la ki negatif pral ajoute sou efè ranplasman an ki li menm tou negatif. Ki donk efè total la ap negatif. Yon efè total negatif vle di lè pri a ogmante kantite yo konn achte ototal nan pwodui sa ap bese, menm jan tou lè pri a bese kantite yo konn achte ototal nan pwodui a diminye. Sa se egzakteman, lwa demann tou tan yo konn ap repete a. Men nan ka kote se yon byen enferyè, kòm efè richès la ap pozitif pandan efè ranplasman an toujou negatif, efè total la ka negatif si efè ranplasman an pi fò, konsa tou li ka menm rive pozitifi si efè richès la pi fò pase efè ranplasman an. Lè dènye sitiyasyon sa rive, nou an fas yon ka etranj kote moun ap achte yon pwodui pi plis toujou alòske pri pwodui sa ogmante, oswa yo achte l mwens alòske pri pwodui sa bese. Pwodui sa yo an jeneral se razè ak nesesite ki fè moun achte yo.
Pou nou konkli, lwa demann lan reyèl e li posib pou nou demontre l matematikman. Li se rezilta koyerans ak rasyonalite nou konn afiche nan preferans nou yo (ou mèt tande sa w tande), ak jan nou konsidere yon seri byen lè revni nou ogmante: èske se yon byen nou konsome paske nou razè sèlman oswa èske se yon byen n ap kontinye konsome menm lè bidjè nou ogmante? Kidonk, koze depi pri a ogmante moun ap achte pwodui a mwens lan, nou ka garanti l sèlman pou byen nòmal yo. Kanta pou byen enferyè yo, sa ka rive nou achte yo mwens sa ka rive nou achte yo plis lè pri yo ogmante. E analiz sa yo ka trè pètinan nan peyi tankou Ayiti. Lè lavi a vin pi chè, nou pa dwe kouri konkli moun yo konsome mwens nan pwodui premye nesesite yo. Sa ka menm rive yo konsome plis. Men lè kon sa, sa gen konsekans sou lòt pwodui yo te petèt konn konsome pou bon plezi oswa paske yo bon nan bouch. Se rechèch ki pou di nou jan sa ye.
3 réflexions sur “Lwa demann, lèt bebe ak lòt jimnastik”