Sous : Atik sa se tradiksyon e adaptasyon (san otorizasyon) yon ankadre nan liv sa a: Pindyck, R. S., & Rubinfeld, D. L. (2005). Microeconomics. New Jersey: Perason Education. Inc. Upper Sadle River. Li aplike de nosyon nou te prezante dènyèman, efè ranplasman ak efè richès, a yon sitiyasyon konkrè: komès entènasyonal la ak deba sou neyoliberalism lan.
Premye janvye 1989, Akò Lib-Echanj (ALE) ant Kanada ak Etazini an te kòmanse aplike. Akò sa a, ki kwape tarif ladwàn yo epi retire nan baryè ki pa sou fòm tarif yo, te gen kòm objektif pou li ankouraje komès ant 2 peyi sa yo. Epi, janvye 1994, akò a vin layite kò li lè Kanada, Etazini ak Meksik siyen Akò Lib-Echanj Nò-Ameriken an (ALENA) e konsa vin kreye pi gwo zòn lib-echanj nan monn lan. Depi lè sa a, Kanada siyen yon bann ti akò menm jan an ak peyi tankou Kore, Kostarika, Chili, Izrayèl e travay sou ratifikasyon Zòn Lib-Echanj Amerik yo (ZLEA), ki ta gen pou rasanble nenpòt 34 peyi nan Amerik di Nò, Amerik Sid la, Amerik Santral ak Antiy yo (sof Kiba). Kit se o Kanada oswa nenpòt lòt kote nan mond lan, akò komès sa yo toujou fè gwo tole. Opozan liberalizasyon komès entènasyonal la renmen di akò sa yo gen move konsekans (sou salè moun ap touche, sou anviwònman an, elatriye) e poutèt sa yo ta dwe evite yo.
Deba sa gen anpil koze ki melanje ladan. Men, koze efè sibstitisyon (efè ranplasman) ak efè revni (efè richès) yo ka ede nou pote yon ti limyè sou konsekans akò komès sa yo ka genyen. Kòm akò komès sa yo mache ak eliminasyon tarif ladwàn yo ak lòt baryè komèsyal yo, sa finalman fè pri pwodui enpòte yo bese. Kidonk akò sa yo nan avantaj tout konsomatè peyi ki siyen yo. Men, tout sa ki bon pou yonn (konsomatè yo) ka pa bon pou yon lòt (pwodiktè yo). Vrèmanvre, dèske tout baryè sou fwontyè kaba, antrepriz lokal yo oblije vin antre nan konkirans dirèk ak pwodiktè lòt peyi ki siyen akò a, ki yo menm gen dwa ka pwodui menm pwodui a pandan yo depanse mwens. Ki fè, gen antrepriz lokal ki gen dwa pa ka kenbe konpa a, nan pwen pou finalman yo fè fayit , fèmen pòt yo epi kon sa lage yon bann travayè nan chomaj.
Eksperyans ALE a ak eksperyans ALENA a montre vrèman vre anpil antrepriz Kanada pa t rive fè fas kare ak defi liberalizasyon an epi yo te oblije fèmen pòt yo. Konsekans sa liberalizasyon an konn genyen an, sa ki rele efè ranplasman an pèmèt nou konprann li paske an reyalite sa ki pase, anpil konsomatè kanadyen chwazi konsome pwodui enpòte yo pito nan plas pwodui lokal yo paske pwodui enpòte yo vin pi ba pri. Efè ranplasman sa a, medya yo renmen li anpil, pi souvan se agiman sa a opozan liberalizasyon yo mete devan. Epoutan, menm si efè sa egziste tout bon, gen yon lòt efè ki se efè richès la ki souvan mache ansanm ak li.
Ebyen, sa ki pase, kòm pwodui enpòte yo vin pi ba pri pase pwodui lokal yo, konsomatè yo vin santi yo pi rich, se tankou yo te fè ekonomi parapò ak depans yo abitye fè. Teyori ekonomik lan ak eksperyans ki fèt nan reyalite a montre lè moun yo santi yo vin pi rich kon sa (kit se paske lavi chè a bese oswa paske yo vin gen plis lajan), ebyen yo gen tandans konsakre ti lajan anplis yo santi yo genyen an nan achte pwodui ki gen yon elastisite-richès ki wo [sa vle di pwodui moun ki gen lajan renmen konsome] tankou ale nan restoran, pran plezi, oswa pran swen tèt yo plis. Se kon sa, antrepriz lokal ki ap vann pwodui sa yo, vin fè plis lavant epi vin kapab KREYE nouvo djòb, kontrèman ak lòt efè talè a [efè ranplasman an] ki te fè moun pèdi djòb yo.
Konsekans sa nou fenk sot wè a la se pa yon envansyon, li egziste menm jan ak konsekans efè ranplasman an, sofke medya yo prèske pa janm pale sou li paske fòk ou fouye zo nan kalalou pou ou rive wè li. Ki fè, si yon moun se efè ranplasman an sèlman ou gade, sa ka fè ou fè erè nan analiz ou a. Fòk ou tcheke tou de efè nou sot wè yo, paske lè sa a ou ap ka fè yon analiz ki pi konplè sou veritab konsekans akò komès san baryè sa yo genyen.