Kòman dyaspora a ka ede Ayiti? (Podcast)

Nan mitan semèn 5 jiyè 2020 an, dezyèm epizòd Kreyonomi Podcast la te lage. Ladan, nou chèche reponn kesyon sa: Kòman dyaspora a ka ede Ayiti? Ou ka koute l la si w pa ko fè sa.

S02E03- Dwòg ak depandans : Loly Jacques ap enfòme nou Kreyonomi podcast

Vin koute Loly Jacques k ap pale sou dwòg. Enfòmasyon nan bon ti mamit. Loly Jacques gen yon fòmasyon an rapò ak toksikomani epi li gen eksperyans nan akonpaye moun ki gen pwoblèm depandans. — Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/kreyonomi/message
  1. S02E03- Dwòg ak depandans : Loly Jacques ap enfòme nou
  2. S02E02 – Tamas Jean Pierre: klas sosyal ann Ayiti (Pati 2)
  3. S02E02 – Pitit sòyèt, klas mwayèn, boujwazi: kisa diskou sou klas sosyal ann Ayiti yo aprann nou? (Pati 1)
  4. S02E01 – Ti Kozri Ak Yves-Marie Sou Lasosyete
  5. S01E06 – Èske Ayiti marye ak lamizè?

Epizòd la chèche antre nan nannan deba sou wòl dyaspora yo nan devlopman ekonomik lan, li gade limit diskou dominan yo epi liste kèk pinga. Apre sa, nou gade istwa, kontèks ak pwofil dyaspora ayisyen an pou nou ka fè konesans li pi byen. Yon fwa nou fin fè tout sa, nou te pare pou gade ak yon je kritik men konstriktif sa ki fèt deja ak sa ki ta dwe fèt (men ki pa ko fèt) pou pèmèt dyapora ayisyen an gen plis enpak toujou ann Ayiti.

Pandan tout epizòd la mwen tou pwofite defèt kèk lejann an rapò ak dyaspora a. Epi mwen pataje kèk ti istwa pèsonèl avè w tou. Epizòd la yon ti jan long, men m panse sa te vo lapenn. M te kontan wè yon seri deba ki te louvri granmesi podcast la. E gen nan nou ki te di m nou apresye epizòd la. Nou te debat sou kontni an ni an piblik ni an prive. M remèsye tout moun ki te pran tan koute epizòd la. M ap itilize biyè sa pou bay kèk presizyon, referans e ajoute kèk pwen.

Pi gwo kontribisyon dyaspora ayisyen an aktyèlman, sa plis je brake sou li a, san di petèt, se transfè lajan l yo. Men nan fen epizòd podcast la, mwen esplike, an wetan tansfè yo, twa fason ki pi enteresan pou dyaspora ayisyen an kontribye nan devlopman peyi a, dapre mwen. Se 1) granmesi yon apwòch devlopman lokal pwojè nan zòn kote yo soti ann Ayiti a, epi 2) atravè tourism ak konsomasyon, pwomosyon byen nostaljik ak pwodui tipik Ayiti yo, epi anfen 3) atravè transfè konpetans ak konesans.

Sou pwogram Tres por Uno Meksik la, ki pèmèt dyaspora meksiken an patisipe nan devlopman lokal ak enplikasyon ni li ni leta antral ni nivo pwovens ak minisipalite yo, men yon lyen ofisyèl gouvènman Meksik la kote li prezante pwogram nan (an espanyòl). Men kòm vèsyon ofisyèl yo gen tandans prezante kote woz bagay yo sèlman, men yon atik ki soti an 2020 an ki fè yon lekti kritik sou pwogram nan, konsa nou ka wè ki erè pou nou evite si n ta vle suiv egzanp Meksik la, sitou aspè biwokratizasyon an ki lè l twò pouse ka favorize koripsyon.

Sou kesyon tourism lan, nan ane 1940 rive 1960 yo, endistri tourism lan t ap byen mache. Se sou Duvalier yo li vin antre an degraba. Jounen jodi a, 70% touris k ap antre nan peyi a se dyaspora, e yo ta soti sitou Etazini ak Kanada, dapre yon dokiman 45 paj Evans Jadotte te pibliye an 2012, yon travay ki te itil mwen anpil pou podcast la. E yo estime chak touris sa yo an jeneral depanse 1000 rive 5000 dola ameriken pandan vwayaj yo a. Men dyaspora a pa sèlman gen yon wòl pasif, kòm senp achtè oswa depansè li ka jwe nan sektè sa a. Nan yon rechèch yo pibliye an 2017, Minto-Coy ak Seraphin obsève dyaspora a (mete ak nouvo sistèm klasifikasyon otèl la an 2014, ki itilize choublak olye etwal) te jwe depi 2012, sitou avèk Hotel Royal Oasis la (ki te gen yon dyaspora kòm CEO), yon wòl aktif nan aparisyon yon seri nouvo pratik, nouvo lizay ak estanda nan sektè otèl la. Thomson, nan liv Bonjou Blan: a journey through Haiti a, pa egzanp, te kritike anpil move kalite sèvis ak move eta otèl yo te genyen anvan sa. Men nan analiz Minto-Coy ak Seraphin an, gen anpil amelyorasyon dyaspora yo pote pou sektè a depi lè a keseswa nan jesyon, transfè konesans, teknoloji, ak lòt inovasyon.

Nou ta kapab ajoute wòl dyaspora a ka jwe nonsèlman nan konsomasyon, pwoteksyon e menm petèt ekspòtasyon sa yo rele pwodui tipik Ayiti yo. Ministè Komès ak Endistri te pwodui an 2014 yon bèl rapò 124 paj sou sa. Tit li se « Produits typiques d’Haiti: les potentialités économiques« . Mwen panse lyen emosyonèl dyaspora a konsève ak Ayiti a mete sou abitid konsomasyon byen nostaljik (manje peyi, atizana, eks.) li gen deja, fè li nan bon pozisyon pou ede bouste pwodui lakay sa yo ni nan peyi a ni aletranje.

Apre sa, sou koze transfè konesans lan, nan podcast la nou te ensiste sou jan sa se petèt pi bon zèl kat dyaspora ayisyen an, jan Tatiana Wah (2014) esplike l la. Sa parèt lè nou konpare pwofil li, nivo fòmasyon l ak eksperyans travay li ak pa moun ki ann Ayiti. Men tou, gen done 2011 Minto-Coy ak Seraphin (2017) rapòte ki montre dyaspora nou an ta menm pi kalifye pase dyaspora kèk lòt peyi nan reyon an, lè w gade pousantaj nan yo ki rive fè gwo etid. Yo ta sanble plis espesyalize nan domèn sante, edikasyon ak sektè kiltirèl yo, men w jwenn dyaspora ayisyen nan prèske tout lòt branch yo. Gen anpil nan yo ki gen gwo djòb nan antrepriz ak enstitisyon Etazini. Kidonk gen lizay ak estanda yo ka ankouraje Ayiti, san bliye transfè teknoloji yo ka jwe yon wòl aktif ladan.

Nan podcast la, mwen pwopoze pou nou pase pa asosyasyon ak rezo dyaspora ki eziste deja nan dyaspora a. Yo byen plase pou di nou ki konpetans ki disponib e fasilite dyalòg la ak yo. Evans Jadotte bay yon lis kèk nan gwo rezo sa yo nan divès peyi. Sit entènèt La Diaspora Haitienne nan bay yon lis kèk asosyasyon tou, san bliye yon pil lòt resous.

Gen kritik Page ak Mercer (2018) fè sou diskou ki konekte dyaspora ak devlopman an nou pa ka pa site atravè nosyon modènizasyon, dikotomi, idantite ak byè sedantarite a, epi lojik sekirite ak finans lan. Li raple nou limit diskou sa ak poukisa dyaspora a pa ta dwe pran tèt li pou yon sovè, yon Mesi. Refleksyon sa envite nou pran distans parapò ak pwomosyon gwo oganizasyon entènasyonal yo ap fè pou dyaspora a. Pa egzanp, se sa ki fè, malgre nou rekonèt jan dyaspora a ka kontribye nan ogmante envestisman etranje nan peyi a, nou pridan parapo ak enpak pwojè sa yo sou rediksyon povrete nan peyi a.

Gen yon pil lòt tèks enteresan ankò, m ap jis site kèk tematik, chak fwa m ap bay youn ou de referans sèlman. Men si nou enterese jwenn plis dokiman, voye yon imel pou mwen nan kreyonomi@gmail.com sou sa nou bezwen an, m ap kontan pataje pdf yo ak yo nou:

  1. Relasyon flou ki genyen ant envestisman etranje ak povrete a
  2. Transfè dyaspora a
  3. deba sou fuit sèvo ak gany sèvo a
  4. Bon dyaspora ak lòt enstriman finansye
  5. Dyaspora nan Karayib la
  6. Dyaspora ayisyen nan Chili, Brezil, Ajantin
  7. Dyaspora ayisyen nan Etazini
  8. Dokiman sentèz gwo oganizasyon entènasyonal yo pwodui sou dyaspora yo nan monn lan ak kèk bazdone sou dyaspora a
  9. Memwa oswa tèz doktora sou dyaspora ayisyen an

Pwochen epizòd la se 7 dawou 2020. M ap eseye fè l sou yon sijè ki pi rilaks. Men nou mèt atann nou kèlkeswa sijè a, Kreyonomi ap toujou fouye zo nan kalalou epi veye anwo anba tout rakousi ak lide fasil.

Une réflexion sur “Kòman dyaspora a ka ede Ayiti? (Podcast)

Votre commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l’aide de votre compte Twitter. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s