Ekonomi an pratik (Pòdkas)

S01E04-Pouki tout moun pa manifeste? Yon ti bat bouch sou reskiyaj Kreyonomi podcast

Nou antre fon nan sikoloji reskiyè, woulibè ak gratè yo, gade jan sosyete a wè yo e ki koz oswa konsekans konpòtman sa a. Mwen ekri yon biyè blòg sou sa tou, sou kreyonomi.blog — Send in a voice message: https://anchor.fm/kreyonomi/message
  1. S01E04-Pouki tout moun pa manifeste? Yon ti bat bouch sou reskiyaj
  2. S01E03-Dous pou dous? Ekonomi an pratik
  3. S01E02-Kòman dyaspora a ka ede Ayiti?
  4. S01E01-Kisa ekonomi ye?

Twazyèm epizòd Kreyonomi Podcast la soti. Ladan mwen eseye gade kòman prensip ak zouti ekonomi yo ka ede nou pran bon desizyon nan lavi n ap mennen chak jou a. M plis konsantre sou aspè ki ka itil nou dirèkteman. An jwètman kon sa, mwen sanse kouvri nan sèl grenn epizòd sa pifò fondman syans ekonomik la, ni apwòch dominan yo ni apwòch ki pi majinal yo. Atik sa ap jis fè yon lis gran pwen ki nan pòdkas la pou ede moun k ap koute yo suiv etap yo, jan YME te mande m sa.

Premye pati: apwòch dominan an

Pòdlkas la gen 3 pati, yon entwodiksyon kote m anonse sijè a, yon premye pati kote m konsantre apwòch dominan nan syans ekonomik yo, epi yon lòt pati kote m kouvri kèk lòt apwòch ki enteresan tou (e petèt pi plis toujou).

3:41: Kisa apwòch dominan an ye nan syans ekonomik yo? Kisa ki fè fòs li? Ebyen se manman teyori ekonomik lan. Li gen pretansyon kouvri tout fenomèn ekonomik yo. Sa ra nan syans sosyal yo pou w jwenn yon grenn teyori ki gen dimansyon wòdpòte kon sa. Li chita sou 2 lojik: yon lojik optimizasyon (paske li sipoze moun yo rasyonèl e ap chèche plis avantaj posib nan tout sitiyasyon) epi yon lojik ekilib (paske menm si chak moun ap fè afè pa yo, gen solisyon efikas ki ka mete tout moun dakò).

5:50: M prezante 5 gwo ipotèz apwòch dominan an fè sou konpòtman nou kòm moun, sitou kòm konsomatè yo. M te ekri yon biyè deja kote m te pale de yo. An rezime, yo tout sipoze nou rasyonèl.

8:24: Gen 4 gwo blòk oswa zouti nan apwòch dominan an ka aprann nou yon seri leson pratik pou lavi kotidyen n ap mennen: kou opòtinite, rezònman majinal, analiz kozalite epi teyori jwèt.

8:58: Kou opòtinite a se sa lòt avantaj ou sakrifye lè w fè yon chwa. Nou pa toujou pran yo an kont lè n ap deside. Men si nou pran abitid fè sa sa ede nou pran pi bon desizyon, paske yon bon desizyon konn vle di renonse a yon lòt pi bon desizyon. M lanse egzanp fè gwo etid la, èske sa toujou vo lapenn? Kisa nou panse?

13:04: Rezònman majinal la se lè w ale etap pa etap, grenn pa grenn, pou w deside si sa vo lapenn konsome oswa pwodui plis. Li di nou ta dwe met yon fren lè dènye inite a pote plis traka pase avantaj, tankou dènye kout kiyè lè w ap manje ki pral fè w ayik la. Rezònman sa si nou pran abitid aplike l ka fè nou ekonomize anpil tan ak lajan, paske l ap evite nou pa kanpe nan wout pandan gen plis avantaj nou te ka al chèche, e l ap evite nou tou pou nou pa al twò lwen pandan dènye sa nou ajoute yo pa pote okenn avantaj vre. Egzanp etidye a klè, sa pa itil anyen pou w ap fòse kontinye etidye pandan lespri w fin fatige. Petèt olye w pase 6 èdtan suivi suivi ap etidye, alòske dènye èdtan ou pa kenbe anyen ladan, li t ap pi bon pou fè yon poz apre sa w a rekòmanse?

18: 25: Analiz kozalite. Ekonomi evite nou pote boure sou kòz pwoblèm yo ak enpak entèvansyon yo. Li aprann nou enpòtans pou nou byen izole koz n ap etidye a, paske si plizyè koz ap aji, li ka difisil pou w konkli. Apre sa, li raple nou tou se pa paske yon evènman vin apre yon lòt ki vle di dezyèm nan se konsekanss premye a. Se yon erè malerezman moun fè souvan.

20:58: Ekonomis yo konnen reyalite a pa senp jan yo sipoze l la. Pa egzanp, yo konnen nou pa toujou byen enfòme. Lè gen enfòmasyon enpòtan ki kache ant de moun k ap fè yon tranzaksyon, nou di enfòmasyon an mi wo mi ba (asimetri enfòmasyon). Se yon pwoblèm grav ki ka anpeche mache yo byen fonksyone. Men erezman, gen 2 bèl solisyon yo pwopoze: signaling ak ak screening. Premye a vle di, si se ou ki gen enfòmasyon kache a (tankou nan ka yon mekanisyen), ou ka voye yon siyal lòt mekanisyen ki matomann yo pa ka voye e konsa kliyan yo ka gen konfyansnan ou. Nou esplike se petèt youn nan rezon ki fè Bank yo gwo kon sa, se yon fason pou di w ou ka fè yo konfyans, yo p ap sove ak lajan w lan. Screening lan menm mande pou w fòse moun ki gen enfòmasyon kache a pataje enfòmasyon an avè w san l pa menm rann kont. M bay kèk egzanp nan pòdkas la ak nan biyè blòg sa m te ekri deja sou kesyon asimetri enfòmasyon an. Ti nosyon sa yo enpòtan anpil, yo ka ede nou pa pran zannana pou sizàn e detekte moun k ap vann nou nan fo mamit yo.

28:28: M pale de teyori jwèt, ki etidye sitiyasyon kote desizyon nou yo depann de desizyon lòt moun ap pran. Nou pale difikilte ki konn genyen pou met tèt ansanm e a ki kondisyon tèt ansanm nan konn posib. M ekri yon biyè sou teyori jwèt deja, m envite nou li l.

Dezyèm pati: lòt apwòch yo

34:41: M konsidere 3 lòt apwòch ki enteresan, dapre m: 1) ekonomi neyo-enstitisyonèl la (anndan l m pran 3 branch pami tout sa ki genyen yo, teyori dwa pwopriyete, teyori ajans ak teyori kou tranzaksyon), 2) ekonomi konpòtman ki gade jan moun konpòte yo toutbon nan lavi reyèl la ak erè oswa byè sèvo yo konn fè yo viktim, epi anfen 3) sosyoloji ekonomik ki aprann nou enpòtans pou nou gade kontèks sosyal la pou nou ka byen konprann aktiite ekonomi yo.

34: 34: Teyori dwa pwopriyete a aprann nou se moun ki gen plis pou l pèdi a ki pi byen plase pou l jere yon afè. An jeneral, n aprann nan yon gwoup li ta bon pou chak moun ap jere bagay yo gen enterè yo ladan (sa vle di gen posiblite pou yo pèdi si sa mal pase e gen posiblite pou yo genyen kichòy si sa byen pase).

37:34: Teyori ajans. Otomatikman ou bay yon lòt moun fè yon travay pou ou, gen anpil chans pou moun nan pa met tout li menm nan travay la, souvan paske li pa gen menm objektif avè w oswa paske pa gen posiblite pou w kontwole travay li a. Se toutan anplwaye ap monte sou Facebook pandan y ap travay (alòske travay la pa gen rapò ak Facebook). Teyori ajans lan ban nou kèk fason nou ka jere sa, atravè kontwòl, motivasyon epi jan n ap defini antant lan oswa kontra a ak moun k ap travay pou nou an.

44:56: Teyori kou tranzaksyon. Li envite nou pran an kont yon seri depans sou kote (lajan, tan, oswa enèji) nan aktivite n ap mennen yo. Bagay yo souvan koute plis pase pri yo mande nou oswa pri yo ofri nou an. M te ekri yon biyè sou sa nan Ayibopost e m te pran egzanp blokis Kafou a pou m esplike jan nou ka aplike l nan reyalite a.

48: 51: Ekonomi konpòtman. Liv m ap rekòmande nou se Misbehaving, Richard Thaler, yon « pri Nobel » ekonomi, ki ekri l. Bon ti bagay. Li fasil pou li. Nan pati sa mwen mete aksan sou yon seri erè, byè sèvo nou konn viktim ak kèk lòt obsèvasyon ekonomi konpòtman an fè ki montre nou pa toujou konpòte nou yon fason ki rasyonèl vre, kontrèman ak sa apwòch dominan an pretann. Men se nòmal an menm tan. Paske nou se moun. Men kèk pwen m devlope nan pati sa e montre kòman yo ka ede nou pran pi bon desizyon oswa pa kite moun jwen sou yo pou enfliyanse nou: byè retwospektif la (si m te konnen toujou dèyè), byè ki pouse nou chèche sove yon lajan ki fin depanse deja, tout jan tout jan (tankou fòse manje nan yon bifè pou nou ka tire kòb la alòske tout jan kòb la peye deja); efè dotasyon (posede yon bagay fè pran valè nan men nou); efè kadraj la (premye sa nou wè, pyemye pri ki bay la ap tou enfliyanse rès negosyasyon an); enpòtans chanjman yo gen nan je nou ak lefètke pèt yo pa ekivalan gany yo nan je nou (pèdi 1000 goud pa menm ak resevwa 1000 goud).

58:12: Sosyoloji ekonomik. Li raple nou jan ekonomi makonnen ak sosyete. Sa ede nou konprann pa egzanp lojik achte oswa vann kredi ann Ayiti a. Epi li pèmèt nou konprann enpètans rezo yo, klan yo, zanmitay ak relasyon an jeneral nan jan ekonomi an fonksyone.

Si nou te renmen epizòd la ak si nou gen kritik oubyen kesyon, pa ezite kòmante oswa ekri m pou nou ka kontinye diskisyon an. Randevou kase pou yon pwochen epizòd, 7 septanm 2020.

Votre commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Google

Vous commentez à l’aide de votre compte Google. Déconnexion /  Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l’aide de votre compte Twitter. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s