Jou 28 oktòb 2020 an, se jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl yo. M vle pwofite fè yon ti rale sou rezon pèsonèl ki te pouse m antre nan pwodui ak vilgarize kontni an kreyòl.
Mwen lanse Kreyonomi Podcast 4 jen 2020. Kidonk li ti bebe toujou. Men li pa yon loray kale nonplis. Li se pitit yon pwojè m kòmanse depi an 2016.
M pa t toujou tizè kreyòl. Tankou anpil Ayisyen ak Ayisyèn ki pase lekòl Ayiti, m te gen plizyè prejije sou lang kreyòl la, malgre m te gen chans suiv yon kou kreyòl lè m te nan Mwayen 2. Si nou ka rele sa yon chans, pou w suiv yon sèl grenn kou kreyòl nan yon peyi kote se sitou kreyòl yo pale. Antouka, pito sa pase malgre sa.
Finalman, se jis lè m pati al etidye Kanada an 2014, m pa konn si se nostalji, m vin kòmanse lage nan ekri an kreyòl. Epi m vin jwenn chans fwote sou Facebook ak lòt moun ki te gen limyè pase m nan lengwistik. Yo fè m reyalize kreyòl la se yon lang tankou tout lang. Yon fwa chèn mantal sa kase nan lespri m, m vin gen yon sèl anvi kominike ak ayisyen parèy mwen an kreyòl. M vin wè tout potansyèl ak richès ki gen nan kreyòl la, jan mesaj la pase litlit. Li pi difisil pou w pran daso lè w ap esplike an kreyòl, paske resous yo tèlman ra e yo tèlman pa t janm eseye aprann ou nan lang manman w lè w te lekòl, ou oblije fè yon ti efò entèlektyèl anplis, ou oblije fè tèt ou travay. Ou pa ka an nik ap resite leson tankou jakorepèt.
Se konsa, an 2016, epòk m t ap suiv yon seri bèl kou nan ekonomi nan Université Laval, m vin gen yon sèl swaf fè moun dekouvri bèlte ekonomi ak lasyans an jeneral, an kreyòl. M vin kreye yon paj Facebook ak yon blòg ki jodi a pote non Kreyonomi. Malgre etid metriz mwen an pa t ban m twòp tan, sa pa t anpeche depi lè a m ap pataje enfòmasyon ak analiz syantifik an kreyòl, sitou nan syans sosyal yo. M pran plezi nan sa. M sitou manyen ekonomi, ekonomi Ayiti, agrikilti ann Ayiti, matematik, men m konn manyen lòt domèn tou.
Se plis pwoblèm tan ki fè m pa manyen plis sijè, m oblije konsantre m sou sa m plis metrize yo.Fòmasyon m nan Agwonomi, ki se youn nan domèn ki fè plis chase kwaze ak lòt disiplin, pèmèt mwen gen ase baz pou m manyen divès domèn, menm si m pa spesyalis ladan yo. Li sifi pou m pran ti tan, fè ti rechèch, koute sa spesyalis domèn nan konn di, epi baton.
Nan Kreyonomi sa m sitou renmen ofri, se esplikasyon ki entuitif, ki montre pa gen anyen ki twò twò konplike nan pwen pou n pa ka konprann ditou. Dezyèm mak fabrik la, dapre m, se lespri kritik, mwen refize pran zannana pou sizàn. M pito pale mwens e si sa m ap di yo kòrèk oswa defandab. Anfen, mwen kwè nan done, nan fè yo ak nan deba syantifik pou chita laverite. Men tank m ap pwogrese ak Kreyonomi, m vin ap dekouvri 2 gwo obstak.
Premyeman, gen moun ki vin ap di m, malgre yo renmen sa m ekri yo, yo pa abitye li tèks konplike oswa abstrè an kreyòl. Yo plis abitye TANDE kreyòl, yo pa fò nan li l. E m konprann yo! Lekòl pa aprann nou li kreyòl. Lekòl fè nou iletre nan pwòp lang nou! Se laraj. Dezyèm obstak la, se paske ekri pran tan e li pi difisil pou ou fè pase yon seri emosyon alekri. Lè w ap pale, vwa w ka transmèt yon seri detay enteresan, li mwens frèt. Nan yon ti kras tan ou ka kouvri yon pil aspè, alòske si te ekri biyè yo te ka twò long. E longè biyè a konn anpeche w antre nan yon seri detay. Se poutèt sa m vin gen lide lanse pòdkas la.
Li te evidan pòdkas sa t ap an kreyòl etandone blòg ki akouche l la te an kreyòl. M itilize kanal pòdkas la ofri m nan 1 fwa chak mwa pou m antre fon nan yon sijè. Pou sijè ki mwens egzijan yo, m kontinye itilize blòg la. Epi tou kanal pòdkas la, ki se tankou yon radyo kote se ou menm k ap chwazi emisyon yo ak kilè w ap koute yo, menm si w pa ta gen entènèt toutan, m panse se yon fòma enteresan ki bay moun k ap koute yo plis libète ak plis pouvwa sou sa y ap koute, kilè epi kòman. Kidonk, men kòman blòg Kreyonomi an vin akouche Kreyonomi Podcast la. Dèyè tout sa, se yon pwojè enfòme moun, louvri je moun yo ak zòrèy yo granmesi lang manman yo ak bon jan analiz epi bon jan sentèz.
Konsènan kontèks sosyal ayisyen m ap pwodui Kreyonomi Podcast la pou li a, m gen enpresyon dènye ane sa yo kreyòl la plis taye banda ladan. Rezo sosyal yo petèt ede nan sa. Kreyòl la pi fasil monte tab kounye a, e se yon bon bagay. Men sa pa dwe fè nou bliye gen anpil prejije ki tenas toujou, tankou koze kreyòl pa yon lang syantifik la, yon pawòl ki pa gen okenn sans, paske pa gen lang pi syantifik pase lòt. Tout lang ase konplèks pou pèmèt moun eksprime sa yo vle di, menm konsèp ki pi abstrè yo e an menm tan okenn lang pa ase rich pou manyen tout nouvo dekouvèt lasyans ap fè, se sa k fè toutan ap gen nouvo mo ki kreye. Souvan limit la se nou, se pa lang nan.
Malgre sa, nou kontinye wè medya ayisyen k ap pwodui kontni pou Ayisyen epi ki chwazi fè sa an franse sèlman (kontrèman ak lespri konstitisyon an ak reyalite sosyal peyi a kote prèske tout moun se kreyòl yo pale). Men yon lis obsèvasyon ak remak mwen fè (m pa fè rechèch sou sa) sou sa ki ka esplike atitid meprizan sa kèk medya ayisyen gen pou kreyòl la.
- mank konpetans nan ekri ak lekti an kreyòl
- konplèks ak move prejije an rapò ak lang kreyòl la
- parès entèlektyèl: li pi fasil pou w itilize refleksyon tou fèt nan lòt lang olye ou chèche eksprime yo an kreyòl oswa pwodui nouvo refleksyon
- piblik medya a sible a, si se yon piblik li konnen ki fè gwo klas oswa gwo etid, kòm n ap viv nan yon kontèks diglosi, tandans lan se ap priyorize franse a
- emisyon ki vize gran piblik la gen tandans an kreyòl. Sa tris, paske anpil nan emisyon oswa kontni sa yo ki an franse a, te ka enterese tout kouch sosyete a si pa t gen baryè lang nan. Baryè lang nan lè sa vin tounen yon fason pou kenbe popilasyon an aleka yon seri deba ki poutan konsène l, li vin tounen yon strateji elitis.
- m anvi di lajan tou. Gen yon valè ekonomik popilasyon an asosye a kreyòl ki pa menm ak sa li asosye a franse a. Kidonk gen posiblite tou pou rezon ekonomik yo jwe. Tankou la, nou ka mande èske popilasyon an t ap vare sou yon seri jounal ki popilè aktyèlman si kontni jounal sa yo te an kreyòl sèlman oswa si pifò te an kreyòl? Kidonk an jeneral direktè medya yo ka antisipe enterè a ka mwens selon lang ki plis itilize a, epi an fonksyon sa chwazi priyorize yon lang sou yon lòt
- pou m fini, m t ap ajoute mank resous ak referans klè pou tabli pi bon estanda nan lang nan e pèmèt moun travay sou li. Tankou, pa gen ase bon diksyonè kreyòl-kreyòl. E Akademi Kreyòl Ayisyen an sanble chita sou wòzèt li toujou, li pa ko livre machandiz la, menm si ta sanble gen ti pwoblèm bidjè tou. Antouka, nou swete si l ap mize nan wout se pou li ka pote bon nouvèl.
Pou m retounen sou eksperyans Kreyonomi ak Kreyonomi Podcast la, pèsonèlman, m ka di wi piblik la byen akeyi pwojè a. M toujou jwenn ankourajman pou travay m ap fè nan lang kreyòl la. Se sa ki enpòtan pou mwen, satisfè moun kontni m yo enterese yo. M konn sijè m manyen yo pa toujou sa ki pi enterese gran piblik la, men m fè tout sa m kapab pou m rann yo enteresan.
Si w ap li biyè sa e ou gen kòmantè oswa sijesyon, pòt mwen louvri byen laj. Pou ane k ap vini an, m swete met plis enèji nan pòdkas la ak tou nan ofri kontni videyo sou Youtube. Kòm mwen poukont mwen e tan m limite anpil, si w ka bay kout men sou yon fòm oswa yon lòt pa ezite. Objektif prensipal mwen nan Kreyonomi se ofri yon espas kote tout koze syantifik (kit li senp kit li wo nivo) ka debat an kreyòl yon fason ki entuitif e ki pale ak moun ki pa fòme nan domèn nan e ki an menm tan ase rich pou enterese sila ki pi konèsè yo. Se yon bèl defi! M vle leve l. Ansanm nou ka leve l.
Bon jounen kreyòl tout moun.
Sa a se blog m eseye kreye Kontni an kreyòl ayisyen
https://thomaz509.blogspot.com/?m=1
#thomazbrezilyen
J’aimeJ’aime
Pa gen pwoblèm. M pral ba l yon vizit.
J’aimeJ’aime
Monchè Mèt blog la
Premyèman, m felisite ou pou bèl tèks ou ye lage pou n rejwi li an kreyòl la. M apresye anpil dispozisyon ak odas nan sa w’ap fè a la. Kenbe la epi pa dekouraje. Depi m se yon moun brezilyen ki konn lang nan, se difisil nou jwenn bon kontni an kreyòl pou n ka vale teren nan lang nan epi se la m we yon limyè. Annavan!!! Lang kreyòl la bezwen moun tankou ou pou valorize li e pa minimize li pou anyen.
Ke Bondye beni ou
#thomazkleuber
J’aimeJ’aime
Mèsi anpil pou ankourajman an.
J’aimeJ’aime