Bese tèt ou: yon refleksyon sou kilti obeyisans je fèmen ann Ayiti

An mas 2020, nan mitan premye vag pandemi kowonaviris la, epòk moun t ap chèche okipasyon, m te pibliye yon atik men longè nan Le Quotidien News sou obeyisans avèg ann Ayiti. Tit orijinal la te piman bouk, Yo jouke Jouthe: poukisa sèman lwayote premye minis la ta dwe enkyete nou? Men kòm sit entènèt jounal la ap mòde lage, m ap pibliye atik la la tou, ak kèk modifikasyon, pou si jamè nou ta anvi reli l, pou n pa pèdi tras li. M panse refleksyon an toujou gen plas li, sa pran plis pase kèk mwa ak yon atik pou chanje yon sosyete.


Lè m te nan segondè, defen direktè nou an nan lekòl la, Eddy Pascal (bon sent paradi pou li), te gen yon istwa li te renmen rakonte nou. Menm si se li ki te direktè lekòl la, li te konn fè kou e li te maton nan tou de wòl yo. Yon lè, paran yon elèv primè vin kote l tou estomake. Mande paran an sa l genyen, li fè direktè a esplikasyon poutèt pou premye fwa nan vi l pitit li a gade l nan je lè l ap pale avè l. Lè paran an mande ti moun nan dekiprevyen, ki orijin frekansite sa a, elèv la site non direktè a.

Vrèman vre, Eddy Pascal, kit se chapo direktè a, kit se chapo anseyan an ki nan te nan tèt li, te toujou aprann nou pale ak je nou byen kale, san bese tèt, epi defann opinyon nou. Li te menm posib pou w chape an ba kèk pinisyon menm lè w an tò, depi w ka byen agimante e konvenk li. San di petèt, sa te devlope lespri kritik ak lespri rebelyon byen fonde lakay elèv li yo. Se sa ki fè jou sa a, lè paran an te vin fè direktè a esplikasyon an, dirèk la pa t pran sa kòm yon repwòch. Olye sa, se t ap pral youn nan pi gwo sous satisfaksyon l kòm edikatè: konnen li rive aprann elèv li yo rete latèt wot devan tout moun, san yo pa derespekte pèsonn.

Jou ki te 4 mas 2020 an, nan moman enstalasyon premye minis tou nèf la, m pa t ka anpeche m panse ak ansyen direktè m nan, lè m t ap gade Premye Minis Joseph Jouthe k ap rele chat bòpè pou moso zaboka, k ap afiche filozofi otoritaris li a an dirèk. Nanpwen tras videyo a ki te sou YouTube alèkile, men erezman m te pran san m ekri pawòl yo mo pou mo.

Sèn seremoni enstalasyon an te dekourajan. Li posib pou se sèn sa nan seremoni an ki fè plis bri sou rezo sosyal yo apre sèn kote Jean Michel Lapin, premye minis sòtan an, t ap kriye a. Poudayè, sèn sa n ap pale a rezime tout diskou nouvo premye minis la. Se petèt pawòl ki pi orijinal li te di nan diskou tchala li te remèt la. Jan tradisyon an mande sa, se te yon diskou boure ak gwo fraz franse ansanm ak pwomès vag ki pa chita sou anyen. Men nan sèn ki plis enterese m nan (e ki plis enteresan an), mesye Jouthe konfime « Prezidan an pale, pwen ba! » Jovenel te di a, se li ki kredo laprezidans. M ap reprann pawòl premye minis la yo pèw pèw :

Lè m antre nan biwo Prezidan Jovenel, m antre ak lide m, lè m soti, m soti ak pa l. Ke m kontan, ke m pa kontan. E m pa gen pou m kòmante lè chèf pran desizyon. (PM Joseph Jouthe)

Tout moun bat bravo pla pla pla pla.

M pa ka konnen ant aplodisman yo ak pawòl premye minis lan, ki sa ki pi enkyetan e ki ta mande konsiltasyon san pèdi tan. Sa vin pi twoublan toujou lè nou wè jan li menm tou sanble otoritè (oswa renmen disiplin, si nou vle pi janti) nan jan li te anonse lese grennen nan konsèy minis yo dwe fini.

Dyagnostik Prezidan an fèt deja, tout moun konnen nan zafè bay manti, bay absolisyon san konfesyon, ak fè lalin pase pou fwomaj, li se mèt. Nou konnen tandans otoritè li yo tou (« Prezidan an pale, pwen ba! »), menm si nou pa konnen kilès nan trè pèsonalite sa yo ki pi fò. Men, nou pa ko tande pèsonn pale de jan sa danjere pou yon premye minis afiche yon atitid soumisyon avèg devan otorite (otoritaris) ki se pi bon konpayèl nou te ka imajine pou atitid otoritè prezidan an. Si jan yo di a se 2 bon ki fè bonbon, e 2 mal menm, ki sa y a fè ? Ki sa konpòtman jako repèt, konpòtman « Wi, Mèt! » premye minis lan te afiche jou enstalasyon an revele nou? Poukisa konpòtman sa a dwe enkyete nou?

Premye Minis Joseph Jouthe (Foto: haitiliberte.com)

Tandans pou suiv otorite a se yon bagay ki sanse lakay nou tout alawonnbadè. Se pa fòseman yon defo; men, nan listwa limanite sa lakoz anpil dega, sitou lè se yon obeyisans je fèmen. Gen omwen 4 gwo eksperyans sikoloji sosyal ki montre jan obeyisans avèg (tankou sa premye minis lan t ap fè pwomosyon l lan) se yon malè pandje. Nou ka site:

  1. eksperyans Milgram nan (1963),
  2. eksperyans prizon Stanford la (1971),
  3. eksperyans Twazyèm vag la (1967),
  4. epi anfen eksperyans lopital Hofling lan (1966).

M ap rezime 2 premye yo rapido presto, paske yo se tchala anpil moun konnen deja. Apre sa, m ap mize plis sou de lòt eksperyans yo.

Nan eksperyans Milgram nan, moun yo t ap teste yo te dwe deside si wi ou non, kòm « anseyan »,
y ap kontinye ogmante vòltaj kouran (rive nan yon maksimòm 450 V) y ap bay yon elèv, an ba ankourajman yon syantifik ki gen yon blouz blan sou li. An reyalite, elèv la t ap fè sanblan, men moun k ap bay kouran an pa t konn sa.

Èske tout sa yon syantifik di w fè w ap fè l, jis paske w fè l konfyans? An tou ka, malgre moun yo te konsyan jan sa fè soufri, pifò te rive nan maksimòm 450 V la, kwak apati 150 V anpil « anseyan » kòmanse ezite. Sa vle di, pifò moun te pare pou pete fyèl yon lòt nan eksperyans lan jis poutèt yon syantifik te ankouraje yo fè sa. An reyalite (e se apre yo pral aprann sa), moun ki te jwe wòl elèv la pa t soufri vre paske li pa t resevwa okenn kouran : se jis teyat li t ap fè pou fè kwè l ap soufri. Menm si sa, rezilta eksperyans sa a, ki se youn nan eksperyans ki pi popilè nan sikoloji (e ki te pwovoke anpil tole tou, espesyalman sou plan etik), ansanm ak yon pil lòt eksperyans ki sanble ak pa Milgram nan, t ap pral konfime tandans obeyisans avèg la.

Kounye a, si anpil nan nou kon sa vre, si nou pare pou wete trip pou mete pay depi yon otorite nou
respekte mande sa, poukisa kalte obeyisans avèg sa a pi grav toujou lè se yon dirijan, lè se yon otorite ki
adopte piblikman yon filozofi kon sa? Èske se jis paske, kon di pwovèb la, se sou chemiz blanch yo
wè tach ki fè n ap fè tout pale sa a oswa gen yon veritab danje lè yon ofisyèl ap klewonnen mòd
diskou fanatik sa yo?

An reyalite, anseyan ki t ap deside si pou yo bay elèv la kouran nan eksperyans Milgram nan pa t
san otorite: yo menm tou yo te gen yon pouvwa, yo te ka di wi oswa non. Menm si syantifik la t ap
ankouraje yo kontinye, yo te ka toujou pèsiste di non yo p ap patisipe nan eksperyans dwòl sa a.

Fasilite pou nou bliye pwòp pouvwa pa nou lè nou an fas yon lòt otorite parèt pi klè toujou
nan ka eksperyans Stanford la. Imajine w te dakò patisipe nan yon eksperyans syantifik e ou byen
konsyan se yon eksperyans li ye. Yo pran gwoup ou te ladan an yo separe l an de: yon gwoup t
ap pral jwe wòl prizonye, lòt la t ap pral jwe wòl gadyen prizon. Jis nan ki pwen si w te tonbe nan
wòl gadyen an ou t ap pran misyon w lan o serye, alòske w konnen se jis yon eksperyans? Èske w
t ap pare pou matirize « prizonye w » yo si yo ta revòlte? Oswa, si w te tonbe nan wòl prizonye a,
èske w t ap totalman obeyisan pandan ou byen konnen w pa yon prizonye vre, se jis yon
eksperyans?

Ebyen, rezilta eksperyans sa a chokan : anpil prizonye te konpòte yo tankou ti mouton e gen gadyen prizon ki te konpòte yo an bouwo, bay prizonye yo pinisyon egzajere ki ka raple nou move kondisyon Penitansye Nasyonal yo. Poutan yo te byen konnen se yon wòl yo t ap jwe, yo pa t gadyen prizon vre. Menm si gen deba sou eksperyans Stanford la pou konnen si pwotokòl rechèch la te solid ase pou nou pale de yon eksperyans syantifik, rezilta yo pa sispann enkyetan, lè w byen gade. Yo montre jan nou pare pou nou jwe jiskobou yon wòl yo ba nou san nou pa poze tèt nou twòp kesyon yon fwa nou fin aksepte wòl la.

Ni fo gadyen prizon eksperyans Stanford la, ni fo anseyan eksperyans Milgram nan, tout te gen
yon fòm otorite nan men yo, ki vle di pouvwa pou deside si wi ou non yon bagay ap fèt. Men, sa
pa t anpeche yo sèvi ak pouvwa sa a kòm si yo se wobo, san pran rekil. Lòt de eksperyans nou te
vle pale de yo a pote limyè sou kèk lòt aspè ki gen nan obeyisans avèg la, espesyalman nan
dimansyon politik li (eksperyans 3yèm Vag la) ak nan ka kote nou ann afè ak vrè pwofesyonèl ki
konpetan (eksperyans Hofling nan).

Eksperyans 3yèm Vag la ta sanble te fèt nan kad yon kou sou istwa mondyal Pwofesè Ron Jones
t ap bay nan yon lise nan Kalifòni, Etazini, nan lane 1967. Pandan l t ap fè yon kou, yon elèv te kanpe kou a pou mande l kòman fè pèp Alman an te ka pretann yo pa t o kouran egzaksyon lame
ak rejim nazi boutdi Adolf Hitler a te komèt yo? Se apre kesyon sa a eksperyans lan te vin nan tèt pwofesè a, si nou fye grenn atik li ekri sou sa 5 ane apre a (yon ti atik ki byen enteresan dayè).

Pou nou reprann mo pwofesè a :

Kòman pèp alman an te ka pretann li pa t o kouran masak sou pèp Juif la ? Kòman chofè vwa fere yo, anseyan yo, doktè yo te ka pretann yo pa t konn anyen sou kan konsantrasyon yo ak san ki t ap koule yo? Kòman moun ki te vwazen e petèt menm zanmi sitwayen juif yo fè di yo pa t la lè sa t
ap pase a? (Ron Jones, Tradiksyon lib.)

Pwofesè a avwe se te yon bon kesyon e, nan yon sans, kesyon an te koke chòt li. Anvan nou rapòte eksperyans lan, li enpòtan pou nou pran yon ti distans devan temwayaj pwofesè a, ki se sèl sous detaye sou eksperyans lan, paske li pa enposib ke li te degize kèk aspè pou anbeli istwa a oswa paske li te ka gen kèk twou memwa apre 5 an.

Yon fwa sa klè antre nou, ebyen, men sa k vin pase selon rapò pwofesè a : pou li reponn kesyon elèv la, li te deside fè yon eksperyans pandan yon semèn, soti lendi rive vandredi, kote li t ap fè yon miz an sèn
pou aprann elèv yo kòman yon rejim fasis-boutdi rive fonksyone. Objektif pwofesè a, dapre sa li di, se te simile yon rejim fasis ak elèv yo (sa t ap dewoule nan peyi Etazini anplis) pou l ka fè elèv yo reyalize jan sa fonksyone.

Men, eksperyans lan t ap pral derape nan men pwofesè a, e sa li te pran pou yon jwèt la, anpil elèv t ap pral pran l pou tout bon. Kredo yo a se te « fòs nou se nan disiplin, fòs nou se nan kominote li ye ». Apre pwofesè a fin fè ekspoze kote li tèlman lwanje enpòtans disiplin strik ak enpòtans fè enterè kominote a pase anvan enterè pèsonèl, elèv yo pa t ezite suiv yon bann rityèl tankou se sòlda yo te ye: pwofesè a vin gen pwòp ajan sekirite li, yon elèv; elèv yo pa t ezite denonse youn lòt chak fwa youn fè yon fo pa oswa vyole règleman an; yo te gen yon jan strik pou yo chita nan klas, pla pye kole atè a, do dwat, zepòl kare;
elèv yo te gen yon fason espesyal yo salye youn lòt, ponyèt dwat la anlè rive nan nivo zepòl la ak
dwèt men yo ranje an fom kouwòn.

Eksperyans lan te menm atire lòt elèv, ki te konn kite kou pa yo pou al suiv kou pwofesè a. Mouvman 3yèm Vag la, jan pwofesè a te rele l la (an referans a Twazyèm Reich la, san elèv yo pa t menm fè lyen an), te vin pran yon dimansyon e elèv yo te tèlman vin zele, pwofesè a te vin santi l ap pèdi kontwòl eksperyans lan e li te blije mete bout nan sa.

Gen liv, woman, fim ak seri (tankou seri « Nous, la Vague » Netflix soti an 2019 la) ki plizoumwen enspire de istwa a e ki montre jan sa fasil pou nou baskile nan yon rejim totalitè lè nou deside obeyi je fèmen tout sa yon otorite di.

Dènye eksperyans n ap wè a se eksperyans Hofling nan. Yon moun te ka di, a, tout eksperyans sa yo pa
konvenkan paske moun ki ladan yo pa nan milye a vre ; kòmkidire moun ki gen fòmasyon prizon,
ki se syantifik toutbon oswa ki nan lame oswa nan leta tout bon pa t ap reyaji kon sa.

Eskperyans Hofling nan twoublan nan sans sa a, paske la nou annafè ak veritab pwofesyonèl medikal k ap egzèse yon metye yo fòme pou li. Nan eksperyans sa a, Hofling aranje l pou l fè yon medsen yo
rele Doktè Smith mande yon enfimyè nan telefòn pou l bay yon malad yon dòz medikaman ki
egzajere. An reyalite, se pa t yon vrè medikaman, se te jis yon konprime ki fèt ak sik. Men, enfimyè
a pa t o kouran. An tou ka, enfimyè a te konnen dòz maksimal la e li te konnen li pa gen dwa pran
enstriksyon kon sa nan telefòn.

Sou 22 enfimyè Doktè Smith te rele yo, gen 21 (sa vle di 95%!) ki te dakò bay malad la dòz la malgre yo te siman konsyan danje sa reprezante pou pasyan an!

Ki donk, si menm pwofesyonèl yo pa alabri obeyisans avèg la, nou gen rezon enkyete nou lè yon
otorite ki gen nan men l pouvwa ak resous peyi a, deside fè mòd deklarasyon alejans sa yo an
piblik. Sa ki te rete pou nou asiste yon « bend the knees » nan stil Game of thrones lan pa t twòp.

Menm si eksperyans sa yo (ak yon bann lòt rechèch nan sikoloji ki fèt sou obeyisans) montre
nenpòt moun ka adopte konpòtman obeyisans avèg la nan yon sikonstans oswa yon lòt, diferans
ki genyen ant nou menm ak yon premye minis, sèke PM nan gen pouvwa ak resous peyi a nan men l. Nou tout ka malè pandje pou pwochen nou si nou pa fè atansyon; men, gen moun, lè yo se malè
pandje, sa pi enkyetan toujou.

An nou klè. N ap pale de alejans total a rejim Tèt Kale a (PHTK), yon rejim ki fè anpil bagay… Yon
rejim moun ki ladan oswa ki pwòch li gen non yo site nan tout vye dosye, espesyalman nan dosye
PetroCaribe a
, kòmanse sou kòmandan an chèf la. Yon rejim ki ta sanble gen zanno l kay òfèv nan dosye masak Lasalin yo. Yon rejim myolann ki pretann li san pouvwa e ki kite bandi, ensekirite ak
kidnaping layite
kò yo nan peyi a. Men tou, yon rejim ki pa ezite itilize lapolis lè enterè l menase pou kraze zo manifestan. Yon « dinasti » ki chita sou manti e ki pare pou batay pou mete wa mantè sou wa
mantè
nan pouvwa a kon sa twou manti an va vin pi fon.

Menm si fraz mwen yo sanble egzajere, tout chita sou done ak fè konkrè jan referans mwen ajoute nan lyen yo montre sa. Anfèt, gen rezon pou n panse reyalite a pi malouk toujou pase jan m dekri l la. Mwen menm panse m twò janti, petèt ti rèstan respè pou otorite ki lakay mwen an fè m ap bere sitiyasyon an toujou pou m ka parèt « objektif », « ekilibre ».

Ki donk, men pou ki rejim nouvo premye minis nou an deklare alejans li an. Konpòtman depèsonnitizasyon(pèdi oswa chanje idantite w akoz enterè gwoup ou afilye avè l la) ak atitid obeyisans
avèg la, yo enkyetan jan mwen te eseye montre sa a atravè eksperyans mwen te dekri yo. Pou kounye a
pye nou mare e nou pa ko konn kilè l ap demare.

Keseswa lekòl oubyen fanmi k ap fè pepinyè sitwayen tèt bèse san konviksyon sa yo, nou oblije rekonèt moul yo efikas. Menm moun ki pi wondonmon yo, nou konn sezi wè jan yo karèt kò yo, jan yo vin dou lè yo jwenn yon seri privilèj. Sa te fè m mal tou lè yon pwofesè inivèsite, yon zanmi, te pèdi jekwazandye l al fè sondaj pou konn ki opinyon etidyan l yo sou demokrasi.

Rezilta yo te desevwa pwofesè a, m ka menm di li te viv li kòm yon gwo wonte: diktati te ranpòte premye lo a, 44% etidyan ki nan kou a te chwazi l kòm « rejim ki t ap pi bon pou Ayiti » a. Demokrasi te reziyen l ak yon dezyèm plas (32% sèlman nan etidyan yo ki te chwazi l). Ki etidyan ankò souple? Etidyan nan dwa ak syans politik.

Esplikasyon « nostalji danjere » sa a, dapre m, se pa tèlman paske nou tout vle chèf non (si se te sa nou tout t ap chwazi demokrasi pito, kon sa plis moun t ap gen plis chans vin chèf). Dapre m, se pito paske, depi n piti, yo aprann nou, pafwa an ba bon jan koko makak, pou nou pike tèt nou a tè, pou nou pa gad paran ak lòt otorite nan je. Menm lang yo chwazi fè lekòl pou nou ladan an patisipe nan anpeche « yon lekòl tèt an wo nan peyi tèt an wo » kote libète nou ak kreyativite nou pa nan chenn. Ki donk, plizyè nan pwoblèm nou yo soti pa anndan. Ki donk, nan yon sans, se « rat kay nou yo » k ap manje pay kay la.

Alòs nou pa dwe konfonn edikasyon demounizan sa a ak sa nou te ka rele respè pou grandèt,
respè pou granmoun, oswa kilti respè tou senpman.

Kilti respè pou pi gran an ka fè nou panse ak sa chinwa yo rele , xiào a (oswa « devosyon filyal »). An reyalite, nou jwenn valè sa a, ki mande nou pou nou respekte paran nou, pi gran yo, pou nou pa pote dezonè sou fanmi an, lakay plizyè sosyete ki pa chita sou filozofi chak koukouj klere pou je w la. Epi tou, èske pwovèb kreyòl la pa di « vwazinaj se fanmi »? Valè ki chita sou respè sa yo, dayè se ladan yo m grandi, yo pa yon pwoblèm, dapre mwen. O kontrè, se yon fòs sa ye nan yon peyi ki pratikman san sekirite sosyal : si youn pa t kore lòt, si levasyon timoun ak lavi nou an sosyete pa t bay solidarite ak kominote yon gwo plas, anpil nan nou (kòmanse sou pèsonaj nou yo) te ka pa chape.

Ki donk, sa n ap pale nan tèks sa a, kesyon obeyisans avèg devan otorite a, pa gen anyen pou wè ak bèl valè respè sosyete ayisyèn nan chita sou yo a.

An reyalite, nou refize kite timoun nou yo fè dezòd; nou refize rekonèt wòklò pa toujou yon defo;
nou refize kanalize lespri rebelyon lakay timoun yo pou fè l tounen yon lespri kritik, djanm, ki p ap
pran Nanna pou Sizàn e ki konn sa l ap defann.

Relijyon pou bokou tou nan lespri soumisyon sa a ann Ayiti. Pwoblèm nan pi grav toujou lè menm lekòl ki ta sanse la pou devlope lespri kritik timoun yo fè aprantisaj la tounen yon pwosesis pasif, kote timoun nan tankou yon bokit y ap ranpli. Gen nan nou ki ka sonje ti pawòl sa a ki te nan fen yon manyèl listwa F.I.C. yo te konn itilize lekòl : « Aimez ce petit livre et soyez bien dociles aux leçons qu’il vous donne. »

Yon paj nan yon mànyèl istwa F.I.C. (Foto: Michel DeGraff)

Poutan, se pa ti mouton non nou bezwen. Nou bezwen plis moun ki ka konnen ki lè pou yo dezobeyi. Nan plas obeyisans avèg la, nou bezwen yon sans responsablite lakay chak moun, sitou sila ki anchaje yo? Nou bezwen moun ki konnen ki lè pou yo respekte ak ki lè pou yo kòmante oswa menm konteste « desizyon chèf », pou m prete espresyon premye minis la. Nou bezwen yon jenerasyon politisyen, fanm kou gason, lè yo di yo « Prezidan an pale, pwen ba ! », ki gen kouraj konteste « lè chèf pran desizyon » oswa pare pou demisyone si yo santi desizyon an kontrè ak valè demokratik nou yo, ak valè ki chita sou respè moun, sou responsablite ak sou diyite.

Vrèman vre, nou bezwen yon sosyete kote moun ka « gad moun nan je », jan defen direktè lekòl mwen an t ap defann sa a, kòmanse sou Ayisyen parèy nou rive sou etranje, nan respè youn pou lòt.

Votre commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Google

Vous commentez à l’aide de votre compte Google. Déconnexion /  Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l’aide de votre compte Twitter. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s