Depi ti konkonm t ap goumen ak berejèn, moun ap chèche bon sou moun. Se prèske yon spò. Sa pran plizyè fòm, li kapab senp reskiyaj, twonpri, anak, koripsyon, eks. Rutger Bregman, nan yon liv li pibliye an 2020 ki rele Humanité, ban nou yon pinga: li di se pa tout moun ki kon sa, an reyalite pifò moun se bon moun nan pifò sitiyasyon. Li gen rezon. E se poutèt sa menm, sa danjere anpil lè yon modèl biznis eksplwate sa nou genyen ki pi bon lakay nou, jan nou sosyab, pou li fè lajan pandan l ap ban nou lalin pou fwomaj.
M ap pale de modèl biznis ki rele MLM nan, pou Multi Level Marketing (tankou TLC, MONAT, eks.). Pou kont pa li, li pa ta yon move lide non pou nou limite kantite entèmèdyè yo epi mize sou rezotay, zanmitay, ak kòkòday pou fè yon biznis mache. M ap pran yon egzanp.
Tèz doktora m nan konsène yon seri rezo anndan sistèm alimantè peyi rich yo yo rele « sikui kout » kote agrikiltè yo vann pwodui yo dirèkteman bay konsomatè a. Sa ka rive tou yo sèvi ak kèk entèmedyè oswa toutè pou sikile pwodui yo, men tout jan, kantite entèmedyè yo limite. E rezo sa yo tou chita anpil sou relasyon sosyal, youn di lòt ak pataj pou fè biznis lan mache.
Sikui kout yo pa toujou kenbe pwomès yo. Pa egzanp, yo pwomèt byennèt pou agrikiltè yo men retire yo retire entèmedyè yo vle di tou agrikiltè a pral bourike plis pou fè maketing. Men apre sa, se yon bèl mouvman k ap gaye nan peyi sa yo epi ki ap chèche kare ak sistèm alimantè endistriyèl dominan an epi anrasinen ekonomi manje a nan relasyon sosyal yo, kontrèman ak miltinasyonal ki nan sektè a. E onètman, sa pa gen twòp bagay pou wè ak sa MLM yo ap fè a.
Nan sikui manje ki kout yo, pa gen yon lojik piramid. Se vre yo fè vant dirèk, men tout resanblans ak MLM yo tou kanpe la. Menm nan koze entèmedyè a, nan MLM yo chaje entèmedyè an reyalite si w ap gad jan piramid lan bati a: konsomatè final la vin chaje toutè k ap eseye fè kòb sou tèt li paske yo te rekrite moun. Apre sa, kanta pou relasyon sosyal yo, se pouri yo pouri relasyon moun ak moun. Afòs distribitè yo ap chèche rekrite moun, yo tounen pongongon nan kò pwòch yo e relasyon yo ak moun vin deteryore.
Se sa k fè m te kontan anpil lè Asosyasyon Ayiti Nou Vle a te deside lanse yon inisyativ pou kontrekare mouvman MLM nan. M ap note se pa sèlman Ayiti. Se sa k fè dayè, aletranje tou gen anpil viktim ak ansyen kliyan oswa distribitè MLM yo ki deside met tèt yo ansanm pou denonse move pratik yo. Bagay ki pi senp lan, se montre biznis lan pa rantab vre, sof pou sila ki nan tèt piramid lan (yon ti ponyen moun, an jeneral Blan, moun pa janm kwaze). E sa fasil pou demontre.
Ayiti Nou Vle a se yon asosyasyon ki toujou pwodui kontni li yo an kreyòl pou l pale ak popilasyon an (yon bagay Kreyonomi ankouraje) epi ki te jwe yon gwo wòl nan demare mouvman #PetroCaribeChallenge lan men ki ap travay sou yon seri pwoblèm dimansyon wòdpòte tou pou Ayisyen ak Ayisyèn. Anfen l ap eseye defini yon pwojè sosyete tou pou Ayiti ki bay tèt li yon orizon ki laj, san mache prese. Yo lanse inisyativ tankou http://www.anbatab.ht deja, yon platfòm ki la pou rasanble temwayaj sou koripsyon ann Ayiti yo, menm jan sa fèt nan peyi Lend ak lòt peyi. Kidonk, sa pa yon sipriz ditou si jodi a li antre nan batay kont mouvman MLM k ap prije pèp ayisyen pou anrichi biznis etranje.
Mwen envite nou dekouvri sit yo fenk kreye a, http://www.noupaegare.pub ansanm ak videyo Youtube ki pi ba a pou nou ka aprann plis sou MLM yo ak opòtinite biznis ki genyen tout bon vre ladan yo. Pandan n ap fè sa, n ap woule ti kesyon byen senp sa nan lespri nou: Èske Desalin te mouri pou nou anrichi moun laba pandan n ap apovri Ayisyen ak Ayisyèn parèy nou?
Une réflexion sur “MLM: Desalin pa t mouri pou sa”