Risk ak ensètitid nan travay latè

Ki diferans ou fè ant risk ak ensètitid?

Youn nan sektè kote pwoblèm sa yo plis parèt se nan travay latè. Yon faktori konnen alavans konbyen chemiz l ap ka pwodui chak semèn, chak mwa e menm chak ane. Si se pa peyi a ki bloke, bagay yo ap pase jan li te planifye l la. Men agrikilti pa kon sa. Youn nan pi gwo rezon yo se paske, vle pa vle, agrikilti depann anpil de klima a, de bèt ak maladi ki ka ravaje kilti yo, eks.  

An nou pran klima a. Èske l fè cho oswa frèt? Èske nou nan sezon lepli oswa lesèk? Èske ap gen siklòn? Tout sa yo ak yon bann lòt faktè ankò ki gen pou wè ak meteyo kapab chavire tout plan ki te fèt. Plantè a ka te fin panse li pral gen yon bèl rekòt, li pral byen pase, epi boum! jwèt la gate nan men l.

Se sa ki fè tou, pri pwodui agrikòl yo ak rannman jaden yo chak ane se de bagay ki plis chanje nan sektè sa. An jeneral, plantè a, oswa peyizan an, gentan konnen ki depans l ap bezwen fè lè se moman plantezon. Li konn ki depans l ap bezwen foure nan sistèm li an, men li pa janm fin konnen byen konbyen kòb k ap antre nan pòch li ane sa. Revni plantè a souvan tankou yon yoyo k ap monte desann nan men l. Gen lè sa bon, krab la gra, kon sa tou gen lè se plenn nan kè.

Pi gwo pwoblèm nan se konnen plantè a pa konnen an. Si l te ka gentan konnen alavans sezon sa t ap gen anpil lapli, yon bon pati nan pwoblèm nan t ap rezoud. Predi meteyo pa yon syans egzat. Se sa k fè m konn ap mande tèt mwen si yon moun pa ta dwe toujou mache ak yon ti parapli. Depi w depase 5 jou, ou kòmanse pa twò ka fye kaptèn meteyo ankò. Menm jan an, nou pa janm fin konnen kòman yon sezon pral pase, si ap gen anpil lapli ou pa. Men anpil fwa nou ka gade sou ane anvan yo e sa ka ban nou yon ide ki chans ki genyen pou nou gen yon bèl sezon ane sa a.

Pa egzanp, moun nan kapab gade pandan 10 dènye ane yo, ki sa tandans lan te ye. Se kon sa li kapab jwenn sou chak 10 an, gen 2 ane sèk, 5 ane nòmal ak 3 ane imid kote gen anpil lapli. Lè sa li ka di gen 20% chans pou ane k ap vini an se yon ane sechrès, 50% chans pou li nòmal, epi 30% chans pou gen anpil anpil lapli. Bon, gen yon ti tonton yo rele chanjman klimatik ki vin konplike mòd prediksyon sa yo, men n ap fè kòm si nou pa wè l ozalantou nan kad atik sa a.

Nan ka kote gen plizyè bagay ki ka rive, ou ka pa konn kilès nan yo k ap reyalize men ou konnen ki pousantaj chans ki genyen pou yo chak la rive. Lè kon sa, save yo itilize mo « risk » la pou dekri yon sitiyasyon kon sa kote w konnen ki sa chak opsyon vo.

Tankou, nan egzanp twa senaryo nou te pran pi wo a, n ap di plantè a konnen risk yo, paske li ka di men ki chans ki genyen pou ane a sèk, nòmal oswa imid. Li pa konn kòman ane a ap ye non, men li konnen ki sa ki gen plis chans rive.

Apre sa, lè gen plizyè bagay ki ka rive men ou pa fouti di men ki chans ki genyen pou yo chak la reyalize, yo itilize mo ensètitid la. Kidonk, ensètitid la pi twoub toujou pase risk la, paske lè sa w ap naje nan fè nwa.

Kit ou ann afè ak risk kit ou ann afè ak ensètitid, gen ti prensip ki ka ede w pran bon desizyon. Yo konn rele prensip sa yo « kritè desizyon ». Sa vle di, menm nan inyorans, li posib pou w adopte kèk kritè ki ka ede w fè bon chwa. Moun k ap pran woulib sou « si m te konnen » yo pou jistifye move chwa yo ta dwe petèt mande tèt yo tou èske yo te omwen fè efò pran an kont menm sa yo pa konnen an nan desizyon yo t ap pran an.

Jodi a n ap konsantre sou 2 kritè ki ka ede w pran desizyon nan ka kote ou an fas yon risk. Kritè ensètitid yo pou yon lòt fwa, men depi kounye a si w vle ou ka chèche yo poukont ou (gen kritè Wald oswa maksimin, kritè Savage oswa regrè minimaks, kritè Laplace epi kritè Hurwicz la). Se pa grav si w santi tèt ou kòmanse fè w mal, bagay sa yo konn dekourajan vre, se sa k fè nou sere yo pou lòt okazyon. Risk la pi senp, n ap toke kòn ak li jodi a, toujou atravè egzanp plantè a.

An nou imajine yon plantè ki gen 3 wotasyon kilti diferan li ta ka fè. Yon wotasyon kilti se jan kilti yo youn suiv lòt pandan yon ane (oswa plizyè ane, sa depan). Kounye a, sa ki pase, tou letwa wotasyon plantè n ap pale a p ap bay menm rezilta (rannman, lajan) selon si ane a gen anpil lapli ou pa. Pa egzanp, sa ka rive yon konbinezon pitimi (yon pitimi espesyal) epi apre sa pitimi ankò se li ki wotasyon ki pi enteresan pou ane sechrès yo lè w konpare ak lòt kilti ki pa adapte pou sechrès yo. Men pou yon ane nòmal, ou gendwa wè se yon lòt konbinezon kilti ki mache. Anfen, pou yon ane anpil lapli, yon wotasyon ki sèvi ak plant ki renmen dlo te ka bay pi bon rezilta yo.

Pwoblèm nan, peyizan nou an pa konnen si ane sa se ap yon ane imid, nòmal oswa sechrès. Men esperyans li di l pou chak wotasyon men apeprè ki rannman ak konbyen kòb l ap rantre an fonksyon sezon an. Epi li gen yon ide vag sou chans ki genyen pou ane sa se yon ane nòmal. Men li pa rive deside ki kilti k ap ba l plis chans rantre plis lajan ane sa.

Bon chans pou peyizan nou an, li gen yon pitit li k ap etidye agwonomi Pòtoprens. Li rele l nan telefòn mande l konsèy. Lapoula, pitit la rale telefòn li l kouri chèche ki tandans ki parèt nan kantite lapli ki tonbe chak ane pandan 10 dènye ane yo nan zòn kote papa l ap viv la. Se kon sa li rive tabli, jan nou te wè sa pi wo a, gen 50% chans pou ane k ap vini an se yon ane nòmal, 20% chans pou se yon ane sèk, 30% pou se yon ane imid.

Dezyèm sa ti agwonòm nou an fè se mande papa l eseye sonje pou tou letwa wotasyon kilti li gen nan tèt li yo, lè ane a sèk konbyen kòb sa te rapòte l lè l plante yo. Menm kesyon an pou lè ane a nòmal ak lè li imid.

Pa egzanp, pou wotasyon pitimi-pitimi an, papa l di l sa rapòte li 10 000 Goud si ane a imid, 9000 Goud si ane a nòmal, epi 8000 Goud pou yon ane sechrès. Kidonk, sechrès la pa twò twò afekte l.

Nan dezyèm wotasyon an (ki petèt sèvi ak mayi, ki renmen dlo), lè ane a imid li rapòte 17 000 Goud (plis lontan pase pitimi an), lè ane a nòmal li rapòte 12 000 Goud, men lè se yon ane sechrès se katastwòf nèt, li rapòte sèlman 5 000 Goud.

Anfen, kanta pou twazyèm wotasyon an (yo di asòlman tou), se yon konbinezon ki bay pi bon rannman toujou lè gen sechrès (petèt yon wotasyon ki sèvi ak kalalou gonbo). Wotasyon sa menm li bay 9 000 goud lè ane a gen anpil anpil lapli, 10 000 Goud nan ane nòmal, epi 14 000 Goud nan ane sechrès.

Bon, chif sa yo pa bon chif, men yo ofri nou yon tablo ki rezime pwoblèm nan (tout chif yo an milye goud).

Sa w tande a agwonòm nan rale kalkilatris li epi li di papa se dezyèm wotasyon an pou w ta eseye wi (sa nou te di ki petèt itilize mayi a). Li di papa a kon sa se li ki gen plis chans fè l fè plis kòb! Li di dayè, ou ka kontinye fè l chak ane. Menm si gen sezon kote sa p ap twò bon, menm jan gen sezon kote krab la ap gra (lè ane a imid), ebyen an mwayèn w ap ka espere fè 12 100 Goud, alòske pou lòt wotasyon yo maksimòm ou ka espere fè an mwayèn se 10 500 Goud (wotasyon #3). Wotasyon pitimi an menm, se li ki mwens enteresan, paske maksimòm ou ka espere fè avè l an mwayèn se 9 100 Goud. Kòman agwonòm nan fè pou l bay papa l yon repons rapid kon sa?

Pa gen maji non. Li sèvi ak kritè maksimizasyon esperans matematik revni chak wotasyon. Woy! Sa parèt konplike, men li pa konplike pase sa. Li pran yon wotasyon, li gade konbyen li gen chans rapòte pou chak tip ane epi li adisyone tout.

Tankou la, asòlman ki sèvi ak pitimi an rapòte 8000 lè se ane sechrès, men ane sechrès yo ra (20% nan ane yo sèlman ki se ane sechrès dapre tablo a). Kidonk, wotasyon pitimi an gen chans rapòte 8000 goud 2 fwa sèlman sou 10, kidonk li gen chans rapòte w an mwayèn 1600 Goud. Ou fè menm lojik la pou ane nòmal ak ane imid, epi w adisyone tout rezilta yo pou w ka jwenn konbyen kòb an mwayèn ou gen chans rantre ak wotasyon sa pou yon ane kèlkonk. Pou wotasyon pitimi an w ap jwenn 9100 Goud, 12 100 Goud pou dezyèm wotasyon an, epi 10 500 Goud pou twazyèm nan.

Kalkil agwonòm nan bon wi. Men li twò senp tou. Plen bagay li neglije. Pa egzanp, èske papa l se yon moun ki renmen pran risk oswa pa renmen pran risk? Sa tou gen kritè ki pèmèt ou pran li an kont. Men nou p ap rantre nan detay sa yo. Pou plis enfòmasyon sou fason jan nou pridan oswa pa kyè ka chanje desizyon nou yo, mwen envite nou li biyè blòg sa a m te ekri (an franse).

Men pratikman, peyizan yo pa pèdi tan fè tout kalkil sa yo. Men yo pa egare nonplis. Yo gen pwòp estrateji yo yo deplwaye pou minimize risk yo. Pa egzanp, yo divèsifye kilti yo. Yo raman plante yon sèl bagay, pafwa yo mete tèl kilti sou yon tè epi yo plante yon lòt bagay nèt sou lòt tè yo genyen yo. Kon sa, si yon jaden pèdi, lòt la ava sove.

Estrateji divèsifikasyon sa tou gen kalkil matematik nou ka fè pou ede nou analize l. Pa egzanp, ki kantite tè peyizan an ta dwe simen pitimi sou li, ki kantite tè li ta dwe itilize pou mayi, eks., pou li ka gen chans rantre yon maksimòm kòb? Sa tou, se detay nou p ap rantre ladan yo pou jodi a.

M vle fini atik sa ak yon pwen ki enpòtan anpil. Peyizan nou yo pa plante pou lajan sèlman. Yo plante pou nouri tèt yo tou. Ki vle di, anpil fwa, yon bon pati nan rekòt la sèvi pou bay kay la manje. Se sa yo konn rele otokonsomasyon an, oswa konsomasyon pou pwòp tèt ou. Sa se youn nan mak fabrik rapò peyizan nou yo ak ekonomi global y ap entèraji avè l la. Yo fè komès, yo vle fè kòb (yo pa gen chwa, yo bezwen kòb pou yo ka achte lòt bagay ki pa manje). Toutfwa, yo kenbe yon fòm otonomi, yon fòm granmounite ki fè yo pa janm fin mele nèt ak ekonomi machanday la. Se youn nan fason libète yo, ki se reflè kilti bosal milye riral la erite e konsève a, rive manifeste. Men sa n ap sere li pou bal.

Votre commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l’aide de votre compte Twitter. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s