Abse sou klou: tranblemanntè 14 dawou, Grace, kriz agrikòl ak lamanjay nan Gran Sid la

Nan dat ki te 14 dawou 2021 an, a 8È29 nan maten, Ayiti viv yon gwo tranblemanntè. Tranblemanntè sa, ak yon mayitid 7.2, ta menm libere 2 fwa plis enèji pase tranblemanntè 12 janvye 2010 la (mayitid 7.0) ki te lakoz anpil anpil moun mouri.

Foto pi ba a montre kote sekous 12 janvye yo te pi fò yo (plis koulè a fonse, plis sekous la te fò nan zòn sa). Jiska prezan, gen flou sou konbyen moun egzakteman ki te pèdi lavi yo nan tranblemanntè sa. Chif yo varye soti 85 000 moun USAID te pwopoze an me 2011 lan, pase nan 222 570 gouvènman ayisyen an te anonse an Mas 2010 la (anpil medya gwo medya sanble adopte chif sa), rive nan 316 000 leta ayisyen te finalman anonse an janvye 2011 lan. Tout jan, se te yon katastwòf terib, ke m te viv an pèsòn e ki jiska prezan twomatize moun lakay mwen (kè nou sote chak ti bri gwonde nou tande) ak anpil moun mwen konnen.

Haiti earthquake of 2010
Sous: Britannica

Menm jan ak anpil Ayisyen nan jou 14 dawou ki sot pase a, manman m viv (e erezman siviv) tou de evènman yo, e chak fwa li te nan yon zòn kote sekous la te fò (Kafou an 2010, Fondèblan an 2021). Pou kounye a, dapre chif Pwoteksyon Sivil pibliye pou 16 dawou 2021 an, gen plis pase 1400 moun ki mouri akoz tranblemanntè 14 dawou 2021 an. Chif sa riske kontinye gwosi malerezman, men nou gen espwa kantite reskape yo ap gwosi paske anpil moun mobilize pou al sove sila ki kwense toujou anba dekonm yo.

Chif yo evolye rapidman, e pou jodi 17 dawou men statistik pi detaye Pwoteksyon Sivil rann disponib sou pèt ak dega tranblemanntè 14 dawou 2021 an lakoz. Kat yo reprezante kantite kay ki detwi, kantite kay ki fisire oswa andomaje, kantite moun ki blese ak kantite moun ki mouri. Zòn ak koulè pi fonse yo, se zòn ki plis afekte yo.

Tranblemanntè 2010 la te plis frape Pòtoprens. Episant li te pi pre Pòtoprens (pa lwen vil Lewogàn) pase sa 2021 an, men toujou a lwès Pòtoprens. Li natirèl pou nou chèche konpare 2 tranblemanntè sa yo, jan anpil jounal te gentan kòmanse fè l. Menm si gen 10 lane ki separe yo (e pandan tan sa anpil bagay, tankou aksè a mwayen kominikasyon yo, chanje) e menm si kantite moun ki mouri yo ak kantite dega yo klèman pa menm, 2 evènman yo choke menm jan e pouse nou reflechi sou jan nou jere risk ak dezas nan peyi sa ak sou yon seri risk ki pandje sou tèt nou san rete tankou yon epe Damoklès.

12 janvye 2010

Mayitid li se te 7.0 sou echèl Richter a. Episant li te sitiye a 18°28′N 72°32′W. Okòmansman, yo te panse li se rezilta aktivite nan fay Enriquillo–Plantain Garden, yon fay ki soti Dominikani (lak Enriquillo), travèse pati sid Ayiti a, pou l al fini Plantain Garden nan Jamayik. Men Pwofesè Éric Calais nan mikwo Roberson Alphonse fenk raple se pa sèl fay Enriquillo a ki nan pati sid peyi a, gen lòt fay segondè tou, espesyalman nan lanmè a. Epi yon rechèch li menm ak ekip li te pibliye nan Nature an 2010 montre pa t gen prèv tranblemanntè 12 janvye se fay Enriquillo a ki te lakoz la, yo te pito jwenn tras aktivite nan yon fay pèsonn pa t konnen avan ke yo bay non « Fay Lewogàn » ki pi wo (nan nò fay Enriquillo a) prèske paralèl ak fay Enriquillo a. Men fay Enriquillo a se youn nan 2 gwo fay, ansanm ak fay septantriyonal la ki li menm travèse nò peyi a, ki lakoz gwo tranblemanntè ann Ayiti, tankou 2 gwo tranblemanntè 1751 ak 1770 yo nan Pòtoprens. Avan tranblemanntè 2010 la, dènye gwo tranblemanntè ki te fèt nan zòn sa se te an 1860.

14 dawou 2021

Mayitid li se 7.2 sou echèl Richter a. Episant li sitiye a 18.408°N 73.475°W. Kidonk, li te pi a lwès Pòtoprens pase sa 2010 la, toujou sou menm fay la. Gen spesyalis ki panse li se yon repèkisyon tranblemanntè 12 janvye 2010 la, tankou yon efè domino, e li posib tou pou pwochen tranblemanntè sou fay la kontinye fèt a lwès nan menm lojik la. Men se yon teyori, anyen pa sèten. Epi pa ko gen prèv se fay Enriquillo ki lakoz. Pwofesè Éric Calais souliyen pou pati a lès Pòtoprens lan, ki travèse Sendomeng tou, sa fè prèske 1000 an zòn sa sanse pa aktif, e kòm kounye a fay Enriquillo a sanble ap reyaktive l, gen gwo danje tou pou Sendomeng ki nan pati a lès fay la. Sou kat pi wo a, nou ka wè kèk nan zòn ki te frape pi fò yo jou 14 dawou 2021 an, kote yo pozisyone parapò ak episant lan.

New York Times te pwopoze yon kat ki montre jan entansite tranblemanntè a ap bese tank ou pi lwen episant lan. Gwo tranbleman yo ou te plis santi yo nan yon reyon ki kouvri rive jis Jeremi agoch episant lan, epi rive yon ti jan pi lwen Ti Gwav adwat episant lan sou kat la. Pa an wo, li rive jis zile Lagonav, epi li pran tout pati sid peyi a ki pa anba Jeremi ak Ti Gwav. Ladan gen Okay ak Aken nou ka wè ki nan lizyè zòn kote sekous yo te pi fò a. Malgre depatman Sid la sanble atire plis atansyon, nou pa dwe neglije depatman Nip la, ki dayè se kote episant lan plase e ki gen plizyè zòn ki rapòte dega (se sa ti kare gri yo reprezante sou kat la e nou ka retounen nan kat Pwoteksyon Sivil yo pou plis detay). Apre sa, yon bon pati nan Latibonit, yon pati nan rès depatman Lwès la ak rès depatman Sid-Ès la te santi kèk sekous ki plizoumwen fèb.

Malgre konparezon aspè teknik ak dega materyèl 2 tranblemanntè sa yo inevitab, m pa panse se linèt sa k ap ede nou konprann pi byen gravite katastwòf nouvo tranblemanntè sa bay wè nan ti tou pòt aktyalite yo. Gen anpil bagay nou pa ko konnen toujou sou enpak tranblemanntè 14 dawou 2021 an, men gen anpil bagay nou konnen sou katastwòf ki pase deja ki te afekte peyi a depi 12 janvye 2010 la ak kontèks ki t ap layite kò l nan Gran Sid la avan tranblemanntè 14 dawou a. Si nou ret fèmen nan konparezon 2010-2021 oswa konparezon Pòtoprens-Gran Sid la, nou riske pase akote kèk eleman ki fè mak fabrik sa k ap pase nan Gran Sid la e ki montre nou tout gravite l.

Nan biyè sa, m ta renmen atire atansyon sou anje agrikòl ak alimantè tranblemanntè 14 dawou 2021 an soulve. Atravè linèt sa, li menm posib pou nou di gen risk pou tranblemanntè sa louvri baryè pou yon degrengolad agrikòl ak yon kriz alimantè ki grav anpil. N ap kòmanse ak yon flachbak rapid sou enpak 12 janvye te genyen sou agrikilti, apre pou n pran enpak ouragan Matthew ak tanpèt twopikal Laura te genyen, kontèks ensekirite alimantè ak pwoblèm klimatik nan Gran Sid la, pou nou rive nan sa ki posibman ap ret tann Gran Sid la akoz efè konbine tranblemanntè 14 dawou a ansanm ak tanpèt Gras la sou plan agrikòl ak alimantè.

Goudougoudou 2010 la te souke mond riral la fò men l te plizoumwen leve kanpe

Tranblemanntè aji sou agrikilti peyi a divès fason. Youn nan fason dirèk li ka aji se lè li kraze enfrastrikti agrikòl, tankou kannal irigasyon pou wouze jaden yo. Men gen fason endirèk tou li ka boulvèse fonksyònman sektè agrikòl la. Ebyen, tranblemanntè 2010 la, malgre se plis vil yo ak arebò vil yo li te touche, te gen gwo konsekans sou sektè agrikòl la tou. Apre moun ki mouri ak blese epi dega ki te fèt nan sektè konstriksyon an, sektè agrikòl la se klèman youn nan sektè ki te pi touche.

Nan yon rapò Ministè Agrikilti te soti sou enpak goudougoudou 2010 la sou sektè sa, yo note pifò enpak yo te sitou endirèk. Sa ki pase, anpil moun te deplase an foul retounen an pwovens kote fanmi yo soti, apre yo fin pèdi kay yo Pòtoprens. Ototal, ant 800 000 e 1 milyon te deplase. Flèch ki nan foto pi ba montre mouvman popilasyon yo ak kantite moun yo estime ki te deplase. Nan foto a, zòn ki gen koulè pi fonse yo se zòn kote tè a te tranble pi fò yo. Sa se yon fason, ki rele MMI, nou ka mezire entansite tranblemanntè yo, anplis mayitid echèl Richter nou konnen an (ki li menm mezire fòs oswa enèji tranblemanntè a degaje a).

Nou ka wè se sanse tout depatman yo ki resevwa moun ki soti nan Lwès apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Jan nou ka wè sa, Gran Sid la te resevwa yon bon kou moun. Gen zòn nan Gran Nò a pa egzanp, ki te konn gen 5 rive 6 moun an mwayèn nan fwaye yo, ki vin rapòte 10 moun anndan kay la an mwayèn. Mond riral la te jwe yon gwo wòl eponj ki te kontribye nan rezilyans peyi a apre gwo katastwòf sa. Epoutan, byen avan sa, mond riral la t ap fè fas ak pwòp pwoblèm ensekirite alimantè li. Ki vle di, anpil fwa, se fanmi ki te deja ap bat dlo pou fè bè ki vin oblije akeyi moun ki deplase sot byen lwen ak 2 men yo 2 pye yo paske yo pèdi tout sa yo te posede.

Te gen efè dirèk tou, sitou nan depatman lwès la, menm si se pa yo ki te pi remakab. Anpil moun lè y ap panse a agrikilti, depatman Lwès la pa premye sa ki monte nan tèt yo. Poutan, Lwès gen yon tradisyon agrikòl ki byen etabli e se youn nan gwo zòn pwodiksyon agrikòl nan peyi a. Antouka, dega tranblemanntè 2010 yo te potansyèlman afekte nenpòt 3500 ekta tè. Ministè Agrikilti te evalye efè dirèk yo a 31 milyon dola US, 26 milyon ladan se te akoz byen fizik ki kraze. Pi presizeman, anplis sistèm irigasyon ki te pran frap, te gen kèk sant stokaj ak inite transfòmasyon ki te kraze.

Tout sa met ansanm te fè yo pè pou agrikilti peyi a pa t fè bak e pa ka reponn a nouvo egzijans li yo, sitou ak tout moun ki te deplase yo. Men etranjman, tèlman gen efò, lajan ak resous ki te enjekte nan agrikilti a pou soutni li apre tranblemanntè 12 janvye a, ta menm sanble efè final goudougoudou sou agrikilti a te pozitif, dapre Ministè Agrikilti. Statistik sou valè ajoute yo ta menm sanble te pwogrese ofinal an 2011, toujou dapre Ministè Agrikilti. Men, an menm tan, analiz makwoekonomik pi resan, ki soti an 2019 la, montre tranblemanntè 12 janvye a ta sanble te gen yon efè negatif dirab sou kwasans sektè agrikòl la ak ekonomi ayisyen an an jeneral. Pa egzanp, nan foto pi ba a, yon analiz kontrefaktyèl montre jan sektè a te ka evolye (liy pwentiye yo) si tranblemanntè a pa t pwodui, nou ka konpare l ak koub fonse ki reprezante jan li evolye toutbon an, ki rete pa an ba depi 2010. Vrèman vre, malgre entèvansyon leta ak lajan ki te enjekte nan sektè a apre tranblemanntè a, nou p ap bliye wout yo ki kraze a, epidemi kolera a ki ta sanble te favorize konsomasyon pwodui etranje, san bliye mizè jeneral la li ogmante, sa ki ka ralanti demann nan sektè a (menm si, mizè pa mizè, moun ap konsome kanmèm).

Sous: Best ak Burke (2019)

Malgre tout sa w tande, nan ka tranblemantè 14 dawou 2021 an, pa gen garanti ap gen omwen menm mobilizasyon an pou kore sektè agrikòl la nan Gran Sid la. Poutan, jan nou pral wè sa, se yon zòn ki te ajenou toujou sou plan agrikòl byen avan tranblemanntè a, akoz efè pil sou pil yon seri katastwòf ak evènman « natirèl » (ladan tou gen sechrès kou inondasyon), mete sou sa grangou k ap taye banda ladan.

Matthew ak Laura

M te nan mitan yon sesyon etid difisil nan Kebèk lè premye foto ravaj Matthew yo te vin jwenn mwen, ann oktòb 2016. Gen yon foto vil inonde m sonje m te wè ki te patikilyèman bay yon enpresyon lafendimonn. Se te yon gwo chòk nan mitan kominote etidyan ayisyen yo. Rapidman, anpil nan nou t ap chèche kòman nou ka ede, yon fwa ankò san pran tan mande tèt nou ki sa moun yo bezwen. Finalman, nou te reyalize kowòdinasyon yon èd kon sa a distans pa t fasil, sitou te gen anpil egzajerasyon ak fo enfòmasyon k ap sikile konsènan dega Matthew yo. Nou te finalman chèche lòt fason nou ka ede.

Hurricane Matthew devastates Haiti's southern peninsula – Liberation News
Sous: Libération

Siklòn Mathew te debake Ayiti 4 oktòb 2016 nan maten, Les Anglais. nan Sid Ayiti. Se youn nan siklòn ki pi pisan ki pase Ayiti depi ane 1960 yo, ak yon seri rafal van a yon vitès tèt chaje. Pi presizeman, se te yon ouragan. Siklòn nan te sanse frape tout peyi a, men se Gran Sid la (espesyalman depatman Grandans lan) ki te plis frape. Van, lapli ak inondasyon vil sou kot yo (tankou Jeremi ak Okay) te lakoz plis pase 500 moun mouri (546, chif ofisyèl), prèske yon demimilyon te bezwen èd imanitè. E siklòn nan te detwi enfrastrikti, ratibwaze jaden yo, tiye anpil bèl ki nan gadinaj, pou m site sa yo sèlman.

Pi presizeman, nan Grandans, se pratikman tout kilti yo ki te ratibwaze, 50% bèt elvaj mouri e komès te paralize. Nan depatman Sid la, 90% nan kilti ki nan zòn Okay la te pèdi e aktivte lapèch te paralize, san bliye ekipman yo te pèdi. Nan Nip pousantaj sa yo te ant 60 e 80% pou kilti ki pèdi yo. Nan Sidès, yo atenn 80% pou kèk plantasyon tankou bannann, zaboka, eks. Te gen dega tou nan lòt depatman, men sa nou vle souliyen, sèke sa gen apenn 5 an, peyizan Gran Sid yo te pèdi prèske tout sa yo te genyen. Natirèlman, te gen repons ak efò pou ede yo rekapitalize yo (tankou Bank Mondyal te re-afekte 150 milyon dola US pou remanbre sektè sa yo), men lè an 2021 tranblemanntè a pwodui a, zòn nan pa t ko janm fin reprann kab li. E nou dwe note tou Matthew te asosye ak yon remonte ka kolera sispèk yo.

Nou p ap bliye tou, te gen inondasyon an 2017 akoz lapli 20-24 avril yo ki te lakoz anpil dega nan sektè agrikòl la ankò epi tou dènyèman la, nan mwa dawou 2020, te gen tanpèt twopikal Laura. Laura te lakoz pèt agrikòl soti 50 rive 80% pou kèk kilti nan depatman Sidès la. An jeneral, te gen pèt agrikòl nan Sidès, nan Grandans, nan Nip e menm nan Lwès, nan pati sid depatman Atibonit la ak nan Nòdès. Laura te yon faktè ki te vin mangonmen sitiyasyon ak previzyon ensekirite alimantè grav nan Gran Sid la tou pou ane rès 2020 ak 2021 an. Byen avan tranblemanntè a, kèk analis te gentan krenn pou konsekans Laura ak peryòd siklonik lan ki sanble ap vin pi awoyo chak ane (petèt sa gen lyen ak chanjman klimatik yo) pa plonje kèk zòn nan pati Sid peyi a nan stad ijans nan klasman ensekirite alimantè yo. Men alepòk, petèt plis je te brake sou spektak inondasyon ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture la (yon lòt fwa ankò).

Grangou

Mwen te kontakte yon zanmi m nan Konsèy Nasyonal Sekirite Alimantè (CNSA) ki abitye travay sou jewografi ak ekonomi grangou ann Ayiti. M te bezwen konn si pa ko gen nouvo done oswa analiz disponib sou ensekirite alimantè nan zòn tranblemanntè 14 dawou a frape yo. Li di m gen ankèt y ap fè aktyèlman la, men sa ap pran ti tan anvan rezilta yo ak analiz yo pare. N ap rete an kontak, men m di menm si nou pa ko gen twòp enfòmasyon presi sou sitiyasyon alimantè apre 14 dawou a nan Gran Sid la, gen kèk bagay nou te konnen deja.

Dènye rapò IPC mete disponib sou sekirite alimantè ann Ayiti a, se yon rapò ki soti an 2021. Li kouvri peryòd dawou 2020 rive fevriye 2021. IPC a se yon klasifikasyon k ap eseye ofri yon linèt komen pou prezante eta sekirite alimantè nan peyi yo atravè mond lan. Li rekonèt 3 dimansyon oswa echèl nan ensekirite alimantè a: youn pou ensekirite alimantè grav (insécurité alimentaire aigue), youn pou ensekirite alimantè kwonik, epi youn pou malnitrisyon grav. Jodi a n ap konsantre sou premye a. Li gen 5 faz:

  1. Minimal (lè sa nou ka di gen sekirite alimantè)
  2. Pwononse
  3. Kriz
  4. Ijans
  5. Katastwòf oswa Famin

Yo konsidere, depi yon zòn nan faz 3, 4, 5 yo, li mande yon entèvansyon ann ijans. Ann Ayiti, pou peryòd dawou 2020 rive fevriye 2021 an, 42% popilasyon an te nan sitiyasyon sa. Pa t gen okenn zòn ann Ayiti ki te nan faz katastwòf oswa Famin nan. Toutfwa, plis pase 905 mil moun te nan faz Ijans lan, e plis pase 3 milyon te nan faz Kriz la. Nan tout depatman yo ou jwenn moun ki nan faz ijans wi, men zòn ke yo klase sistematikman nan faz Ijans lan se te Nòdwès (ak Lagonav tou). Apre sa, si nou t ap itilize koulè oranj pou faz kriz la, pratikman tout peyi a t ap oranj.

Se vre depatman ki nan Gran Sid yo pa fòseman depatman ki gen plis pousantaj moun ki nan faz Kriz, men lè w konbine faz Kriz ak faz Ijans ansanm, gen 2 nan depatman sa yo ki pami depatman ki gen plis pousantaj moun ki bezwen yon entèvansyon ijans nan peyi a: Sidès (48% moun), Grandans (45% moun). Depatman Sid (32%) ak depatman Nip (35%) nan lòt pwent lan. Yo se 2 depatman ki te gen mwens pousantaj moun ki nan faz Kriz oswa pi faz ki pi grav. Donk sa pa t pi mal.

Sitiyasyon ensekirite alimantè nan peyi a pou peryòd dawou 2020 rive fevriye 2021

Men, e se la analiz la vin enteresan, pwojeksyon yo te fè pou peryòd mas rive jen 2021 yo revele yon lòt tablo nèt. Depatman Nip sot nan 35% pou l pase a 45% e depatman Sid sot nan 32% pou l pase a 40% moun ki nan faz Kriz oswa Ijans, sou plan alimantè. Sidès li menm, ki te a 48% pase 50% e Grandans ki te a 45% pase a 49%. Sa yo se te prediksyon e nou pa ko gen nouvo done yo. Men sa sa revele, sitiyasyon alimantè nan Gran Sid la te gentan ap agrave e 2 depatman ki sanble plis frape nan tranblemanntè 14 dawou a, sitiyasyon yo te sanble plizoumwen ap deteryore rapidman avan tranblemanntè a.

Ki fè la, gen anpil chans pou se nan kontèks sa, kote agrikilti zòn nan te deja frajilize e dekapitalize apre seri evènman ki pase nan Gran Sid la pandan dènye deseni an (siklòn, inondasyon), wi, se nan kontèks sa tranblemanntè 14 dawou 2021 an debake. Sitiyasyon nan Gran Nò a ap deteryore tou wi nan koze sekirite alimantè (sitou nan Nòdwès, e sa pa ka kontinye kon sa), men pou kounye a nou konsantre analiz la sou Gran Sid la, etandone se li ki ap fè fas ak katastwòf natirèl. Sa ki pi enkyetan an, se tanpèt twopikal Grace ki sou Gran Sid la aktyèlman e ki riske agrave senaryo sa yo.

Prediksyon IPC fè pou ensekiritè alimantè grav nan peyi a pou mas rive jen 2021

Agrikilti ak sekirite alimantè nan Gran Sid la apre tranblemanntè 14 dawou a: ki espwa?

Objektif analiz sa se te montre se nan yon peyizaj ekonomikman frajil e frajilize, kote grangou te deja ap vale teren, tranblemanntè 14 dawou 2021 an debake. Te gen yon ijans avan 14 dawou nan zòn sa yo, gen yon ijans kounye a, e ap gen yon ijans apre tèt cho tranblemanntè a « fini ».

Jose Luis Fernandez, reprezantan FAO ann Ayiti, te byen souliyen sa, dapre The Washington Post, lè li di tranblemanntè sa:

« pral rann sitiyasyon sekirite alimantè a nan peyi a mangonmenn, espesyalman nan zòn sid yo. Gen foto plizyè wout ak pon ki kraze. Sa pral bloke sikilasyon manje. »

Pou kore sa l di a, lè ou konnen Okay, youn nan gwo makèt nan zòn nan kraze, ou reyalize, jan Miami Herald souliyen sa a, konsekans tranblemanntè 14 dawou 2021 an sou chèn apwovizyònman manje yo riske dire anpil tan.

Yon kote, gen repons ann ijans ki dwe bay la. Moun yo pa gen kote pou yo dòmi (sitou tanpèt Grace kòmanse mouye moun k ap dòmi nan lari yo), pa gen manje, pa gen dlo potab, gen bezwen medikaman ak lòt koze ankò. Leta deside se Pwoteksyon Sivil fwa sa ki pou kowòdone efò yo. Tout moun oswa enstitisyon ki vle ede dwe kontakte Pwoteksyon Sivil avan. Nan mikwo Roberson Alphonse ki t ap mande si « santralizasyon » sa pa ralanti èd la, Jerry Chandler, Direktè Jeneral Pwoteksyon Sivil la, te esplike se sèlman enfòmasyon an ak kowòdinasyon an ki « santralize », men sa pa retire okenn inisyativ pèsonèl oswa prive e se pa Pwoteksyon Sivil ki pral asire lojistik pou moun ki vle ede yo (sof si sa ta nesesè). Dispozisyon sa ta vize evite gagòt ki te genyen an 2016 nan jesyon èd ak distribisyon èd apre ouragan Matthew la, kote gen zòn ki te jwenn anpil pandan gen lòt ki pa t jwenn ase.

Men se depi kounye a tou nou dwe kòmanse prepare repons pi dirab yo, paske lè èd ijans lan fin ale, ensekirite alimantè ki te gentan ap vale teren nan Gran Sid la jan nou sot montre sa riske kontinye gaye kò li fas ak yon popilasyon ki gen mwens resous pase sa li te genyen avan tranblemanntè 14 dawou a. Ministè Agrikilti ak agwonòm yo, ki an jeneral, trè pwòch milye riral la, ta dwe aktivman patisipe nan repons tranblemanntè a ak Grace la.

Jiska prezan, e sa nòmal, se sitou pwofesyonèl sante yo nou wè. Dayè m bat bravo pou jan yo te rive mobilize e òganize yo nan yon ti kras tan pou al pote èd. Se veritab ewo moun sa yo ye. Men m panse agwonòm yo gen yon wòl pou yo jwe tou sou teren sa yo. Milye riral la pa tankou vil yo. Ou pa ka antre ladan yo nenpòt ki jan. Moun yo pa gen menm rapò ak latè oswa kay kote yo rete. Se pa menm filozofi ak Pòtoprens oswa lòt gran vil yo. Dayè Doktè Chandler t ap di sa, se yon lòt sosyoloji e sa redui chans tou pou moun sa yo deplase an mas (jan sa te fèt apre 12 janvye a), paske fòk pa ta gen espwa ditou pou yon peyizan kite tè l ak vi l t ap mennen al ret nan yon lòt zòn.

Èd yo dwe pran an kont anpil nan moun nou pral ede yo se pwodiktè yo ye ak machann yo ye, ki fè se pa moun ki sèlman bezwen èd ijans (manje, swen, eks.), men ki ka bezwen entran, kapital ak resous pou remete biznis yo, plantasyon yo sou pye. N ap tann rapò Ministè Agrikilti ak Resous Natirèl la ansanm ak enplikasyon plis agwonòm tankou tè sèk k ap tann lapli. Nou pa ka kite Gran Sid la peri.

2 réflexions sur “Abse sou klou: tranblemanntè 14 dawou, Grace, kriz agrikòl ak lamanjay nan Gran Sid la

Votre commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l’aide de votre compte Twitter. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s