Lendi sa nou vle? Nou te konn ti reklam sa a ? Ladan yo t ap fè pwomosyon manje peyi, chak jou te mache ak yon pla peyi « tipik ». Pou moun ki pa konnen yo, lendi se te mayi ak pwa, bon jan legim.
Lontan se ti son an ak kè kontan ki ladan an ki te plis enterese m. Men tank tan ap pase, m vin ap konprann pi byen enpòtans mesaj ki te nan ti reklam « manman doudou » Mèt Fèy Vèt la. Ti chante a t ap eseye defini ki sa « manje » peyi ka vle di pou Ayisyen ak Ayisyèn.
Men sa ki pi enpòtan toujou nan chante « manman doudou » a, se te yon envitasyon pou nou reflechi nonsèlman sou sa n ap manje men tou sou ki sistèm n ap chwazi ankouraje nan fason n ap manje, pwodui manje, ankadre manje nan peyi a. Refleksyon sa yo dwe kontinye.
Gen yon lòt ti chante yon zanmi te fè m dekouvri dènyèman pandan m t ap pale sou sa avè l. Nou ka tande l pi ba a sou Youtube. Anplis yon lis « manje peyi » ki pi varye e pi konplè pase sa nou jwenn nan reklam « manman doudou » Mèt Fèy Vèt la, chante sa klèman poze manje peyi a kòm manje ki pi bon an, paske li « natirèl », « bon pou lasante », « san pwodui chimik », epi li ta pi gou pase manje etranje.
Sa ki kanmèm amizan nan tout « kalite » sa yo yo asosye ak manje peyi yo, se ke prèske tout peyi gen menm diskou a. Peyi yo ak rejyon yo panse manje lokal « pi bon » an jeneral, pou prèske menm rezon yo, malgre rechèch ki fèt pa toujou demontre relasyon koz-efè sa yo pi djanm pase sa. Sa ki petèt varye se jan yo defini « lokal » la soti nan yon peyi al nan yon lòt. Ann Ayiti, dapre chante a, lokal ka vle di « peyi » (manje ki fèt ann Ayiti) oswa li ka gen pou wè ak yon zòn byen presi ki gen bon repitasyon nan pwodui manje sa. Egzanp:
Si w bezwen bon dous makòs, ale Ti Gwav
Konparèt ak bon tonmtonm, al Jeremi
E si w bezwen bon jan kasav, ale Okap
E si w bezwen bon jan lalo avèk diri, Latibonit
Mango, tchaka avèk bon kann, al Lewogàn
E si w bezwen bon jan kleren, al Sen Michèl
Pwa kongo avèk manyòk, al Tomasik
Nan dat 23 septanm 2021 ki ap vin la, Nasyonzini pral òganize yon Somè sou Sistèm Alimantè. Se ap okazyon pou yo reflechi sou fason sistèm alimantè yo ka kontribye nan reyalizasyon Objektif Devlopman Dirab yo (ODD), sitou dezyèm Objektif la, ki ka rezime kon sa: Zewo Grangou disi 2030. Men lè n al pi an detay, objektif la pliryèl paske, dapre Nasyonzini sa mande:
- aksè jeneralize a « bon manje »
- kwape malnitrisyon
- pwodui plis manje ak plis efikasite (menm si sa poukont li pa garanti anyen)
- devlope sistèm alimantè ki rezilyan fas ak katastwòf ansanm ak gwo estrès e ki p ap degrade anviwònman an
- pwoteje agwobiyodivèsite a
- ankouraje rechèch ak vilgarizasyon teknik ki efikas e respekte anviwònman an
- komès entènasyonal lib e libè (sa ki diskitab, etandone sa pa toujou favorize ti peyi yo), epi anfen
- mache k ap fonksyone luil luil.
Otreman di, nou ta bezwen yon sistèm manje ki pi dirab pou atenn objektif sa yo. Mache manje lokal yo se youn nan solisyon yo pwopoze pou atenn objektif sa yo.
Sistèm manje globalize a se yon sistèm kote manje yo ka sot nenpòt kote nan mond lan san w pa janm konn kiyès ki pwodui yo (moun k ap nouri w yo pa konn kiyès y ap nouri e ou menm tou ou pa konn kiyès k ap nouri w). Yo kritike l anpil, sitou pou branch ki soti nan peyi rich yo, akoz konsekans grav agrikilti endistriyèl li ankouraje a genyen sou anviwònman an, sou kominote yo, sou sante konsomatè yo ak sou pwodiktè yo. Kidonk, se youn nan pi move kandida pou ta atenn objektif devlopman dirab Nasyonzini fikse yo, sof petèt pou kesyon gwo rannman yo. Men nou dwe konprann, malgre sistèm agwoendistriyèl la pa gen parèy nan koze rannman, sa pa anpeche jiska prezan agrikilti ki pwodi 80% manje nan mond lan, se pa agrikilti endistriyèl la, se pito yon agrikilti kote nou jwenn yon pil ti plantè, espesyalman peyizan. Manje lokal yo, ki souvan soti nan ti agrikilti sa, nan sans sa, kontinye yon solisyon rechany ki merite konsidere.
Malerezman, pifò rechèch ki fèt sou manje lokal ak sistèm manje ki dirab an jeneral, se…peyi rich yo ki pwodui l pou peyi rich yo ankò. Gen yon gwo rale dènyèman yon ekip chèchè fè sou prèske 1300 atik syantifik ki pwodui deja sou kesyon sistèm manje ki dirab la depi ane 1990 yo. Yo dekouvri Amerik di Nò ak Ewòp konsantre pifò rechèch yo. Mwen metrize literati sa trè byen, paske se sou manje lokal nan peyi tankou Kanada m ap ekri tèz doktora m nan, e tanzantan m ap gen pou m tounen sou sa. Ann atandan, pou moun ki li anglè yo, men 3 sentèz (youn, de, ak twa) ki fenk soti, pandan ane 2021 an, sou manje lokal ak sistèm manje dirab, sitou nan kontèks peyi devlope yo.
Men sa m sitou vle fè sou blòg sa, se ofri yon fenèt sou rechèch ki fèt sou manje lokal nan peyi an devlopman yo (m plizoumwen konnen yo tou), menm si yo pi ra, sitou rechèch ki ka ede nou konprann ki potansyalite manje lokal ofri ann Ayiti nou ta merite eksplwate. Pa egzanp, ki labèl nou ta merite eksplore? Èske Endikasyon Jewografik pou manje tipik ayisyen yo ka yon zouti devlopman teritwa ann Ayiti? Kòman nou ka optimize mache manje lokal yo? Kòman nou ka ogmante konfyans konsomatè yo nan pwodui lokal yo e amelyore estanda kalite manje lokal yo? Ki sa manje lokal vle di menm ann Ayiti? Ak yon pil lòt kesyon ankò. Nou p ap bliye pase pran tou pwomès lòt sistèm manje fè tou, tankou sistèm yo rele agwoekoloji a, komès ekitab, eks.
M espere n ap avè m nan bèl avanti sa. E si pa gen ase rechèch pou reponn tout kesyon nou yo, n ap met granmoun sou nou pou pwodui rechèch sa yo e menm fè demach pou yo pote transfòmasyon konkrè nou ta swete yo pwovoke yo.
Une réflexion sur “Manje peyi: lendi sa nou vle?”