Sa rive yè, ti gason m nan, Clarvens, ki gen 6 lane, mande m: « poukisa moun bezwen yon kò pou yo ka viv? » Kesyon an twoublan, paske sa tèlman evidan pou nou nou bezwen yon kò pou nou viv, nou raman chèche konnen ki sa yon vi san kò t ap sanble. Li twoublan tou, paske gen plizyè pòt antre pou eseye reponn li: filozofi, lasyans, teknoloji, eks.
Pou m pa twò kite nou sou swaf nou, yon pòt antre posib nan filozofi, se kòmanse mande tèt nou: èske nou gen yon kò oswa nou se yon kò? Repons lan pa senp. Lè Clarvens mande m si n ka viv san kò a, li souzantann gen yon nou, petèt lespri nou, ki nan kò a men ki pa kò a e ki ta ka petèt viv sou yon lòt fòm. Èske nou menm sa se pati ki konsyan nan nou an? Poutan pifò aktivite ki kenbe nou vivan pa mande pou nou konsyan oswa pa anba kontwòl lespri nou. Nou tout ka dijere yon plat manje, men nou pa gen twòp kontwòl sou travay k ap fèt anndan nou an pou manje a rive dijere. Menm penpenp lan pou anpil lòt fonksyon kèk ògàn nan kò w ap asire (tankou fwa w, ren w, kè w, eks.). Menm si yo ta ka pran « lespri » nou (pati ki konsyan an) mete l sou yon òdinatè tankou nan seri Upload la, èske se t ap toujou menm nou menm nan? Nou ka menm mande tèt nou tou, pou kantite mikwòb ki nan kò nou, jis nan ki pwen kò nou se nou oswa kò nou se pou nou…
Yon lòt repons yo kòmanse bay kesyon sa se atravè nosyon Meta-inivè (Metaverse ann angle). Mark Zuckerberg t anonse dènyèman li anvi antre nan mouvman an, m di antre paske gen jwèt tankou Roblox ak Fortnite ki te gentan ap eksplore Meta-inivè sa. Meta-inivè a se ta yon mond vityèl ki gen prèske menm opsyon ak monn ou an (ou ka achte, abiye, òganize fèt oswa konsè -tankou sa Ariana Grande te òganize sou Fortnite la, eks.) e se yon avata ki reprezantan w nan mond sa. Nan yon sans, ou sanse gen yon doub ou ki egziste yon kote nan Meta-inivè a, menm si se ou k ap kontwole l. Sa se prèske yon pwolonjman ak yon lajisman natirèl prezans moun genyen sou rezo sosyal an liy yo. Reflechi a tout posiblite (e danje tou) sa ofri, yon ekonomi totalman vityèl ka devlope gras ak sa, san kèk kontrent natirèl ekonomi reyèl la genyen. E nou kapab wè yon egzistans kon sa tankou yon vi nan avata, otreman di yon vi san kò.
Men se pa tèlman kesyon Clarvens lan m te vle reponn nan atik sa. Pou yon bèl refleksyon filozofik sou kò, m rekòmande yon bèl ti tèks Foucault te pwodui (an reyalite yon konferans) sou Le Corps Utopique. Kesyon Clarvens lan te pito raple m jan lasyans bezwen ti kesyon « raz » sa yo pou li pwogrese. Se sanse tout timoun ki fò nan poze kesyon « raz ». Youn nan rezon an se paske gen anpil bagay yo pa ko konnen, anpil prejije, prenosyon ak byè yo petèt iminize kont yo nan faz sa. Vrèman vre, bagay ki t ap sanble nòmal oswa evidan pou nou ka parèt etonan pou yo. Men lespri fouyapòt sa yo genyen an, olye se yon bagay nou ta dwe abandonnen pou nou ka « grandi », se petèt yon kalite nou ta dwe konsève. E kèk nan pi bèl dekouvèt syantifik yo, apa aza, se kiryozite sou kesyon raz raz ki te rann yo posib.
Tankou, sa pa gen lontan m te tonbe sou yon atik Quanta Magazine ki te anonse dekouvèt yon ekip fizisyen ak biyolojis te fè. Yo te rive esplike…poukisa koulè vèt la se li ki dominan nan mond plant k ap viv sou tè yo. Pi presizeman, poukisa fèy plant k ap fè fotosentèz yo jeneralman vèt. Poukisa yo pa wouj? Ble? eks. Bon, esplike yon koulè pa yon bagay konplike, li sifi w di klowofil yo bwè pati nan limyè a ki koresponn ak lòt koulè yo e pati li pa absòbe a se li l voye ba ou, e se li ki koresponn ak koulè je w wè a. Vrèman vre, fèy yo sanse absòbe tout gam « koulè » ki nan limyè blan an, men pou pati ki koresponn ak koulè vèt la, se sèlman 90% nan enèji sa yo absòbe. Otreman di, fèy sa yo vèt, paske gen yon pati nan zòn ki koresponn ak koulè vèt la yo pa absòbe.
Men sa ki rann kesyon an enteresan, se paske pati sa koresponn ak youn nan zòn ki pi rich an enèji, donk rejte l vin parèt tankou yon gaspiyaj. Plant lan te ka gen enterè bwè pati vèt la e kon sa, pran plis enèji, sa t ap pi efikas. Epoutan se pa sa ki fèt. Pou m rakousi istwa a, atik Quanta Magazine esplike plant yo ta prefere pati nan limyè a ki pèmèt yo gen yon sous enèji ki pi stab olye sa ki pi rich la, ki vle di evolisyon an ta priyorize stabilite olye efikasite nan zafè fotosentèz la.
M ap reflechi jan kesyon senp yo se pafwa yo ki pi difisil pou reponn. Bagay nou abitye ak yo se souvan sa nou mwens metrize oswa konprann. Gen yon konpleksite nan senplisite ki toujou etone m. Men se petèt la limyè verite pwofon an fè kwen.