Nou pale isi a deja sou potansyèl ki genyen nan filyè mayi a ann Ayiti. Yon rechèch tou nèf Alix Daméus (ki te pwofesè m) ak Rival Valcin (yon kòlèg agwoekonomis) pibliye an 2020 nan jounal Études Caribéennes nan konpare konpetitivite mayi moulen lokal la ak pa mayi etranje ki soti Etazini ak Repiblik dominikèn. Konparezon an fèt alafwa ni sou baz pri ni sou baz kalite.

Pi presizeman, otè sa yo rive montre:
- Mayi moulen lokal la mwens chè pase mayi moulen enpòte Gourmet a (ki soti Etazini) ak Gradoro a (ki soti Dominikani).
- Konsomatè yo an jeneral pi renmen mayi moulen lokal pase mayi moulen Gourmet ki soti Etazini an, sof nan Pòtoprens
- Pa gen prèv 3 mayi yo (sa Ayiti a, sa Etazini a ak sa Dominikani an) youn ka ranplase lòt nan je konsomatè a.
Rezilta sa yo ankourajan pou mayi lokal la men montre tou gen zòn amelyorasyon ki posib, sitou nan kesyon kalite a. E, jan otè yo raple sa, Ayiti ta gen enterè mize plis sou avantaj sa e pwoteje mache mayi lokal li. Vrèman vre, antanke peyi an devlopman, règ Oganizasyon Mondyal Komès yo ofri Ayiti kèk zèl kat li ka rale e li pa ase itilize ki ta ka pèmèt li pwoteje mache mayi lokal li a plis toujou parapò ak mayi enpòte a, omwen jiskaske filyè sa fin atenn matirite l. Sa t ap antre nan estrateji pi laj pou ankouraje manje peyi toutbon nan politik nou yo, pa sèlman nan bouch.