Gwo grangou nan Nip ak nan Sid apre katastwòf yo

Nou t ap tann premye analiz sou sitiyasyon ensekirite alimantè nan Gran Sid la apre pasaj tranblemanntè 14 dawou a epi pasaj tanpèt Grace. Ebyen yo tonbe.

Youn nan premye analiz nou te fè apre 14 dawou a te souliye jan tranblemanntè mayitid 7,2 sa ki sot pase a, mete sou li tanpèt Grace ki te vin apre l la, se yon apse sou klou pou Gran Sid la sou aspè lamanjay.

Gras ak tèt kole ant plizyè òganis ayisyen (CNSA, Ministè Agrikilti, IPC, eks.), yon nouvo analiz sou sekirite alimantè ki konsène sèlman Gran Sid la fenk pibliye. Te gen youn deja sou peryòd dawou 2020 rive fevriye 2021 an, e li te fè prediksyon pou peryòd mas 2021 rive jen 2021. Premye atik nou an se peryòd sa yo li te kouvri, e sa te pèmèt nou wè, byen avan tranblemanntè a ak tanpèt, ensekirite alimantè a nan Gran Sid la, espesyalman nan Sid ak Nip, t ap vale teren.

Nouvo rapò IPC a, se vre rezilta l yo te previzib (nou te konnen sitiyasyon an ap grav), men yo enkyetan kanmèm. Rapò a revele 980 000 nan Gran Sid la nan yon faz grangou (kriz oswa ijans) ki mande yon entèvansyon ann ijans. Pami yo, gen 15% ki nan yon faz Ijans wouj, ki se dènye nivo w jwenn avan famin nan.

Rapò a revele tou èd alimantè imanitè k ap distribye aktyèlman an ap ka kouvri sèlman 25% rive 50% nan bezwen kalori moun yo genyen, san bliye se pa tout moun ki bezwen k ap benefisye. Ki vle di, èd sa p ap sifi pou kwape grangou a, menm a mwatye. Malgre sa, sitiyasyon an t ap pi grav san li, menm si li riske kanpe oswa ralanti nan kòmansman 2022 a.

Natirèlman, m te chèche konpare rapò sou sekirite alimantè avan tranbleman an ak rezilta ki fenk soti yo. Nou pa ko gen tablo detaye pou peryòd kounye a jan nou te genyen pou peryòd anvan an, men yon senp konparezon ant kat yo ka aprann nou kichòy. Nan foto pi ba a, kat an wo yo se pou peryòd avan tranblemanntè a (done reyèl agoch, prediksyon adwat). Kat an ba a se pou done peryòd apre tranblemanntè a (done reyèl yo agoch, prediksyon yo adwat). Ou ka glise ti flèch la pou w ka wè tout kat ou bezwen wè a.

Jan nou ka wè sa, tranblemanntè a vrèman wouji (faz ijans) yon bon pati nan Nip (sitou pati sid depatman an) ak yon bon pati nan depatman Sid la (sitou pati ès la). Epoutan, anvan sa, zòn sa yo te oranj, ki vle di yo te kanmèm nan faz kriz, men yo pa t nan faz ijans. N ap note tou yo prevwa pral gen plis moun, 991 000 dapre prediksyon IPC yo, ki ap omwen nan faz kriz la pou ane k ap vini an. Ki vle di, menm si ap gen mwens moun nan faz wouj la, ap kanmèm gen plis moun ki nan bezwen yon entèvansyon ijans si prediksyon yo reyalize.

Men gen bon nouvèl tou, nivo ijans yo te prevwa pou depatman Sidès la byen avan tranblemanntè a sanble pa reyalize e prediksyon yo tou pa montre siy ensekirite alimantè a pral atenn faz ki pi grav. Nou ka remake tou, an 2022, faz ijans wouj ki gen aktyèlman nan Nip ak nan Sid la ta dwe disparèt, malgre èd alimantè imanitè a ta dwe sispann, dapre previzyon IPC yo. Donk, n ap siiiv.

Votre commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l’aide de votre compte Twitter. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s