Sistèm bankè a, dèyè gwo palto bankye yo ak gwo bilding yo, ka sanble yon fò solid ou ka fè konfyans e ki pa ka tonbe. An reyalite, li trè frajil. E kriz finansyè yo tankou epe Damoklès sou tèt mond lan. Panik labank se yon egzanp flagran frajilite sa a.
Nou di gen panik labank oswa panik bankè lè anpil kliyan, sitou kliyan ki pi gwo yo, ki te depoze lajan yo nan bank lan, deside bridsoukou al retire lajan an, jeneralman akoz yo pè pou lajan yo a pa an sekirite. Laperèz sa a ka deklanche apre yon rimè sou posiblite fayit, yon evènman ekonomik yo pa t prevwa, yon seri fwod, eks. Yon egzanp istorik se panik labank 1907 la, ki t apral mennen nan kreyasyon Rezèv Federal Etazini an. Lakay Ayiti, menm si se pa menm nivo ditou, egzanp ki petèt pi makan se skandal koperativ yo an 2002, ki te lakoz anpil moun pèdi lajan yo.
Yon panik labank ka gen vye konsekans pou yon bank oswa yon sistèm bankè, kantite lajan likid disponib yo ka kòmanse degrengole, ki fè li vin difisil pou bank la reponn tout demann retrè yo ansanm. Li ka mennen tou nan yon degrengolad valè byen oswa aktif bank lan posede, yon diminisyon nan konfyans kliyan yo. Sa ka menm rive bank lan oblije senpman fèmen pòt li.
M pa konn si nou suiv nouvèl yo, sa apèn gen kèk jou, Silicon Valley Bank (SVB) Ozetazini te fè fas a yon kriz finansye. SVB se yon bank Ameriken ki espesyalize nan finansman demaraj konpayi teknoloji yo. Li te vin tounen yon gwo fòs nan sektè labank lan akòz espesyalizasyon li ak angajman li nan finansman konpayi ki pwomèt anpil. Toutfwa, sikonstans ki te mennen nan efondreman nan SVB yo konplèks. Jan yon atik Forbes te pibliye esplike sa, tout bagay te kòmanse ant 2019 ak 2021, lè nivo finansman kapital-risk yo te eksploze, nouvo konpayi yo te resevwa yon voum lajan, anpil te depoze lajan sa lakay SVB. Depo nan bank sa te ogmante soti anviwon 60 milya dola an 2018 pou rive nan 189 milya dola an 2022. Alepòk to enterè SVB te ofri kliyan yo te ba anpil, yo te pwòch 0%.

Pou fè lajan, bank yo itilize sa nou te ka rele yon « maj nèt sou enterè ». Yo ofri kliyan k ap depoze lajan yo yon to enterè ki pi ba pase to enterè envèstisman yo fè ak lajan sa yo pral rapòte yo a. Se kon sa, SVB te envesti $80 milyon dola nan $189 milya dola depo nou sot pale w la. Envestisman sa yo te fèt nan acha yon seri tit oswa obligasyon ki asosye a ipotèk.
Pa egzanp, imajine yon bank di l ap vann tit oswa obligasyon sa yo e tout envestisè ki achte yo l ap ba yo yon to enterè sou li. Bank lan ka fè sa pou l finanse aktivite l yo (prete kliyan l yo lajan pou achte kay pa egzanp), e li gen kòm garanti lefètke kliyan li prete lajan an (pa egzanp pou achte yon kay) ap peye l regilyèman, e si jamè yo pa ka peye, l ap ka toujou sezi kay la. Donk se yon envestisman ki aparaman pa twò riske. M pa konn egzakteman ki tip obligasyon SVB te konn achte, men se menm lojik la.
Modèl obligasyon sa yo t ap gen pou rapòte SVB yon to 1.5%, ki fè SVB t ap fè yon bèl ti maj nèt sou enterè parapò ak to enterè pwòch 0% yo te ofri kliyan pa yo a.
Sepandan, kontrèman ak 2008, vyabilite obligasyon ipotèk yo se pa t sa ki te pwoblèm nan. Pwoblèm lan se te lefètke obligasyon sou long dire sa yo te itilize apati depo akoutèm, e alepòk depo sa yo to enterè yo te nan pi ba nivo yo. Sa ki vin pase, Rezèv Federal Etazini an sot ogmante to enterè l yo pou plis pase 1700% nan espas yon lane!!! Sa ki vle di, obligasyon pa l yo vin pi atiran pase sa anpil lòt kote ap ofri. Anfèt, sa vin lakòz valè obligasyon ipotèk yo diminye. Vreman vre, pri obligason sa yo renmen bouje nan direksyon envès parapò ak to enterè Trezò Ameriken an. Lè to enterè yo monte, pri obligasyon yo desann. E se egzakteman sa ki rive dènye tan sa yo.
SVB te retwouve l ak yon pil aktif ki pèdi valè e li te anonse l ap likide nouvo aksyon pou l ka rasanble 2.25 milya dola aksyon nan espwa sa ap ede l korije bilan li, sa ki te deklanche yon panik nan mitan antrepriz ki kliyan li yo. Kliyan yo t ap chache repran lajan yo, sa ki lakòz yon kriz lajan likid pou bank lan.
Pou evite kontajyon, otorite yo te oblije pran mezi pou pwoteje lòt bank nan rejyon an. Kòporasyon Asirans Depo Federal (Federal Deposit Insurance Corp.), yon enstitisyon ki la pou asire depo yo, te pran kontwòl byen SVB yo anvan menm li te louvri pòt li vandredi 10 mas 2023 a. Se dezyèm pi gwo fayit labank nan istwa Etazini depi Washington Mutual an 2008. Menmsi ekspè yo rete optimis, sitiyasyon an rete frajil.