Tous les articles par Stevens Azima

A propos Stevens Azima

Agwo-ekonomis. Lib. Fouyapòt.

Baryè lib: èske akò komès entènasyonal yo se madichon?

Sous : Atik sa se tradiksyon e adaptasyon (san otorizasyon) yon ankadre nan liv sa a: Pindyck, R. S., & Rubinfeld, D. L. (2005). Microeconomics. New Jersey: Perason Education. Inc. Upper Sadle River. Li aplike de nosyon nou te prezante dènyèman, efè ranplasman ak efè richès, a yon sitiyasyon konkrè: komès entènasyonal la ak deba sou neyoliberalism lan.

Premye janvye 1989, Akò Lib-Echanj (ALE) ant Kanada ak Etazini an te kòmanse aplike. Akò sa a, ki kwape tarif ladwàn yo epi retire nan baryè ki pa sou fòm tarif yo, te gen kòm objektif pou li ankouraje komès ant 2 peyi sa yo. Epi, janvye 1994, akò a vin layite kò li lè Kanada, Etazini ak Meksik siyen Akò Lib-Echanj Nò-Ameriken an (ALENA) e konsa vin kreye pi gwo zòn lib-echanj nan monn lan. Depi lè sa a, Kanada siyen yon bann ti akò menm jan an ak peyi tankou Kore, Kostarika, Chili, Izrayèl e travay sou ratifikasyon Zòn Lib-Echanj Amerik yo (ZLEA), ki ta gen pou rasanble nenpòt 34 peyi nan Amerik di Nò, Amerik Sid la, Amerik Santral ak Antiy yo (sof Kiba). Kit se o Kanada oswa nenpòt lòt kote nan mond lan, akò komès sa yo toujou fè gwo tole. Opozan liberalizasyon komès entènasyonal la renmen di akò sa yo gen move konsekans (sou salè moun ap touche, sou anviwònman an, elatriye) e poutèt sa yo ta dwe evite yo.

Deba sa gen anpil koze ki melanje ladan. Men, koze efè sibstitisyon (efè ranplasman) ak efè revni (efè richès) yo ka ede nou pote yon ti limyè sou konsekans akò komès sa yo ka genyen. Kòm akò komès sa yo mache ak eliminasyon tarif ladwàn yo ak lòt baryè komèsyal yo, sa finalman fè pri pwodui enpòte yo bese. Kidonk akò sa yo nan avantaj tout konsomatè peyi ki siyen yo. Men, tout sa ki bon pou yonn (konsomatè yo) ka pa bon pou yon lòt (pwodiktè yo). Vrèmanvre, dèske tout baryè sou fwontyè kaba, antrepriz lokal yo oblije vin antre nan konkirans dirèk ak pwodiktè lòt peyi ki siyen akò a, ki yo menm gen dwa ka pwodui menm pwodui a pandan yo depanse mwens. Ki fè, gen antrepriz lokal ki gen dwa pa ka kenbe konpa a, nan pwen pou finalman yo fè fayit , fèmen pòt yo epi kon sa lage yon bann travayè nan chomaj.

Eksperyans ALE a ak eksperyans ALENA a montre vrèman vre anpil antrepriz Kanada pa t rive fè fas kare ak defi liberalizasyon an epi yo te oblije fèmen pòt yo. Konsekans sa liberalizasyon an konn genyen an, sa ki rele efè ranplasman an pèmèt nou konprann li paske an reyalite sa ki pase, anpil konsomatè kanadyen chwazi konsome pwodui enpòte yo pito nan plas pwodui lokal yo paske pwodui enpòte yo vin pi ba pri. Efè ranplasman sa a, medya yo renmen li anpil, pi souvan se agiman sa a opozan liberalizasyon yo mete devan. Epoutan, menm si efè sa egziste tout bon, gen yon lòt efè ki se efè richès la ki souvan mache ansanm ak li.

Ebyen, sa ki pase, kòm pwodui enpòte yo vin pi ba pri pase pwodui lokal yo, konsomatè yo vin santi yo pi rich, se tankou yo te fè ekonomi parapò ak depans yo abitye fè. Teyori ekonomik lan ak eksperyans ki fèt nan reyalite a montre lè moun yo santi yo vin pi rich kon sa (kit se paske lavi chè a bese oswa paske yo vin gen plis lajan), ebyen yo gen tandans konsakre ti lajan anplis yo santi yo genyen an nan achte pwodui ki gen yon elastisite-richès ki wo [sa vle di pwodui moun ki gen lajan renmen konsome] tankou ale nan restoran, pran plezi, oswa pran swen tèt yo plis. Se kon sa, antrepriz lokal ki ap vann pwodui sa yo, vin fè plis lavant epi vin kapab KREYE nouvo djòb, kontrèman ak lòt efè talè a [efè ranplasman an] ki te fè moun pèdi djòb yo.

Konsekans sa nou fenk sot wè a la se pa yon envansyon, li egziste menm jan ak konsekans efè ranplasman an, sofke medya yo prèske pa janm pale sou li paske fòk ou fouye zo nan kalalou pou ou rive wè li. Ki fè, si yon moun se efè ranplasman an sèlman ou gade, sa ka fè ou fè erè nan analiz ou a. Fòk ou tcheke tou de efè nou sot wè yo, paske lè sa a ou ap ka fè yon analiz ki pi konplè sou veritab konsekans akò komès san baryè sa yo genyen.

Lwa demann, lèt bebe ak lòt jimnastik

Ide santral biyè sa a: Se rasyonalite nou kòm konsomatè ak valè nou bay kèk pwodui an fonksyon bidjè nou ki esplike jan nou reyaji lè pri pwodui yo chanje.

Anpil nan nou abitye tande pale de lwa òf ak demann. An jeneral, yo prezante l tankou se te yon prensip natirèl ekonomi an. Menm jan pezantè fè depi w lage yon woch l ap tonbe desann nan, se konsa ta sanble depi pri byen yo (oswa pwodui yo) chanje, kantite yo ofri ak achte nan byen sa yo ap chanje tou, swa nan menm sans ak pri a (nan ka òf la) swa nan sans kontrè a (nan ka demann nan). Jodi a n ap konsantre sou lwa demann nan sèlman.

Dapre lwa demann nan, an tou ka nan vèsyon senp li a, nou atann nou depi pri yon pwodui monte, moun ap gen tandans achte l mwens. Konbyen fwa w al nan makèt pou w al achte yon pwodui epi finalman ou pa achte l paske w dekouvri pri a ogmante ? Men kon sa tou, gen bagay nou konn sezi wè plis yo chè, se plis moun achte yo. Gen 2 ka. Premye ka a gen pou wè ak sa yo rele byen Veblen yo (byen liks, pou fè wè). Nou p ap pran egzanp iPhone nan, Donia Luc ofri nou dènyèman, sou paj Facebook li, yon egzanp ki pi ayisyen e ki pouse nou reflechi: ka paran ki ap chèche lèt ki pi chè a pou yo achte pou pitit yo, menm lè gen lòt lèt ki pa chè ki ka fè menm travay la. Nan ka sa se kapab paske nou ann afè ak yon byen Veblen oubyen paran yo ka sensèman panse plis lèt la chè se plis li bon kalite.

Byen Veblen yo vyole lwa demann nan, nou p ap analize yo jodi a. Gen yon lòt sitiyasyon ki vyole lwa demann nan, se byen Giffen yo. Yo menm tou, lè pri a ogmante, konsomasyon yo ogmante tou, vise vèsa. Men rezon ki fè sa se pa paske se yon pwodui liks non, youn nan rezon yo kapab akoz se yon pwodui nesesite. Yon egzanp klasik, se pen. Marshall te fè lojik sa kon sa nan epòk 1890 yo: si pri pen an ogmante, moun yo oblije achte mwens nan lòt pwodui tankou vyann, e kòm pen an toujou sa yo ki pi fasil pou jwenn nan, olye yo konsome l mwens lè pri a ogmante yo vin konsome l plis toujou. Nan liv Repenser la pauvreté a, yon liv nou pale souvan de li isi a, Duflo ak Banerjee dekri yon etid Robert Jensen ak Nolan Miller te fè kote yo te sibvansyone manje de baz (ble nan yon ka, diri nan lòt ka a) moun yo nan de rejyon an Chin. Sibvansyone yon pwodui se tankou w te bese pri l. Otè yo dekouvri, olye moun yo konsome plis ble, plis diri (etandone pri pwodui sa yo bese), yo vin konsome pwodui sa yo mwens epi yo vin lage nan manje kribich ak vyann! Sa se yon vyolasyon lwa demann nan jan nou abitye tande l la, e nan biyè sa nou pral wè pi an detay kòman nou ka esplike paradòks sa a.

Men sa ki pi frapan toujou, malgre ti eksepsyon sa yo, se jan ekonomi an an jeneral suiv tandans lwa demann nan. Ou mèt tande sa w tande, pou anpil pwodui, depi pri a monte (twòp), moun yo ap achte l mwens. Ki « men » k ap dirije bagay sa? Poukisa gen pwodui lwa demann nan mache pou li epi gen lòt ki pi wondonmon? Ki sa teyori ekonomik lan ka aprann nou sou sa? Nan biyè sa nou pral eseye bay yon repons kout, san trasaj koub ak matematik (n ap rezève yon biyè espesyal pou sa).

Gen 2 eleman nou dwe reyini pou nou konprann ki sa ki pouse moun yo chanje konpòtman yo nan yon sans oswa yon lòt lè pri pwodui yo chanje. Premye a se yon seri ipotèz sou jan nou reflechi ak fonksyone. Nan yon biyè anvan sa, nou te esplike teyori modèn konsomatè a gen 4 pilye: ansanm konsomasyon, ansanm reyalizab, preferans, prensip k ap gide konpòtman konsomatè a. Chak pilye sa yo gen yon seri ipotèz senp (e ki pa pi strik pase sa lè w byen gade) yo fè sou yo pou yo modelize konpòtman nou antanke konsomatè. Se pa yon bagay ki fasil ditou, lè w konnen jan moun konplike. Ebyen ekonomis yo rive leve gwo defi sa a (e yo jwenn anpil kritik tou, paske gen moun ki twouve ke ipotèz yo fè yo twò senp oswa twò strik, ke moun pi konplèks pase sa). Nou te fè deba sa deja, e nou te wè ipotèz yo pa oblije reyalis, boutanfen sa ki konte se èske teyori a ede nou konprann e predi sa k ap pase nan reyalite a. Ebyen wi, nan ka ki enterese nou an, teyori konsomatè a pèmèt nou konprann, mezire epi predi konpòtman konsomatè yo an jeneral, malgre divèsite konpòtman sa yo.

Pou ekonomis yo rive fè sa, nou te di yo fè yon seri ipotèz sou jan nou reflechi kòm moun, kòm konsomatè. Yo gen pou wè ak sa nou prefere (preferans nou). Gen 5 an tou, yo rele yo aksyom. An gwo, men sa yo di:

  1. Nou toujou konn sa nou vle: si yo pran yon pil pwodui met adwat nou, epi yo met yon pil lòt agoch nou epi yo mande nou chwazi, n ap toujou kapab di si nou pi pito youn pase lòt oswa si nou renmen yo menm jan (si nou pa gen preferans).
  2. Preferans nou yo lojik (yo tranzitif): si nou pi renmen fig pase ponm, epi nou pi renmen ponm pase kachiman, n ap lojikman pi renmen fig pase kachiman.
  3. Preferans nou yo kontini: nan menm egzanp dwat-goch la, sa vle di si nou pito pil pwodui ki agoch la pase sa ki adwat la,nenpòt lòt pil pwodui yo ta montre nou ki prèske menm jan ak sa ki agoch la, n ap pi pito l tou pase sa ki adwat la. Yon lòt fason nou ka di sa, se chanjman preferans yo pa brital, nou ka toujou imajine kèk etap entèmedyè.
  4. Nou pi pito gen plis pase nou gen mwens. Tankou, moun ki konn fè kòlè pa pran yon bagay y ap fè yo kado akoz ògèy yo pa koresponn ak pwofil sa…Aksyom sa di, plis djakout nou chaje, se plis nou kontan.
  5. Anfen, dènye aksyòm nan di nou renmen divèsite, nou renmen melanje byen yo, nou pi pito gen yon ti kras nan chak pase pou nou gen yon gwo kantite nan yon sèl grenn pwodui.

Tout pale sa yo se jis pou di nou koyeran nan chwa n ap fè yo. Ipotèz 4 la ak 5 lan, pafwa yo konn neglije yo, yo pa endispansab, men yo itil kanmèm. Ebyen maji teyori ekonomik lan opere lè li rive apati 5 ti aksyom sa yo sèlman dedui yon lwa jeneral sou konpòtman konsomatè yo an jeneral. Lwa sa a parèt sou fòm yon ekwasyon ki rele « Ekwasyon Slutsky » ke yo konn bay ti non « Ekwasyon fondamantal teyori demann lan ». Men kòm nou te pwomèt zewo ekwasyon pou biyè sa a, n ap prezante li yon lòt fwa. Men menm si sa, ekwasyon sa, lè ou aplike li pou yon grenn pwodui, pèmèt nou antre nan kè sa ki opere sou mache yo lè pri yon pwodui chanje. Li pèmèt nou antre anndan motè a pou wè sa k pase lè vitès la chanje. Sa ap tou mennen nou nan dezyèm eleman nou bezwen pou nou konprann pouki lè pri pwodui yo chanje moun yo achte plis oswa mwens nan pwodui sa a.

Ekwasyon Slutsky a aprann nou de bagay. 1) Li di nou gen 2 fenomèn ki pase lè pri yon pwodui chanje: yon efè sibstitisyon oswa efè ranplasman, ak yon efè revni oswa efè richès. 2) Efè total la se konbinezon oswa adisyon 2 efè sa yo. An nou pran ka kote pri yon pwodui bese. Pa egzanp, pri diri ta bese. Pandan pri mayi ret stab. Anvan chanjman pri a, m te nan yon nivo satisfaksyon, pafwa m t achte mayi pafwa m t achte diri, men m te toujou fè chwa k ap fè kè m pi kontan an nan limit mwayen m pèmèt mwen. Pou mwen, mayi ka ranplase diri, menm si m pi renmen diri, se sa k fè m te konn achte mayi pafwa, sitou li pa chè konpare ak diri a. Kounye a, m aprann pri diri a bese. San di petèt sa pral pouse m depataje bidjè m yon lòt jan ant mayi ak diri. Pa egzanp, m ka deside m ap ralanti sou mayi a pou m ka achte plis diri. Ebyen, atravè efè ranplasman an, bese pri diri a bese a, m ap kapab ranplase mayi a pa plis diri san sa pa chanje nivo satisfaksyon m te gen avan an.

Men sa pa rete la, gen yon dezyèm fenomèn ki pase: efè richès la. Bese pri diri a bese a, se tankou m vin santi m pi rich, se tankou bidjè m te ogmante yon sèl kou. M ka itilize mwens kòb pou m achte menm kantite diri m te konn achte anvan an, ki donk se tankou m vin ret yon kòb anplis e ak kòb anplis sa a, m ka deside achte plis diri toujou (konsa tou m te gendwa deside itilize kòb anplis la pou m achte vyann pitom tankou jan sa te fèt nan eksperyans an Chin nou te site a. Malgre m renmen diri, men si m te gen anpil kòb, m te ka manje l mwens e pwofite fè tèt mwen plezi ak lòt bagay tankou vyann, oma, elt. Ki donk, gen de opsyon posib pou efè richès la.

Yo rive demontre matematikman efè ranplasman an ap toujou negatif (oswa nil). Ki vle di, otomatikman pri yon pwodui bese, pou m kenbe menm nivo satisfaksyon anvan an, m ap gen tandans achte plis nan pwodui a, visevèsa. Kanta pou efè richès la, pa gen règ pou li. Sa pral depann si byen sa moun gen tandans konsome l plis oswa mwens lè yo gen plis kòb nan men yo. Pou anpil pwodui, pwodui, si revni nou ogmante, n ap konsome yo pi plis. Yo rele yo byen nòmal. Pou byen sa yo, efè richès la ap negatif, sa vle di lè pri yo bese sansasyon richès la ap pouse w achte plis nan yo. Men gen lòt pwodui ki depi w santi w pi rich, ou pa twò anvi konsome yo ankò, sa ka menm rive ou vin konsome yo mwens malgre ou gen plis kòb. Yo rele yo byen enferyè (byen yo rele byen Giffen yo se egzanp byen enferyè). Konsekans, pou byen sa yo, efè richès la pozitif. Anvan nou konkli, an nou fè yon sentèz rapid pou nou wè kote nou ye.

Dapre Slutsky, lè yon pri chanje sa gen 2 efè sou demann lan: yon efè ranplasman ak yon efè richès. Efè total la se adisyon de efè sa yo. Efè total=efè ranplasman+ efè richès. Nou te wè efè ranplasman an toujou negatif. Nou te wè apre sa, efè richès la ka negatif lè se yon byen nòmal, konsa tou li ka pozitif lè se yon enferyè. Nan ka se yon byen nòmal, efè richès la ki negatif pral ajoute sou efè ranplasman an ki li menm tou negatif. Ki donk efè total la ap negatif. Yon efè total negatif vle di lè pri a ogmante kantite yo konn achte ototal nan pwodui sa ap bese, menm jan tou lè pri a bese kantite yo konn achte ototal nan pwodui a diminye. Sa se egzakteman, lwa demann tou tan yo konn ap repete a. Men nan ka kote se yon byen enferyè, kòm efè richès la ap pozitif pandan efè ranplasman an toujou negatif, efè total la ka negatif si efè ranplasman an pi fò, konsa tou li ka menm rive pozitifi si efè richès la pi fò pase efè ranplasman an. Lè dènye sitiyasyon sa rive, nou an fas yon ka etranj kote moun ap achte yon pwodui pi plis toujou alòske pri pwodui sa ogmante, oswa yo achte l mwens alòske pri pwodui sa bese. Pwodui sa yo an jeneral se razè ak nesesite ki fè moun achte yo.

Pou nou konkli, lwa demann lan reyèl e li posib pou nou demontre l matematikman. Li se rezilta koyerans ak rasyonalite nou konn afiche nan preferans nou yo (ou mèt tande sa w tande), ak jan nou konsidere yon seri byen lè revni nou ogmante: èske se yon byen nou konsome paske nou razè sèlman oswa èske se yon byen n ap kontinye konsome menm lè bidjè nou ogmante? Kidonk, koze depi pri a ogmante moun ap achte pwodui a mwens lan, nou ka garanti l sèlman pou byen nòmal yo. Kanta pou byen enferyè yo, sa ka rive nou achte yo mwens sa ka rive nou achte yo plis lè pri yo ogmante. E analiz sa yo ka trè pètinan nan peyi tankou Ayiti. Lè lavi a vin pi chè, nou pa dwe kouri konkli moun yo konsome mwens nan pwodui premye nesesite yo. Sa ka menm rive yo konsome plis. Men lè kon sa, sa gen konsekans sou lòt pwodui yo te petèt konn konsome pou bon plezi oswa paske yo bon nan bouch. Se rechèch ki pou di nou jan sa ye.

COVID-19: orijin kowonaviris la

Teyori konplo yo sou orijin nouvo kowonaviris ki lakoz COVID-19 la kontinye ap gaye menm jan ak viris la, malgre chaje done syantifik ki kontredi yo.

Youn nan « teyori » sa yo vle fè kwè viris la ta rezilta yon manipilasyon jenetik oswa yon eksperyans ki ta chape soti nan yon laboratwa nan Wuhan, vil chinwa kote epidemi an ta demare nan dat 12 desanm 2019. Alos, sa konn rive deja pou viris chape nan laboratwa al lakoz pwoblèm sante oswa epidemi. Li pa enposib nonplis, si yo pa met plis kontwol sou laboratwa yo pou alavni se aksidan ki fèt nan yon seri laboratwa sofistike ki lakoz pwochen pandemi an (pami laboratwa sa yo, menm genyen ki ap chèche fè viris yo vin pi tchak ou pi rezistan, men se pou amelyore konesans syantifik sou viris yo, sa ki ka itil tout moun). Apre sa, nou rekonèt tou gen anpil bagay nou pa ko konnen sou nouvo kowonaviris la ak orijin li. Men, malgre tout sa, nan ka SARS-COV-2 a (ki se non viris ki lakoz maladi COVID-19 la), literati syantifik sou sijè a montre viris sa gen mak fabrik yon lot kowonaviris nou abitye jwenn nan lanati lakay chovsouri yo e pa gen okenn prèv aktyèlman li se rezilta manipilasyon nan laboratwa.

Chèchè yo jwenn 96% nan sekans jenetik SARS-COV-2 a se menm ak pa yon kowonaviris yo rele RATG13 yo te dekouvri depi anvan nan yon gwòt nan Yunnan, an Chin. Youn nan esplikasyon ki egziste pou ti diferans 4% sa ki separe sekans 2 viris sa yo sigjere yo tou de ka soti nan yon zansèt komen. Epi 4% diferans lan ta rezilta omwen 20 lane evolisyon.

Gen 2 gwo senaryo syantifik yo anvizaje ki ta ka esplike orijin nouvo kowonaviris la. Swa li te gentan tou sou fòm sa depi nan lanati, kidonk tou pare pou rann nou malad depi nou antre an kontak ak li; swa travay adaptasyon an fin fèt anndan kò premye moun ki te enfekte yo. Premye senaryo a enplike alavni viris la ka retounen lakoz yon epidemi ankò, paske li toujou ap flannen nan lanati. Men si se nan kò moun li te vin pran fòm li pran kounye a, chans pou menm kondisyon sa yo repwodui fèb (e sa rasiran). Tout jan, relasyon yo dekouvri ki genyen ant RATG13 ak SARS-COV-2 a endike viris la gen anpil chans pou se nan chovsouri li soti. Men kom ka kote chovsouri transmèt moun viris dirèkteman yo ra oubyen pa egziste, li posib pou chovsouri a te transmèt viris la bay yon lòt bèt ki li menm vin transmèt nou li.

Viris yo konn bezwen yon reseptè pou koke sou selil nou yo pou ann apre yo ka penetre selil sa yo. Pati nan viris la ki responsab travay sa a (yon seri asid amine an patikilye), ann angle li pote non « receptor-binding domain« , oswa domèn fiksasyon reseptè a (DFR). Nan ka SARS-COV-2 a, li al fikse sou yon reseptè nan mambràn selil nou yo ki rele ACE2 (ki se yon anzim, yon tip pwoteyin). Gen anpil ACE2 nan manbràn selil poumon yo, kidonk se yon paradi pou plizyè kowonaviris, espesyalman SARS-COV-2 a. Nan yon premye tan, yo te panse viris RATG13 la, kontrèman ak nouvo kowonaviris la, pa t ka byen fikse sou ACE2 a. Sa te fè yo panse chans pou chovsouri sa yo ta enfekte nou dirèkteman te fèb, paske menm lè RATG13 la ta antre nan kò nou, li te ka pa rive enfekte selil nou yo. Men, yon rechèch pi resan ki pibliye nan Nature montre sa posib, RATG13 la ka fikse sou reseptè ACE2 yo. Kidonk, li toujou posib pou nouvo kowonaviris la nou ta trape l alorijin dirèkteman nan kontak moun ak chovsouri, san pa bezwen gen entèmedyè ant chovsouri a ak moun nan.

Men ipotèz entèmedyè a pwomèt anpil tou. Ta gen anpil chans pou se nan chovsouri yon viris (petèt zansèt RATG13 la) soti epi ale nan yon lòt bèt ki ta jwe wòl entèmedyè. La, viris la ta evolye, nan kwazman ak lòt viris ki sou entèmedyè sa a e ki pi adapte a kò moun. Konsa li ta vin devlope yon domèn fiksasyon reseptè (DFR) ki pi byen koresponn ak ACE2 ki nan kò moun nan.

Youn yon pi bon kandida yo pami entèmedyè posib yo se yon bèt yo rele pangolen, sèl mamifè ki gen ekay, ekay kèk moun fou ap chèche paske yo kwè li bon pou kansè ak pou bann gason. Vrèman vre, gen 2 kowonaviris yo jwenn sou li ki gen yon domèn fiksasyon reseptè ki sanble ak pa viris COVID-19 la, youn nan zòn Guangdong, lòt la nan zòn Guangxi, an Chin. Nan 2 kowonaviris nou jwenn sou pangolen yo, gen youn ki pi adapte pase lòt la pou ta enfekte selil nou yo, se sa yo te jwenn nan Guangdong lan. An gwo, li ta posib pou yon viris kowona lakay chovsouri yo al fè ladesant sou pangolen nan Guangdong yo, kote yo kwaze ak yon lòt kowonaviris ki te deja sou pangolen sa a e ki te gentan bon jan adapte pou fikse sou selil ki nan kò nou yo. Kwazman sa a ta kapab alorijin SARS-COV-2 a.

Komès pangolen ilegal, men li pa enposib pou se nan vann yo an kachèt sou yon mache kote y ap vann bèt sovaj nan Wuhan, an Chin, SARS-COV-19 la vin kòmanse pwopaje nan mitan moun. Kon sa tou, moun ki te an kontak ak bèt sa a kapab pote maladi a an pèsonn nan mache a. Pou jan materyèl jenetik nouvo kowonaviris la sanble lakay premye malad yo, sanble se yon sèl fwa transfè a fèt sot nan bèt ki ta jwe wòl entèmedyè a al nan moun (pou pi bonè zòn oktòb 2019 yo dapre kèk estimasyon). Ki donk, rès transmisyon an se ta nan mitan moun ankò li fèt.

Menm si se apati 2002 yo premye pantan sou kowonaviris ki kapab lakoz maladi grav (tankou epidemi SARS la an 2002 ak epidemi MERS la an 2012), sa fè lontan yo konn egzistans yo, e veterinè yo ap toke konn ak yo lontan akoz maladi yo pwovoke lakay bèt. Epidemi SARS la an 2002 ki t apral lakoz plis pase 700 moun mouri nan monn lan, te pouse anpil rechèch fèt sou kowonaviris yo.

An jeneral, yo klase yo an alfa, bèta, gama ak dèltakowonaviris. De dènye jan kowonaviris yo, ou plis jwenn yo lakay zwazo sovaj. De premye yo (e viris COVID-19 la se youn nan yo, yon bètakowonaviris) ou plis jwenn yo lakay chovsouri (e an jeneral sa pa rann yo malad akoz sistèm iminitè yo adapte pou sa). Yo dekouvri plis pase 200 nouvo kowonaviris lakay chovsouri yo. An 2019, nan yon revi literati syantifik sou kesyon an, de chèchè te gentan predi (e sa te previzib), gen anpil chans pou yon jou kanmèm kanmèm gen yon nouvo kowonaviris ki parèt e ki lakoz yon lòt epidemi. Sa rive vre, e se li n ap viv la.

Chèchè ki ekri atik revi literati nou sot site a, yo soti nan yon ekip anndan Enstiti Viwoloji Wuhan. Yo rele sa yon koyensidans, yon mo teyorisyen konplo pa vle wè.