Archives pour la catégorie Atik an kreyòl

Tout atik an kreyòl yo.

JODI PA DEMEN

Chak fwa yon lòt ane kòmanse, chak premye janvye, gen yon seri moun ki fè yon lis pwojè men longè pou yo fè pandan ane a. Chak fwa yon siklòn pase, ou tande moun ki ap sèmante di sa pa ka kontinye konsa, fòk nou pare nou pou lòt siklòn yo si se pa sa achak fwa yon pil moun ap viktim ankò. Pifò moun konsyan fè spò bon pou lasante, men se ra moun ki fè li e ki pèsevere ladan. Sa k komik lan, menm nou menm sa ki pa renmen fè spò a, nou konn pito al jwe foutbòl sou katye a alòske nou gen yon pil leson pou nou etidye.

Li klè, gen yon seri bagay, malgre nou konnen yo ap bon pou nou pi devan, nou pito pa fè yo. Menm jan an tou, gen yon seri bagay malgre nou konnen yo p ap bon pou nou pi devan, nou reziyen nou nou fè yo kanmèm (tankou fimen, fè bagay san nou pa pwoteje tèt nou, sote jou nan yon tretman doktè preski nou, elatriye). Kòman nou ka analize konpòtman vagnè sa a e ki konsekans li genyen?

Se la gen youn nan mizik Rockfam yo, Jodi a pa demen, ki ka ede nou. Gras ak li, nou jwenn yon fason pratik pou nou di « incohérence temporelle » an kreyòl! Fenomèn « jodi pa demen » sa enterese ekonomis, sikològ ak politològ anpil! E li gen gwo konsekans nan domèn lasante, sou kapasite malere genyen pou yo sere lajan (fè ekonomi), sou kòman malere pwoteje tèt yo devan kèk risk, tankou risk siklòn oswa tranbleman tè. Li gen konsekans tou sou efikasite politik gouvènman yo ap mennen.

Jodi pa demen (Rockfam)

Gen yon eksperyans yon ekonomis, yon sikològ ak yon spesyalis nan sèvo moun te fè nan laboratwa nan lane 2004, kote yo te teste kòman moun reyaji lè yo mande yo chwazi ant pran yon kado kounye a oswa pran li demen. Egzanp, yo mande moun nan ki sa li pi pito ant:

  1. aksepte 20 dola ameriken jodia, lapoula
  2. oubyen 30 dola ameriken apre 1 semèn

Yo mande moun yo tou ki sa yo pito nan 2 chwa sa yo :

  1. aksepte 20 dola nan 2 semèn
  2. aksepte 30 dola nan 3 semèn.

Sa ki enteresan nan rezilta eksperyans sa, lè yo suiv fonksyònman sèvo moun yo nan moman yo ap deside a yo remake « zizye » yo bat sèlman lè yo gen pou yo chwazi ant yon lajan kounye a, lapoula e yon lajan pita, tankou nan egzanp pi wo yo. Se sèl sa ki rive fè zòn nan sèvo a ki rele « sistèm lenbik » la aktive.

Sa vle di nou bay bagay ki ap pase kounye a plis enpòtans pase sa ki ap pase annapre yo. Nou sonje ti diskisyon nou te genyen nan pòdkas la, lè nou t ap pale de Dous pou dous la, sou jan sèvo nou ka viktim yon seri flay lojik? Ebyen, sa se youn, paske pa gen okenn rezon « lojik » (nan sans rasyonalite ekonomik la) pou prezan an peze pi lou pase fiti a nan desizyon n ap pran yo. Pou yon diskisyon an pwofondè sou fenomèn sa, nou kapab konsilte atik syantifik sa a tou: Beyond Homo economicus, se Herbert Gintis ki pibliye l an 2000 nan revi Ecological economics lan.

Fenomèn « jodi pa demen » sa, ki fè yon rezilta nou ap jwenn jodi a (kit li bon kit li pa bon) pi enpòtan pou nou pase menm rezilta sa si nou ta jwenn li annapre a, sanble se yon bagay ki pran rasin li anndan sèvo nou menm : se konsa nou ye.

Men kèk move konsekans lojik « jodi pa demen » nou sot prezante a genyen nan zafè sante piblik (men ou jwenn li nan prèske tout domèn an reyalite). Akoz lojik sa a :

• Anpil moun fimen kanmèm pou yo ka jwenn yon plezi kounye a alòske sa ka gen gwo konsekans pi devan ki, objektivman, depase kantite plezi sa ka ofri ou kounye a. Nan ekonomi, yo rele pwodui sa yo « byen tantasyon », sa vle di yon kategori byen ki atire nou pou kounye a alòske lè nou reflechi a konsekans yo pi devan sa pa atire nou ditou, men malgre sa nou konsome yo kanmèm. Gen otè, tankou Musgrave, ki te pwopoze pou takse pwodui sa yo pi wo pou dekouraje konsomatè a konsome yo. Se vre sa ka parèt patènalis, men se vre tou sèvo nou ka twonpe nou.

• Anpil paran fè parès pa mennen pitit yo pran vaksen alè, malgre tout ankourajman gouvènman yo bay. Vrèmanvre, rezilta vaksen an se jis ANNAPRE moun nan ap jwenn li alòske deplasman an ak lajan li ap depanse pou li mennen timoun nan al pran vaksen an se koze kounye a. Li klè se pa sèl lojik « jodi pa demen » an ki lakoz a atitid anti-vaksen sa a. Nan liv ti komik (BD) Crédulité et Rumeurs la, yo raple nou gen nenpòt 150 byè ki anpechè sèvo nou fonksyone byen nan sitiyasyon ki mande pou nou fè lojik. Liv sa byen detaye tou kèk flay lojik ki ka fè yon moun vin kwè nan teyori konplo sou vaksen yo.

Résultat d’images pour crédulité et rumeurs

•Anpil moun pran gwo risk nan fè bagay san yo pa pwoteje tèt yo pou yon ti moman plezi alòske sa ka gen gwo konsekans pi devan

•Anpil moun fè neglijans nan pran medikaman, anpil moun depi yo kòmanse gen yon alemye fè neglijans nan fason y ap suiv tretman yo menmsi yo eksplike yo jan sa enpòtan pou yo suiv li jiskobou

•Anpil moun bat nay oswa dòmi ta, jwe mizik fò nan zòrèy yo, bwè alkòl pou sou alòske yo konnen sa pa bon pou sante yo

Èske gen kèk lòt ekzanp ou ka site?

Ki remèd pwoblèm sa a? Yon solisyon nou ka gentan wè, se rann aksyon ou swete moun nan fè a fasil pou moun nan poze, pou li pa bezwen fè twòp efò: egzanp, al pran vaksen pa ta dwe yon bigdil, moustikè pa ta dwe ra, kapòt ta dwe fasil pou jwenn.

Malerezman, menm lè solisyon an fasil pou jwenn, moun yo konn kontinye fè neglijans. Yon lòt solisyon ki al pi lwen toujou ekonomis yo pwopoze pou kontrekare konpòtman sa yo, lè sa posib, se tou fòse moun nan poze aksyon ou vle li fè a yon fason pou se desizyon PA FÈ aksyon an ki mande li plis efò. Egzanp, fè oswa ankouraje tout antrepriz ki konsène ajoute yòd (ki bon pou gwat, « maladi gwo kou ») nan sèl yo ap vann yo. Konsa, si yon moun PA TA VLE yòd nan sèl li (pou yon rezon oswa yon lòt nou pa konnen), li ap oblije fè yon efò anplis pou li jwenn sèl ki san yòd e efò sa ka tou dekouraje li kontinye chèche.

Youn nan pwoblèm apwòch sa poze solisyon tou pare sa a genyen, menm si se pou byen moun yo leta ta mete règ sa yo, li parèt timounizan. Se tankou moun yo se ti bebe ki pa ka pran bon desizyon poukont yo si w pran tan ou esplike yo.

Apwòch sa te ka soulve kèk kesyon tou an rapò ak libète. Men m ap raple moun yo toujou lib kanmèm (sofke sa ap mande yo yon efò pou yo poze « move » aksyon an). Epitou, anpil moun ap dakò sa vo lapèn paske vrèmanvre moun yo pa toujou fè pi bon chwa yo.

Antouka, mwen swete ou menm ki fin li atik sa, alavni, ou ap toujou sonje, si ou pat konn fè sa deja, mande tèt ou ‘si sa vo lapèn pou mwen fè yon bagay kounye a alòske pi devan li pral ban mwen pwoblèm, oswa si sa vo lapèn pou mwen pa fè yon bagay ki ap bon pou mwen pi devan poutèt kounye a li ap fè m mal. Pa gen bon repons ni move repons, chak moun mennen bak lavi yo jan yo pito. Men omwen, lè ou konsyan egzistans lojik « jodi pa demen » an jan li ka enfliyanse w, petèt sa ap ede w pran pi bon desizyon.

Mouri pou lapatri: kiyès k ap koke klòch la nan kou chat la?

M ap kontinye ak seri biyè an rapò ak dènye epizòd Kreyonomi Podcast la, ki te pale de reskiyaj. Nan fen epizòd la, m te pale de jan pwoblèm reskiyaj la ka debouche sou yon dilèm sosyal.

Dilèm sosyal yo egziste depi lè ti konkonm t ap goumen ak berejèn. Gen yon ansyen ti istwa kote yon ekip sourit ap konplote pou koke yon klòch nan kou yon chat. Se Ésope, yon grèk nan tan ansyen yo ke yo t apral rele « papa fab » yo (se pa fab yo lave a non), yo di ki mèt istwa sa a. Men yon ti videyo pou timoun m jwenn sou YouTube ki prezante istwa a (ann angle).

M ap raple objektif sourit yo se te mete klòch la nan kou chat la pandan l ap dòmi pou lè l ap vini pou yo ka konnen e kouri al kache, konsa pèsonn pa t ap mouri. Kidonk se te yon bèl estrateji ki t ap bon pou tout sourit yo. Sofke lè moman verite a rive, pèsonn pa t vle pou se li ki al met klòch la nan kou chat la.

La Fontaine, nan adaptasyon pa l la, pale de rat ki te reyini pou pran desizyon an, se Dwayen rat yo ki te vin ak ide klòch la e La Fontaine pa di kiyès ki premye mande ki moun ki pral met klòch la nan kou chat la .

Nan vèsyon ki nan videyo pi wo a, se sourit ki te reyini e se yon jèn ti sourit entèlijaaan ki te vin ak ide klòch la, apre sa sourit ki pi granmoun nan mitan yo a poze yon kesyon ki pral fè yo friz: kiyès ki pral met klòch la nan kou rat la? Gen yon lòt vèsyon menm jan an kote sourit granmoun nan di se moun ki vin ak ide a ki ta dwe al koke klòch la, men ti jèn nan pa t dakò.

Gen yon lòt adaptasyon istwa sa a nou jwenn nan liv M ap li ak kè kontan #3 a (F.I.C.). Ayisyen yo met sèl ak piman nan vèsyon pa yo a. Nan M ap li ak kè kontan an yo foure ni rat ni chat nan istwa a. Se rat ak sourit ki te reyini pou deside kòman y ap jere chat vwazinay la ki tounen pongongon nan kò yo a. « Prezidan, prefè, jij, komisè, kolonèl rat », tout te nan reyinyon an. Nan vèsyon M ap li ak kè kontan an, se Prefè rat yo ki lanse ide klòch la, e se yon sourit ki vin ak kesyon ki pral fè tout moun reflechi a.

Yo tout bat bravo. Yo kontan. Yo tout di: « Wi, wi, wi. » Menm lè a, yo te kòmanse yon bal; y ap danse. Sourit yo te anvi di yon ti mo, men, yo pa te ba yo lapawòl. Nan bal la, yo te ba yo jwe bolewo, paske yo te konn jwe klarinèt byen anpil. Lè moso a fini, yon ti sourit kanpe devan mikwo a, li di:

-Men kilès nan nou ki pral mete klòch la nan kou chat la?

Tout gwo zotobre yo te rete youn ap gade lòt.

Prezidan an di:

-Mwen m pa ka kite palè a.

Kolonèl la di:

-Madanm mwen prèt pou akouche.

Komisè a di:

-M ap fè yon rive Naso.

Prefè a di:

-Se mwen ki pran desizyon an, se pou yon lòt chèf egzekite l.

Chak chèf yo te prezante eskiz yo. Se sa k fè nou wè ni rat, ni sourit pa janm gen rezon devan rat.

Jan nou wè sa, gen plizyè vèsyon pou menm istwa sa a. Anpil fwa, yo sèvi ak istwa sa pou montre jan pale pi fasil pase aji. Chat konnen, rat konnen, barik mayi a rete la. Men gen yon lòt aspè ladan ankò yo pa diskite souvan. Istwa sa tradui byen yon pwoblèm dilèm sosyal, kote gen yon aksyon k ap pote avantaj pou tout moun, men pèsonn pa vle fè l. Avantaj yo ap pou tout rat oswa tout sourit, kit yo patisipe kit yo pa patisipe, pandan enkonvenyan yo se yon bagay pèsonèl (sila ki pral koke klòch la pran yon gwo risk, chat la ka reveye epi manje l).

Nan ka dilèm sosyal sa a, desizyon an pi difisil toujou, paske sourit ki pral met klòch la nan kou chat la riske sakrifye l pou tout lòt yo. Tout chay la tonbe sou do l, alòske benefis yo ap pou tout moun e li ka pa menm jwi benefis yo. Èske li ta dwe dakò pran risk mouri pou lapatri, paske sa bèl?

Gen kèk lòt aspè ki parèt nan divès vèsyon fab « klòch nan kou chat » sa a. Nan plizyè vèsyon, toujou gen yon rapò pouvwa, yon rapò otorite nan mitan sila k ap konplote pou kloche chat la. Tankou kapab se yon rapò jèn ak granmoun (tankou nan videyo a), dwayen ak senp sitwayen (Lafontèn), otorite rat yo ak ti sourit san pouvwa yo (M ap li ak kè kontan), eks. Sa pote yon lòt dimansyon nan pwoblèm nan yo pa souvan analize.

Pandan kriz kowonaviris la ann Itali, medsen te konn fas ak yon dilèm etik lè pa t gen ase respiratè pou tout moun. Ta sanble yo te konn oblije priyorize sila ki pi jèn yo e ki gen plis chans siviv yo. Sa yo se gwo desizyon yo ye, pa gen dout sa pa t fasil. Men gen sosyete kote petèt se granmoun yo yo t ap priyorize. Li klè pou nou lavi tout moun gen menm valè e tout moun merite viv. Men sa sanble evidan sosyete yo pa bay tout menm valè, yo sèvi ak plizyè kritè tankou laj, koulè po, sèks, eks., pou kreye yon yerachi. E nan moman ekstrèm yo, kote yon dilèm sosyal oubyen etik prezante, si w gen malchans nan « move » gwoup la, gen dwa se ou ki peye sa.

Men ou mèt tande sa w tande, rapò pouvwa a pa efase pwoblèm reskiyaj la. Li konn sèlman ede desizyon an pran pi fasil. Si chèf rat yo te deside se yon sourit ki pou sakrifye l pou sove tout moun, petèt sourit la pa t ap twò gen lechwa. Men pwoblèm nan pa chanje, pouki pou yon moun ta pran risk sakrifye l pou tout lòt yo?

Gen plizyè repons nou ka eseye bay. Yon bò, anpil eksperyans nan ekonomi eksperimantal montre enterè pou lòt moun, anvi ede lòt moun, sa an franse yo konn rele altruisme la, se youn nan motivasyon nou lè n ap aji. Kidonk, se pa vre tout moun egoyis (sèlman). E w ap jwenn gen moun ki pouse anvi ede a pi lwen pase lòt. Genyen k ap dakò pran pi gwo risk pase lòt moun pou regle yon pwoblèm sosyal, malgre tout moun ap benefisye solisyon an. Genyen yo konn rele ewo oswa ewoyin, genyen ki konn fini an mati, genyen listwa bliye tou malerezman.

Men nou pa dwe bliye, jan tweet ki pi wo a raple sa, moun sansib pou jistis tou. Nou pa alèz ak ide pou nou ap swe pandan yon lòt ap paweze a alòske benefis yo ap menm pou tout moun oswa benefis yo ap pou tout moun (menm si moun nan pa t kontribye). Kidonk, lè konsa, sa konn ban nou anvi pini reskiyè yo. Poudayè, se yon bon fason pou dekouraje reskiyaj. Lè moun nan konnen gwoup la p ap tolere konpòtman reskiyè a, li ka pi motive met men nan pat la.

Gen koze ideyoloji a tou. Sa parèt anpil nan fim ak nan listwa, kote yon moun dakò sakrifye l pou tout moun jis pou lonè, pou fanmi, pou peyi, pou sove kominote l. Se sa k fè ideyoloji (kit se nasyonalism, relijyon, valè yo transmèt nou atravè edikasyon nou resevwa, eks.) kapab yon gwo motè pou motive moun aji nan enterè kolektif la, yon siman ki simante yon sosyete e fè tout moun anvi travay nan enterè jeneral. Nan im nasyonal d Ayiti a, vèsyon kreyòl la, senkyèm stwòf la, nou jwenn yon mesaj ideyolojik ki pisan anpil e ki montre aklè koneksyon ki genyen ant ideyoloji ak tèt ansanm:

Nou gen yon drapo

Tankou tout pèp

Se pou n renmen l

Mouri pou li

Se pa kado blan te fè nou

Se san zansèt nou yo ki te koule

Pou nou kenbe drapo nou wo

Se pou n travay, met tèt ansanm

Pou lòt peyi ka respekte l

Drapo sila se nanm tout Ayisyen

M pa twò pale politik isi a, men yon jou m gen pou m esplike nou poukisa m pa yon nasyonalis e poukisa diskou mouri pou lapatri je fèmen sa yo pa rive sou mwen. Paske nasyonalism lan se yon konstriksyon li ye. Nan yon liv klasik (youn nan prefere m), Imagined community, Benedict Anderson, eksplike konsepsyon nou gen de sa ki yon nasyon nan tan modèn nan pa t toujou egziste oswa li pa t toujou sa l ye jodi a. Se yon diskou yo vin konstwi an mezi yon seri transfòmasyon t ap opere nan jan sosyete yo òganize ak jan fwontyè yo defini.

M pa di yon moun pa ta dwe renmen peyi l non (m panse m renmen Ayiti), m di ou ka renmen peyi w san w pa nasyonalis. M di tou sa w ap konsidere kòm peyi w la pa toujou sèlman kote w te fèt la, sitou nan tan modèn yo kote posiblite vwayaje ak travèse fwontye yo, san bliye Entènèt ak mondyalizasyon an jeneral, tout sa yo pa sispann rann fwontyè politik yo ak lojik idantitè yo pi flou chak jou. M te pale sa nan epizòd podcast m te fè sou dyaspora a.

Men sa ki pi enpòtan an, tèt ansanm pa ta dwe chita sou ideyoloji sèlman, paske sa pa toujou efikas. Ayiti se yon bon egzanp. M pa panse se renmen Ayisyen ak Ayisyèn yo pa renmen Ayiti. M si se youn nan peyi kote santiman idantitè a pi fò. Ayisyen renmen Ayiti, se lè w kwaze ak yo nan dyaspora a pou w wè jan sa enpòtan pou yo. M konn moun ki gen plizyè dizèn ane Kanada, ki fè pitit la e m prèske si ki p ap janm tounen Ayiti, poutan lè y ap fè nouvèl se nouvèl Ayiti sèlman yo fè. Pou mwen, se pa yon pwoblèm lanmou pou Ayiti ki genyen.

Poudayè, si lontan nou te ka konprann enpòtans ewo yo ak mati yo, jodi a sa parèt yon ti jan aryere pou nou ta chita estrateji devlopman peyi a sou solisyon endividyèl. Li parèt etranj pou n ap di tout moun yo koupab, e si nou chak te dakò fè sakrifis peyi a t ap chanje. Sitwayen yo ka jwe yon gwo wòl wi e yo dwe toujou rete vijilan pou fè koute vwa yo. Men nou p ap ka rezoud pwoblèm kolektif yo ak solisyon endividyèl sèlman. La loi de ma bouche te ekri yon bèl biyè sou sa, sitou nan sa ki gen pou wè ak solisyon endividyalis yo, tankou « achte dèlko ak invètè » pèsonèl ou pou rezoud pwoblèm kouran ki gen nan peyi a… M ap ajoute, menm nan ka kote solisyon endividyèl la ale nan sans enterè kolektif la, tankou yon moun k ap sakrifye tèt li pou amelyore sitiyasyon moun nan peyi a, malgre sa merite ochan, sa p ap sifi nonplis.

Pou mwen, 3 pi bon fason pou atake pwoblèm kolektif yo (ak pwoblèm reskiyaj ki mache tou kole ak yo a), se leta, mache yo, ak kominote lokal yo. Pou dikotomi leta-mache a nan sa ki gen pou wè ak pwoblèm kolektif yo, m pale de sa deja an detay nan yon biyè m te ekri sou politik agrikòl nan peyi a. An gwo, leta kapab adopte règ ki dekouraje moun reskiye e ankouraje moun aji nan enterè tout moun. Anpil lwa la pou fòse nou aji yon fason ki pa deranje enterè kolektif la. Kanta mache a li menm, li di nou nou mèt priyorize enterè pèsonèl nou, l ap aranje l pou aksyon nou tout met ansanm nan avantaj tout moun. Hayek te wè sa tankou yon mèvèy, jan mache a rive sanble tout enfòmasyon sa yo ak aksyon endividyèl sa yo yon fason ki nan avantaj tout moun, san pa vrèman gen yon otorite santral k ap kòmande. Se vre, sa enpresyonan. Men nou pa dwe bliye nonplis, mache a konn echwe, e poudayè, youn nan sa ki konn koz li pa fè djòb la byen, se ekstènalite yo ak pwoblèm reskiyaj la.

Apre sa, jan Elinor Ostrom ak anpil lòt rechèch montre sa, gen solisyon ki egziste ki pa ni nan leta ni nan mache a. Oganizasyon yo, anndan kominote yo, konn rive jere byen kolektif yo poukont yo san èd ni leta ni mache a.

Nan Valence, peyi Lespay, atravè yon seri règ oswa koutim tradisyonèl, gen kominote agrikiltè k ap jere dlo nan zòn nan depi plizyè syèk pou tout agrikiltè ka jwi dlo a san l pa blo yon lòt. Se depi Mwayennaj gen yon seri « tribinal » yo mete sou pye ki rele Tribunal de las Aguas, sa vle di Tribinal Dlo yo, ki fonksyone prèske tankou yon tribinal « nòmal », malgre pa gen yon lwa ki ba yo otorite yo genyen an. Anyen pa oblije manm kominote a respekte desizyon tribinal sa pran yo, epoutan, sa mache. Lè li tranche nan yon konfli, an jeneral moun yo respekte desizyon l yo. Tout sistèm nan chita sou respè youn gen pou lòt nan kominote a.

Gen yon bann lòt egzanp konsa nan monn lan. Elinor Ostrom fè vi l ap rasanble egzanp sa yo ki montre dilèm prizyonye a ak koze kabrit plizyè mèt mouri nan solèy la pa toujou mache. Anplis leta ak mache yo, li posib pou kominote lokal yo met tèt yo ansanm atravè yon seri règ tradisyonèl pou jere byen lakomin yo. Sofke, pafwa yo ka bezwen yon ti èd oswa yon ti boustè pou yo rive fè l. Antouka, m viv sa deja pèsonèlman nan Lewogàn, kote gen yon sistèm irigasyon, se moun nan zòn nan ki met tèt yo ansanm pou jere l. E sa mache.

M panse si nou travay plis sou opsyon sa yo (leta ak enstitisyon ki efikas, mache k ap byen mache, epi kominote lokal ki soude), anpil pwoblèm kolektif ka jwenn solisyon dirab. Lè sa, nou p ap bezwen mande pèsonn ankò pou l mouri pou lapatri. Nan istwa chat la ak sourit yo, yon lòt solisyon ki te egziste, se pou tout moun pran risk sakrifye yo, monte yon plan ansanm kote yo tout enplike tèt yo pou yo al met klòch la nan kou chat la. Lè konsa, se swa tout moun mouri pou lapatri, se swa tout moun viv pou lapatri. Nan tou de ka yo, sa miyò pase ret fèmen nan yon twou ap tann pou chat la manje nou grenn pa grenn lè nou soti al chèche lamanjay.

Reskiyaj (Podcast)

Gen yon nouvo epizòd Kreyonomi Podcast ki soti. Ladan m pale de reskiyaj. Ann angle yo konn rele sa free-riding, moun ki fè l yo se free-rider. An franse, anplis mo « resquillage » ak « resquilleur », yo moun ki fè l yo konn pote non « passager clandestin ».

S01E04-Pouki tout moun pa manifeste? Yon ti bat bouch sou reskiyaj Kreyonomi podcast

Nou antre fon nan sikoloji reskiyè, woulibè ak gratè yo, gade jan sosyete a wè yo e ki koz oswa konsekans konpòtman sa a. Mwen ekri yon biyè blòg sou sa tou, sou kreyonomi.blog — Send in a voice message: https://anchor.fm/kreyonomi/message
  1. S01E04-Pouki tout moun pa manifeste? Yon ti bat bouch sou reskiyaj
  2. S01E03-Dous pou dous? Ekonomi an pratik
  3. S01E02-Kòman dyaspora a ka ede Ayiti?
  4. S01E01-Kisa ekonomi ye?

Reskiyaj la dekri konpòtman yon moun k ap pran woulib pou l pa peye oswa pa peye ase pandan l ap jwi yon byen oswa yon avantaj, li ka fè ekspre konsa tou li ka pa fè ekspre. Epizòd la chapante an 2 pati. Nan premye pati a, m analize jan sosyete a wè fenomèn sa, epi m pouse pi lwen pou lòt sitiyasyon kote konpòtman sa parèt atravè nosyon byen piblik ak ekstènalite a. Nan dezyèm pati a, m analize rezilta yon jwèt nan ekonomi eksperimantal ki pèmèt nou pi byen sènen konpòtman sa yo rele reskiyaj la. Pi ba a, m bay plis detay sou dewoulman epizòd la (an minit).

Reprezantasyon sosyal, byen piblik ak ekstènalite

2:23-3:02: Rete 2 lòt epizòd nan ribrik Ekonomi an apre sa n ap resevwa Yves-Marie Exumé an desanm pou nou ka pale de rapò fanm ak gason nan sosyete a pandan n ap entwodui nouvo ribrik Sosyete nou an. Men lyen Facebook evènman an pou moun ki enterese.

3:02-5:18: Nou pase sou plizyè sinonim reskiyè an kreyòl ansanm ak yon ti istwa amizan sou moun k ap fè gratè. An gwo, sa sanble montre, ann Ayiti, nou pa fòseman wè reskiyaj, sitou nan kad prive, kòm yon pwoblèm.

5:19-6:53: Plis detay sou foto Jacques Chirac ki montre li k ap janbe ti baryè (« portique ») kote pou w peye antre metwo yo, an Frans. An reyalite, li te peye ak tikè l, men li pa t konn kòman sa mache, e lè l wè ti baryè a pa ouvè ba l pase, li sote tèt li. Olye sa te dezonè, sa te pito pwojte yon bèl imaj pou li, imaj yon politisyen dinamik. Pratik pa peye transpò piblik la kouran an Frans, chif yo montre sa. Menm gen « mityèl san-tikè » yo kreye kote w ka vin manm epi si jamè yo ba w yon amann paske yo kenbe w k ap chèche itilize sèvis transpò yo san peye, ebyen mityèl la ap peye pou ou! Pou yon istwa detaye sou mityèl sa yo, nou kapab li atik CAIRN sa a.

6:54: 7:42 : Atitid reskiyè yo lakoz leta franse pèdi anpil lajan. Se menm jan an tou, ann Ayiti. Rakèt gaye nan sèvis leta yo e patisipe nan kreye yon twou vid nan pòch leta.

7:43- 14:30: Definisyon byen piblik. Yo gen 2 karakteristik. 1) Yo san rivalite. 2) Ou oblije konsome yo, oswa, yo pa ka anpeche w konsome yon byen konsa. Lè nou respire a se yon bon egzanp. Nosyon ekstènalite a pa fin diferan. Yon ekstènalite se yon pwodui sou kote ki derive de aksyon n ap poze yo (konsome, pwodui) san sa pa t antre nan objektif nou. Polisyon se yon egzanp ekstènalite negatif. Bèl figi ou bay katye bò lakay ou gras ak bèl jaden ki devan lakay ou a se yon egzanp ekstènalite pozitif. Pwoblèm ki poze ak ni byen piblik yo ni ekstènalite yo, sèke ou pa vrèman kapab anpeche yon moun konsome yo, kidonk, li fasil pou moun konpòte yo an reskiyè e sa ka lakoz manke resous pou kontinye ofri byen sa oswa sèvis sa a. Kòman moun konpòte yo fas ak yon byen piblik? Gen yon jwèt ki rele « jwèt byen piblik » la nan ekonomi eksperimantal, ki pèmèt nou sènen pi byen atitid moun fas ak byen piblik yo.

An nou jwe: eksperyans byen piblik la

14:40: 20:44: Nan jwèt byen piblik la, ki jwe ann ekip, ou dwe deside ant finanse yon byen piblik oswa kenbe lajan an pou ou sèlman. Lajan w bay pou byen piblik la ap ajoute sou pa lòt moun ki bay yo epi l ap miltipliye, l ap fè pitit apre sa l ap depataje pou tout jwè yo, kit moun nan te kontribye kit li pa t kontribye. Anpil fwa, strateji ki t ap pi bon pou gwoup la se pou tout moun ta itilize tout kòb yo genyen an pou yo finanse byen piblik la. Men pwoblèm ki genyen, kòm tout moun ap benefisye, kit yo patisipe kit yo pa patisipe, sa pouse moun reskiye. An jeneral, okòmansman moun yo kontribye plis, men tank eksperyans lan ap kontinye, se tank yo vin ap reskiye. Alafen, pifò moun ap tounen reskiyè. Kite yo kominike alavans antre yo pa twò mache nonplis, rapidman konpòtman reskiyè a ap tounen (sitou lè yo wè lòt ap plede reskiye). Chaje referans solid (sitou atik syantifik) sou eksperyans sa. Si yon moun enterese, m ka pataje yo ak li (yo ann angle).

20:45: 22-57: Chaje sitiyasyon nan lavi kote nou dwe chwazi ant reskiye oswa kore yon pwojè kolektif (manifestasyon, grèv, mouvman etidyan, eks.). Moun pa toujou reskiye akoz yo mechan. Sa pi konplèks ke sa. Liv Mancur Olson nan se yon referans sou kesyon an, li adopte apwòch ekonomik la ki fè kwè reskiye a se li ki solisyon rasyonèl la. Tit liv la se La logique de l’action collective. Se yon ti bijou. Men li pa sèl linèt posib pou analize lojik mouvman sosyal yo. Pa egzanp gen liv Erik Neveu a tou, Sociologie des mouvements sociaux ki adopte yon apwòch diferan. Ekonomi eksperimantal la aprann nou tou gen yon seri mekanism ou ka itilize pou ensite moun yo kontribye plis nan pwojè kolektif yo.

E ou? Ki mekanism ou konn itilize pou w ankouraje lantouraj ou patisipe nan mouvman sosyal ki enterese w yo? Ki difikilte w konn jwenn lè pou w motive moun patisipe avè w nan yon pwojè kolektif?