Yon ti refleksyon pèsonèl sou dediksyon nan matematik

Pifò branch nan matematik fòme yon sistèm dediksyon (« système déductif »). Sa vle di demach yo itilize pou yo pwodui konesans lan chita sou dediksyon. Dediksyon an se yon rezònman ki soti nan jeneral pou li ale nan detay, atravè yon chèn pwopozisyon kote konklizyon final la se konsekans ipotèz ou te demare ak yo a. Larue ak Risi (1959) esplike pi gwo pati nou souvan … Continuer de lire Yon ti refleksyon pèsonèl sou dediksyon nan matematik

Derive: kèk règ kalkil

Richard Feynman, yonn nan pi gwo pwofesè fizik ki pase sou latè (yonn nan pi gwo fizisyen tou), te ekri yon liv pratikpratik pou ede etidyan yo rezoud egzèsis ki koke chòt yo. Premye bagay li atake nan chapit 1 liv sa a, yon liv mwen ankouraje ou li, se baz matematik moun bezwen pou yo kapab fè fizik, e derivasyon se premye zouti li … Continuer de lire Derive: kèk règ kalkil

Derive: yon istwa kafe cho nan gòdèt emaye (1)

Ou lakay ou. Li fè cho deyò a, men lakay ou klimatize. 20 degre nan tout pyès kay yo nan moman an. Pou kounye a, ou nan salamanje a. Ou gen yon bèl gòdèt kafe cho cho cho sou tab la. Tanperati li se 100 degre Celcius. Lontan ou te konn bwè kafe cho anpil, bò 70 degre yo, men depi lè ou aprann bwè … Continuer de lire Derive: yon istwa kafe cho nan gòdèt emaye (1)