Archives pour la catégorie Sosyoloji

Mouri pou lapatri: kiyès k ap koke klòch la nan kou chat la?

M ap kontinye ak seri biyè an rapò ak dènye epizòd Kreyonomi Podcast la, ki te pale de reskiyaj. Nan fen epizòd la, m te pale de jan pwoblèm reskiyaj la ka debouche sou yon dilèm sosyal.

Dilèm sosyal yo egziste depi lè ti konkonm t ap goumen ak berejèn. Gen yon ansyen ti istwa kote yon ekip sourit ap konplote pou koke yon klòch nan kou yon chat. Se Ésope, yon grèk nan tan ansyen yo ke yo t apral rele « papa fab » yo (se pa fab yo lave a non), yo di ki mèt istwa sa a. Men yon ti videyo pou timoun m jwenn sou YouTube ki prezante istwa a (ann angle).

M ap raple objektif sourit yo se te mete klòch la nan kou chat la pandan l ap dòmi pou lè l ap vini pou yo ka konnen e kouri al kache, konsa pèsonn pa t ap mouri. Kidonk se te yon bèl estrateji ki t ap bon pou tout sourit yo. Sofke lè moman verite a rive, pèsonn pa t vle pou se li ki al met klòch la nan kou chat la.

La Fontaine, nan adaptasyon pa l la, pale de rat ki te reyini pou pran desizyon an, se Dwayen rat yo ki te vin ak ide klòch la e La Fontaine pa di kiyès ki premye mande ki moun ki pral met klòch la nan kou chat la .

Nan vèsyon ki nan videyo pi wo a, se sourit ki te reyini e se yon jèn ti sourit entèlijaaan ki te vin ak ide klòch la, apre sa sourit ki pi granmoun nan mitan yo a poze yon kesyon ki pral fè yo friz: kiyès ki pral met klòch la nan kou rat la? Gen yon lòt vèsyon menm jan an kote sourit granmoun nan di se moun ki vin ak ide a ki ta dwe al koke klòch la, men ti jèn nan pa t dakò.

Gen yon lòt adaptasyon istwa sa a nou jwenn nan liv M ap li ak kè kontan #3 a (F.I.C.). Ayisyen yo met sèl ak piman nan vèsyon pa yo a. Nan M ap li ak kè kontan an yo foure ni rat ni chat nan istwa a. Se rat ak sourit ki te reyini pou deside kòman y ap jere chat vwazinay la ki tounen pongongon nan kò yo a. « Prezidan, prefè, jij, komisè, kolonèl rat », tout te nan reyinyon an. Nan vèsyon M ap li ak kè kontan an, se Prefè rat yo ki lanse ide klòch la, e se yon sourit ki vin ak kesyon ki pral fè tout moun reflechi a.

Yo tout bat bravo. Yo kontan. Yo tout di: « Wi, wi, wi. » Menm lè a, yo te kòmanse yon bal; y ap danse. Sourit yo te anvi di yon ti mo, men, yo pa te ba yo lapawòl. Nan bal la, yo te ba yo jwe bolewo, paske yo te konn jwe klarinèt byen anpil. Lè moso a fini, yon ti sourit kanpe devan mikwo a, li di:

-Men kilès nan nou ki pral mete klòch la nan kou chat la?

Tout gwo zotobre yo te rete youn ap gade lòt.

Prezidan an di:

-Mwen m pa ka kite palè a.

Kolonèl la di:

-Madanm mwen prèt pou akouche.

Komisè a di:

-M ap fè yon rive Naso.

Prefè a di:

-Se mwen ki pran desizyon an, se pou yon lòt chèf egzekite l.

Chak chèf yo te prezante eskiz yo. Se sa k fè nou wè ni rat, ni sourit pa janm gen rezon devan rat.

Jan nou wè sa, gen plizyè vèsyon pou menm istwa sa a. Anpil fwa, yo sèvi ak istwa sa pou montre jan pale pi fasil pase aji. Chat konnen, rat konnen, barik mayi a rete la. Men gen yon lòt aspè ladan ankò yo pa diskite souvan. Istwa sa tradui byen yon pwoblèm dilèm sosyal, kote gen yon aksyon k ap pote avantaj pou tout moun, men pèsonn pa vle fè l. Avantaj yo ap pou tout rat oswa tout sourit, kit yo patisipe kit yo pa patisipe, pandan enkonvenyan yo se yon bagay pèsonèl (sila ki pral koke klòch la pran yon gwo risk, chat la ka reveye epi manje l).

Nan ka dilèm sosyal sa a, desizyon an pi difisil toujou, paske sourit ki pral met klòch la nan kou chat la riske sakrifye l pou tout lòt yo. Tout chay la tonbe sou do l, alòske benefis yo ap pou tout moun e li ka pa menm jwi benefis yo. Èske li ta dwe dakò pran risk mouri pou lapatri, paske sa bèl?

Gen kèk lòt aspè ki parèt nan divès vèsyon fab « klòch nan kou chat » sa a. Nan plizyè vèsyon, toujou gen yon rapò pouvwa, yon rapò otorite nan mitan sila k ap konplote pou kloche chat la. Tankou kapab se yon rapò jèn ak granmoun (tankou nan videyo a), dwayen ak senp sitwayen (Lafontèn), otorite rat yo ak ti sourit san pouvwa yo (M ap li ak kè kontan), eks. Sa pote yon lòt dimansyon nan pwoblèm nan yo pa souvan analize.

Pandan kriz kowonaviris la ann Itali, medsen te konn fas ak yon dilèm etik lè pa t gen ase respiratè pou tout moun. Ta sanble yo te konn oblije priyorize sila ki pi jèn yo e ki gen plis chans siviv yo. Sa yo se gwo desizyon yo ye, pa gen dout sa pa t fasil. Men gen sosyete kote petèt se granmoun yo yo t ap priyorize. Li klè pou nou lavi tout moun gen menm valè e tout moun merite viv. Men sa sanble evidan sosyete yo pa bay tout menm valè, yo sèvi ak plizyè kritè tankou laj, koulè po, sèks, eks., pou kreye yon yerachi. E nan moman ekstrèm yo, kote yon dilèm sosyal oubyen etik prezante, si w gen malchans nan « move » gwoup la, gen dwa se ou ki peye sa.

Men ou mèt tande sa w tande, rapò pouvwa a pa efase pwoblèm reskiyaj la. Li konn sèlman ede desizyon an pran pi fasil. Si chèf rat yo te deside se yon sourit ki pou sakrifye l pou sove tout moun, petèt sourit la pa t ap twò gen lechwa. Men pwoblèm nan pa chanje, pouki pou yon moun ta pran risk sakrifye l pou tout lòt yo?

Gen plizyè repons nou ka eseye bay. Yon bò, anpil eksperyans nan ekonomi eksperimantal montre enterè pou lòt moun, anvi ede lòt moun, sa an franse yo konn rele altruisme la, se youn nan motivasyon nou lè n ap aji. Kidonk, se pa vre tout moun egoyis (sèlman). E w ap jwenn gen moun ki pouse anvi ede a pi lwen pase lòt. Genyen k ap dakò pran pi gwo risk pase lòt moun pou regle yon pwoblèm sosyal, malgre tout moun ap benefisye solisyon an. Genyen yo konn rele ewo oswa ewoyin, genyen ki konn fini an mati, genyen listwa bliye tou malerezman.

Men nou pa dwe bliye, jan tweet ki pi wo a raple sa, moun sansib pou jistis tou. Nou pa alèz ak ide pou nou ap swe pandan yon lòt ap paweze a alòske benefis yo ap menm pou tout moun oswa benefis yo ap pou tout moun (menm si moun nan pa t kontribye). Kidonk, lè konsa, sa konn ban nou anvi pini reskiyè yo. Poudayè, se yon bon fason pou dekouraje reskiyaj. Lè moun nan konnen gwoup la p ap tolere konpòtman reskiyè a, li ka pi motive met men nan pat la.

Gen koze ideyoloji a tou. Sa parèt anpil nan fim ak nan listwa, kote yon moun dakò sakrifye l pou tout moun jis pou lonè, pou fanmi, pou peyi, pou sove kominote l. Se sa k fè ideyoloji (kit se nasyonalism, relijyon, valè yo transmèt nou atravè edikasyon nou resevwa, eks.) kapab yon gwo motè pou motive moun aji nan enterè kolektif la, yon siman ki simante yon sosyete e fè tout moun anvi travay nan enterè jeneral. Nan im nasyonal d Ayiti a, vèsyon kreyòl la, senkyèm stwòf la, nou jwenn yon mesaj ideyolojik ki pisan anpil e ki montre aklè koneksyon ki genyen ant ideyoloji ak tèt ansanm:

Nou gen yon drapo

Tankou tout pèp

Se pou n renmen l

Mouri pou li

Se pa kado blan te fè nou

Se san zansèt nou yo ki te koule

Pou nou kenbe drapo nou wo

Se pou n travay, met tèt ansanm

Pou lòt peyi ka respekte l

Drapo sila se nanm tout Ayisyen

M pa twò pale politik isi a, men yon jou m gen pou m esplike nou poukisa m pa yon nasyonalis e poukisa diskou mouri pou lapatri je fèmen sa yo pa rive sou mwen. Paske nasyonalism lan se yon konstriksyon li ye. Nan yon liv klasik (youn nan prefere m), Imagined community, Benedict Anderson, eksplike konsepsyon nou gen de sa ki yon nasyon nan tan modèn nan pa t toujou egziste oswa li pa t toujou sa l ye jodi a. Se yon diskou yo vin konstwi an mezi yon seri transfòmasyon t ap opere nan jan sosyete yo òganize ak jan fwontyè yo defini.

M pa di yon moun pa ta dwe renmen peyi l non (m panse m renmen Ayiti), m di ou ka renmen peyi w san w pa nasyonalis. M di tou sa w ap konsidere kòm peyi w la pa toujou sèlman kote w te fèt la, sitou nan tan modèn yo kote posiblite vwayaje ak travèse fwontye yo, san bliye Entènèt ak mondyalizasyon an jeneral, tout sa yo pa sispann rann fwontyè politik yo ak lojik idantitè yo pi flou chak jou. M te pale sa nan epizòd podcast m te fè sou dyaspora a.

Men sa ki pi enpòtan an, tèt ansanm pa ta dwe chita sou ideyoloji sèlman, paske sa pa toujou efikas. Ayiti se yon bon egzanp. M pa panse se renmen Ayisyen ak Ayisyèn yo pa renmen Ayiti. M si se youn nan peyi kote santiman idantitè a pi fò. Ayisyen renmen Ayiti, se lè w kwaze ak yo nan dyaspora a pou w wè jan sa enpòtan pou yo. M konn moun ki gen plizyè dizèn ane Kanada, ki fè pitit la e m prèske si ki p ap janm tounen Ayiti, poutan lè y ap fè nouvèl se nouvèl Ayiti sèlman yo fè. Pou mwen, se pa yon pwoblèm lanmou pou Ayiti ki genyen.

Poudayè, si lontan nou te ka konprann enpòtans ewo yo ak mati yo, jodi a sa parèt yon ti jan aryere pou nou ta chita estrateji devlopman peyi a sou solisyon endividyèl. Li parèt etranj pou n ap di tout moun yo koupab, e si nou chak te dakò fè sakrifis peyi a t ap chanje. Sitwayen yo ka jwe yon gwo wòl wi e yo dwe toujou rete vijilan pou fè koute vwa yo. Men nou p ap ka rezoud pwoblèm kolektif yo ak solisyon endividyèl sèlman. La loi de ma bouche te ekri yon bèl biyè sou sa, sitou nan sa ki gen pou wè ak solisyon endividyalis yo, tankou « achte dèlko ak invètè » pèsonèl ou pou rezoud pwoblèm kouran ki gen nan peyi a… M ap ajoute, menm nan ka kote solisyon endividyèl la ale nan sans enterè kolektif la, tankou yon moun k ap sakrifye tèt li pou amelyore sitiyasyon moun nan peyi a, malgre sa merite ochan, sa p ap sifi nonplis.

Pou mwen, 3 pi bon fason pou atake pwoblèm kolektif yo (ak pwoblèm reskiyaj ki mache tou kole ak yo a), se leta, mache yo, ak kominote lokal yo. Pou dikotomi leta-mache a nan sa ki gen pou wè ak pwoblèm kolektif yo, m pale de sa deja an detay nan yon biyè m te ekri sou politik agrikòl nan peyi a. An gwo, leta kapab adopte règ ki dekouraje moun reskiye e ankouraje moun aji nan enterè tout moun. Anpil lwa la pou fòse nou aji yon fason ki pa deranje enterè kolektif la. Kanta mache a li menm, li di nou nou mèt priyorize enterè pèsonèl nou, l ap aranje l pou aksyon nou tout met ansanm nan avantaj tout moun. Hayek te wè sa tankou yon mèvèy, jan mache a rive sanble tout enfòmasyon sa yo ak aksyon endividyèl sa yo yon fason ki nan avantaj tout moun, san pa vrèman gen yon otorite santral k ap kòmande. Se vre, sa enpresyonan. Men nou pa dwe bliye nonplis, mache a konn echwe, e poudayè, youn nan sa ki konn koz li pa fè djòb la byen, se ekstènalite yo ak pwoblèm reskiyaj la.

Apre sa, jan Elinor Ostrom ak anpil lòt rechèch montre sa, gen solisyon ki egziste ki pa ni nan leta ni nan mache a. Oganizasyon yo, anndan kominote yo, konn rive jere byen kolektif yo poukont yo san èd ni leta ni mache a.

Nan Valence, peyi Lespay, atravè yon seri règ oswa koutim tradisyonèl, gen kominote agrikiltè k ap jere dlo nan zòn nan depi plizyè syèk pou tout agrikiltè ka jwi dlo a san l pa blo yon lòt. Se depi Mwayennaj gen yon seri « tribinal » yo mete sou pye ki rele Tribunal de las Aguas, sa vle di Tribinal Dlo yo, ki fonksyone prèske tankou yon tribinal « nòmal », malgre pa gen yon lwa ki ba yo otorite yo genyen an. Anyen pa oblije manm kominote a respekte desizyon tribinal sa pran yo, epoutan, sa mache. Lè li tranche nan yon konfli, an jeneral moun yo respekte desizyon l yo. Tout sistèm nan chita sou respè youn gen pou lòt nan kominote a.

Gen yon bann lòt egzanp konsa nan monn lan. Elinor Ostrom fè vi l ap rasanble egzanp sa yo ki montre dilèm prizyonye a ak koze kabrit plizyè mèt mouri nan solèy la pa toujou mache. Anplis leta ak mache yo, li posib pou kominote lokal yo met tèt yo ansanm atravè yon seri règ tradisyonèl pou jere byen lakomin yo. Sofke, pafwa yo ka bezwen yon ti èd oswa yon ti boustè pou yo rive fè l. Antouka, m viv sa deja pèsonèlman nan Lewogàn, kote gen yon sistèm irigasyon, se moun nan zòn nan ki met tèt yo ansanm pou jere l. E sa mache.

M panse si nou travay plis sou opsyon sa yo (leta ak enstitisyon ki efikas, mache k ap byen mache, epi kominote lokal ki soude), anpil pwoblèm kolektif ka jwenn solisyon dirab. Lè sa, nou p ap bezwen mande pèsonn ankò pou l mouri pou lapatri. Nan istwa chat la ak sourit yo, yon lòt solisyon ki te egziste, se pou tout moun pran risk sakrifye yo, monte yon plan ansanm kote yo tout enplike tèt yo pou yo al met klòch la nan kou chat la. Lè konsa, se swa tout moun mouri pou lapatri, se swa tout moun viv pou lapatri. Nan tou de ka yo, sa miyò pase ret fèmen nan yon twou ap tann pou chat la manje nou grenn pa grenn lè nou soti al chèche lamanjay.

« Nou pa tiye malere »

Yè swa, mwen te gen plezi akeyi ekonomis Thomas Lalime nan kad yon bèl konferans-deba sou Zoom. Se Association des étudiants antillais de l’Université Laval ki te òganize l nan okazyon 18 me a. Se te yon bèl okazyon pou n te pale sou enstitisyon, devlopman ekonomik, idantite, drapo, wòl fanm jwe nan istwa peyi a ak nan ekonomi l, dèt lendepandans, teknoloji, relijyon, edikasyon ak rechèch syantifik, eks. Konferansye a te souliyen twa gwo eleman ki ka favorize oswa bloke devlopman ekonomik yon peyi: faktè jewografik yo, kalite enstitisyon yo ak teknoloji. Li te pibliye yon liv an 2014, Économie haitienne: radiographie d’un désastre ki baze sou kwonik Des idées pour le développement li a nan Le Nouvelliste. Ladan li devlope pi an detay anpil nan pwen nou sot site yo. Malgre gen kèk pozisyon nan liv la ki diskitab (e se nòmal, kesyon sa yo pa levanjil), se yon liv Kreyonomi rekòmande. Nou espere yon jou ap gen yon vèsyon kreyòl e ap gen lòt konpilasyon kon sa.

Konferansye a te kite nou ak yon grenn graf ki mande reflechi. Se yon graf ki montre te gen yon lè, sa pa fè twò lontan an reyalite, Pwodui Enteryè Brit (PEnB oswa PIB) pa abitan an Parite Pouvwa Acha (PPA) ni Ayiti, ni Repiblik dominikèn ni Lachin…te pwòch. Epi nan yon ti kras tan, peyi sa yo pike monte pandan koub pa nou an sanse ret plat. Se pa jodi a yo ap reflechi sou dilèm sa yo nan ekonomi devlopman.

Bank Mondyal te menm ekri yon liv espesyal sou sijè sa a an 2015, Puzzles of economic growth. Ladan otè yo analize plizyè pè peyi kon sa nan monn lan ki sanble oswa te sanble tèt koupe men ki finalman pa suiv menm trajektwa devlopman. Pè Ayiti-Dominikani an se objè youn nan chapit yo. Apwòch yo a trè ekonomik, nou te ka menm di ekonomisis, men yo pote kèk eleman repons ki enteresan.

Nan liv la yo rekonèt Ayiti ak Repiblik dominikèn prèske (te) gen menm zèl kat nan men yo (tankou plaj, mendèv pou piyay, eks.), men finalman se Dominikani ki rive pwofite de yo. Soti 1960 rive 2000, envestisman an mwayèn nan Repiblik domikèn t ap pral reprezante 19% nan PEnB li pandan ann Ayiti li te sèlman 9%. Pandan Dominikani te met anpil enèji nan devlope 12 000 km wout, Ayiti li menm te soti ak 4 200 km sèlman. Anpil efò te fèt tou pou edike popilasyon an nan Dominikani (otè yo pa presize sa, men nou dwe ajoute se nan lang matènèl li edikasyon sa te fèt, sa ki diferan ann Ayiti). Se sèlman 16% pami sila ki gen plis pase 15 an yo ki pa konn li an Repiblik dominikèn pandan Ayiti pousantaj sa atenn 50%, dapre liv Bank Mondyal la. An lan 2000, Repiblik dominikèn te gentan ka atire 3 milyon touris pandan Ayiti li menm te soti ak 142 000 touris sèlman. San bliye konsekans ki vin tounen koz ann Ayiti, tankou konsekans tranblemanntè a ki vin agrave sitiyasyon, konsekans enstabilite politik, eks.

Otè yo met anpil aksan nan liv la sou envestisman Dominikani rive atire yo, sa ki se rezilta enstitisyon ki djanm ki kreye ensitatif pou sa (tankou definisyon ak pwoteksyon dwa pwopriyete prive yo) pandan Ayiti te echwe fè sa. Men yo echwe lè pou yo esplike pou ki sa Dominikani te rive fè chanjman enstitisyonèl sa yo (alòske o kòmansman te gen enstabilite politik ak anpil nan pwoblèm Ayiti gen la yo) epi Ayiti li menm li pa rive fè sa.

Repons kesyon sa yo pa senp. E okenn disiplin pa ka reponn yo pou kont li, san èd lòt disiplin (ekonomi, sosyoloji, listwa, jewografi, eks.). Malgre sa, apwòch enstitisyonèl ekonomis Thomas Lalime met aksan sou li a (menm si nan liv li a li rekonèt pwoblèm nan konplèks), li enteresan anpil. Nan liv li a, Thomas Lalime te gade jan « règ jwèt » yo ann Ayiti akayik, inefikas e konbine ak lòt faktè pou anpeche nou atenn kwasans ekonomik nou bezwen pou finanse devlopman ekonomik peyi a. Li brake pwojektè sou pouvwa yon seri « move enstitisyon », ki kapab fòmèl (tankou lwa yo) oswa enfòmèl (tankou koutim yo, mantalite yo, eks.)- e enfòmèl yo pi pisan toujou. Enstitisyon sa yo mal pou chanje, gen nan yo nou erite depi epòk kolonyal, e enstitisyon enfòmèl yo pi difisil toujou pou chanje. E pwen ki pi enpòtan an, yo afekte pèfòmans ekonomi an.

Apwòch sa a antre dirèk nan liy branch enstitisyonalism ekonomik Bernard Chavance rele nan liv li a « ekonomi neyo-enstitisyonèl » la (ki gen ladan moun tankou Ronald Coase yo, Oliver Williamson, Douglass North ak lòt otè tankou Masahiko Aoki, Avner Greif, Daron Acemoglu, Elinor Ostrom). Se yon apwòch ki alamòd (« Institutions matter » se nouvo slogan an, ki vle di « enstitisyon yo konte », nou pa dwe neglije yo). Dayè, apwòch sa akouche plizyè Pri Nobel deja. Travay North yo gen yon enpòtans espesyal pou diskisyon nou an.

Dapre North, si règ fòmèl yo ka evolye byen vit, règ enfòmèl yo (koutim yo, kwayans ak modèl mantal yo) jeneralman pran anpil tan anvan yo chanje, eksepte petèt lè gen yon boulvèsman enpòtan tankou yon revolisyon oswa yon gè.

Tankou, North ak Weingast te analize, nan yon atik selèb an 1989, plizyè chanjman dezyèm revolisyon angle a te pwovoke, sa yo rele « Glorieuse Révolution » an, ki t apral koupe fache ak monachi absoli nan stil Stuart yo pou ranplase l pa yon monachi konstitisyonèl apati ane 1688 yo ann Angletè. Anvan sa, Wa a te fè sa l vle, e lè nou di sa l vle, li pa t ezite gagote epi aji an deyò yon seri prensip etik de baz. Kòm dèyè l te won pandan li t ap pete kare (sa ki raple nou yon prezidan), vye pratik sa yo te vin alamòd: vann teren leta, tabli nouvo prelèvman ladwàn san rezon, fòse moun prete l lajan epi pa respekte angajman l pou l remèt lajan an, sezi/konfikse byen moun an gwo ponyèt, fè dil ak biznismann pou yo ka gen dwa monopòl nan yon sektè. Menm tit noblès yo ak gras wayal la te tounen biznis, ou te ka achte yo depi w gen lajan…

Apre revolisyon an, yo deside koupe fache ak abitid sa yo. Yo te vin deside tout gwo chanjman politik ap bezwen oke palman an anvan yo aplike l (kidonk prè lajan yo, taks yo, eks. te vin pi previzib), yo te eseye rann lajistis endepandan (sa ki te garanti angajman moun, sitou angajman leta a, ap kredib), eks. E se la sa vin enteresan. North ak Weingast montre senp ti chanjman sa yo nan enstitisyon yo t ap pral ogmante kredibilite leta a seryezman parapò ak kapasite l pou l pwoteje pwopriyete prive moun yo. Konsekans, mache kapital yo (kit prive kit piblik) devlope a yon vitès estrawòdinè ansanm ak mache dèt piblik la (to enterè yo degrengole san pa gen enflasyon, finans piblik pi byen jere, e menm gen yon inovasyon nan sektè a: se epòk sa Bank Angletè kreye).

Malerezman, chanjman bridsoukou sa yo ra. Pi souvan, mekanis depandans chimen tou trase yo kapab lòk nou nan yon sèl direksyon epi limite opsyon chanjman ki disponib yo. Tank tan ap pase, se tank enstitisyon ki la deja yo ap pran nanm. Enstitisyon ki te efikas lontan gen dwa vin pa adapte ankò epoutan, malgre sa, pèsonn pa ka chanje yo. Difikilte pou tabli yon bon sistèm kadas ki t ap itil pou devlopman sektè agrikòl la ann Ayiti se petèt yon bon egzanp. Dwa de dwàn pou piyay sou diri enpòte a se yon lòt egzanp. Gen direksyon, yon fwa ou fin pran yo, li difisil pou fè bak. E se youn nan pwoblèm mwen genyen ak apwòch North la, ou gen enpresyon li yon ti jan fatalis. E li pa vrèman ba w zouti pou chanje reyalite a, li jis konstate li difisil pou chanje.

Mwen te di Thomas Lalime sa nan konferans-deba a. M te pataje enkyetid mwen ak li sou posiblite pou apwòch enstitisyonalis la, malgre li itil pou konprann pwoblèm nan, finalman steril lè moman an rive pou rezoud pwoblèm nan. M te mande l èske sa pa fatalis. Li te pwomèt mwen li pa fatalis. North te di menm bagay la nan liv 1990 li a. Petèt. Men, ann atandan, m pa ko wè ki chanjman enstitisyonèl ki, pa maji, pral anpeche nou gen yon Kaporal Ti Lapli nan Gran Ravin k ap entèvni nan mikwo Lajenès pou l rasire nou ke li « pa touye malere », ke nou pa bezwen enkyete nou. Se « règ jwèt » la. Gang yo se pyon nan jwèt yon gouvènman ki bezwen yo pou chita pouvwa l. Men malgre sa, dekourajman pa dekourajman, refleksyon yo dwe rapousuiv.

« Se pou sa yo voye m lekòl, pou m ka aprann franse »:pou ki sa lekòl Ayiti se yon gaspiyaj tan

Jouk nan ane 2000 yo, youn nan bagay ki te plis domine espesyalis edikasyon nan monn lan se pwoblèm al lekòl la. Te gen twòp timoun sou planèt la ki pa t ka al lekòl. Peyi tou patou te pran gwo angajman, fè gwo pwomès, siyen gwo akò pou rekonèt edikasyon pou tout moun se yon minimòm pou devlopman kèlkelanswa peyi a. Vrèmanvre, te gen gwo pwogrè ki te rive fèt nan sans sa a. Pa egzanp, Nasyonzini rapòte an 2014, nan bilan li t ap fè sou Objektif Milenè pou Developman yo, soti 2000 rive 2012 pousantaj timoun ki frekante lekòl primè nan peyi an devlopman yo soti nan 83% monte nan 90%.

Gen anpil defi ki rete pou leve toujou nan kesyon aksè a, nan peyi tankou Ayiti jiska prezan sou chak 100 timoun nan entèval 6 rive 9 lane, gen 21 ki pa ka al lekòl. Menm si sa, mondyalman, ni ann Ayiti tou, pwogrè ki fèt nan zafè pousantaj timoun (ak ti fi) ki gen chans al lekòl se bagay ki ankourajan. Malerezman, prèske nan menm peryòd la espesyalis yo t ap pral reyalize gen yon lòt pwoblèm ki grav menm jan ak pa ale lekòl la: pwoblèm aprantisaj la. Sa yo dekouvri, li pa sifi pou timoun al lekòl oswa ka al lekòl. Timoun ka bouke jwenn lekòl epi yo pa met pye (pwofesè yo tou fò nan bay ratman). Pi tris toujou, yo ka bouke met pye lekòl la, epi yo pa aprann anyen.

Esther Duflo ak Abhijit Banerjee, de « pri Nobel ekonomi » resan resan, te rapòte nan liv Repenser la pauvreté yo a (Repanse povrete) ki te soti an 2011, yon to absanteyism pou timoun yo ki ant 14 ak 50% atravè monn lan. Yo al pi lwen. Yo rapòte rezilta chokan yon ONG ann End ki rele Pratham te jwenn nan sa ki gen pou wè ak sa timoun yo aprann tout bon sou ban lekòl yo. Sou 700 000 elèv Pratham te evalye o aza, 35% nan sa ki te gen ant 7 e 14 an yo pa t menm ka li yon paragraf byen senp, 30% sèlman te ka fè yon senp kalkil aritmetik. Rezilta nan lòt peyi an devlopman prèske ale nan menm sans lan. O Kenya, yon ankèt te revele 27% timoun 5yèm ane primè yo pa t ka li yon paragraf senp ann angle, 23% pa t ka li youn an kiswahili, 30% pa t ka fè yon divizyon byen senp. Nan peyi Pakistan, toujou dapre otè yo, 80% timoun twazyèm ane fondamantal pa t ka li yon paragraf nivo premye ane. Duflo ak Abhijit menm oblije mande tèt yo èske lekòl pa finalman fè timoun yo bliye menm sa yo te konnen deja, tankou konpetans kalkil anpil nan yo ka te devlope lakay nan ede paran yo kenbe boutik fanmi an? Antouka, tout chif sa yo aprann nou yon bagay, mennen koulèv la lekòl se youn, fè l chita se de, fè l aprann se twa.

Kesyon lang nan, mete sou pedagoji ak anviwònman ki pa adapte, vin konplike sitiyasyon an plis toujou, e egzanp Ayiti a montre sa. Anpil travay syantifik ak rekòmandasyon ofisyèl atravè monn lan souliyen enpòtans lang matènèl pou yon bon aprantisaj lekòl. Malerezman, Ayiti, kote pi fò timoun se kreyòl ki lang matènèl yo ak lang yo itilize chak jou nan tout sa y ap fè, lekòl itilize yon lang ki depaman ak reyalite y ap viv la. Nan rapò 2005 Education For All la (Edikasyon pou tout moun), yo te esplike aprann timoun yo nan yon lang yo pa konnen oswa pa metrize, se tankou mande yon moun fè yon travay san w pa ba l zouti pou sa. Imajine w ki dwe klouwe yon klou nan mi ak de men w de pye w, san ni mato ni wòch. Metòd yo itilize Ayiti a, kote kou, egzamen, eksetera ap fèt an franse oswa nan yon melanj pokofonik franse-kreyòl pandan timoun yo se kreyòl yo pale e konprann pi byen, pa fouti efikas. E se pa pawòl an lè. Gen omwen 2 seri rezilta nan rechèch syantifik ki fèt ann Ayiti ki montre fè lekòl an kreyòl t ap bay pi bon rezilta pase fè lekòl an franse (ceteris paribus). Yon premye kategori konsène aprantisaj timoun nan primè. N ap pran 2 rechèch kle ki konpare pèfòmans nan lekti timoun ki aprann an kreyòl ak pa timoun ki aprann an franse. Apre sa, gen rechèch tou ki montre menm pou matyè ak konsèp wo nivo nan matematik oswa nan syans nan nivo segondè, kreyòl la bay pi bon rezilta.

Nan nivo primè, youn nan bèl eksperyans yo rapòte se eksperyans Lekòl Matènwa a. Se yon lekòl nan Lagonav ki pran plezi nan inove pou rezoud yon seri defi – n ap tou pwofite souliyen efò yo fè pou entegre timoun kokobe (andikape). Kòm yo chwazi fè kou yo an kreyòl pou timoun yo, youn nan defi yo te dwe leve se jwenn liv pou timoun yo fè lekti an kreyòl. Ebyen ki solisyon yo jwenn? Yo fè timoun yo ekri pwòp liv yo an kreyòl apati ti istwa timoun yo ankò kreye oswa adapte!

Nan yon atik (ak tou yon rapò pi detaye) li pibliye an 2016, Michel DeGraff, nan MIT, konpare nan lane 2012-2013 pèfòmans timoun Matènwa (premye ak dezyèm ane) ak pa timoun nan 5 lòt lekòl ki nan zòn nan e ki itilize metòd tradisyonèl ki baze sou franse a. Li sèvi ak yon enstriman ki rele Early Grade Reading Assessment (EGRA), ki se yon pwodui anpil spesyalis nan edikasyon itilize pou evalye kapasite lekti, konpreyansyon tèks alekri ak aloral. DeGraff jwenn 2 kategori rezilta. Yon premye kategori montre elèv Lekòl Matènwa yo pi pèfòman, afiche yon skò medyan ki pi wo pase pa elèv ki pa nan Lekòl Matènwa yo, pou yon menm nivo. Nan ane ki vin apre a (2013-2014), apre yo fin eseye menm apwòch Lekòl Matènwa a nan lòt 5 lekòl yo, yo jwenn pèfòmans elèv lekòl sa yo nan lekti vin amelyore (sa ki nòmal) nan pwen pou yo vin pwòch pèfòmans elèv ki nan menm nivo ak yo nan Lekòl Matènwa (sa ki pa t kon sa avan). Kidonk, lekòl ki pa t santre pedagoji yo a sou kreyòl (ak aprantisaj aktif) te nonsèlman an reta nan pèfòmans lekti pa rapò ak Lekòl Matènwa, men apwòch Matènwa a te pèmèt yo ratrape nan reta yo a. Sa ki frapan ankò, Christine Low (ki se youn nan moun ki panse inisyativ Lekòl Matènwa a e ke m te gen plezi rankontre yon fwa) te esplike jan aprantisaj an kreyòl la pa t ditou anpeche elèv yo fè nòt pou franse nan egzamen leta…

Yon ti jan pi pre nou, an 2020 an, gen yon rechèch Guzmán ak kèk kolèg pibliye nan jounal Reading Research Quaterly, ki jwenn rezilta ki ale nan menm san ak pa DeGraff yo, ann Ayiti. Apati yon echantiyon 1189 elèv premye ane o aza (632 nan yo te sèvi kòm gwoup referans pou fè konparezon yo) nan 94 lekòl katolik Gonayiv ak Okap, otè sa yo teste efikasite yon pwogram lekti an kreyòl pou devlope kapasite lekti timoun yo. Gwoup referans lan menm te kontinye nan metòd tradisyonèl la (ki priyorize franse). Yo itilize menm zouti EGRA a pou teste 8 konpetans nan lekti lakay timoun yo (ladan yo genyen kantite lèt pa minit, kantite son pa minit, eks.). Analiz statistik yo fè montre nan fen premye ane a gwoup ki te suiv pwogram lekti an kreyòl la siyifikativman pi pèfòman nan lekti pase gwoup referans lan pou 6 kategori konpetans sou 8 sa yo te teste yo. Nan fen dezyèm ane fondamantal la, menm penpenp lan, te gen yon diferans pozitif e siyifikatif pou 6 nan konpetans lekti yo. Analiz regresyon ki fèt yo montre pwogram an kreyòl la pou bokou , e siyifikativman, nan diferans pèfòmans sa yo.

Yon moun ta ka di se pou timoun piti sèlman sa kenbe. Pou konsèp wo nivo ki gen pou manyen nan klas segondè yo, kreyòl la ka plis yon andikap pase yon avantaj. Se mòd prejije sa yo dayè anpil moun genyen sou kreyòl, yo pa kwè li kapab fè lasyans, pale matematik, devlope konsèp. Poutan se pa sa rechèch yo montre.

Anplis travay ki fèt nan lòt peyi ki montre konsèp yo pi byen pase lè yo anseye yo nan lang matènèl, gen yon tèz doktora Behrmann pibliye an 2018 ki montre klèman avantaj yon ansèyman matematik ak syans an kreyòl nan nivo segondè, soti nan klas 7yèm ane fondamantal rive nan filo. Otè a esplike yo te prezante menm kou a an franse bay yon gwoup an kreyòl epi bay yon lòt gwoup nan chak klas, ni pou matematik ni pou syans. Tout sa fèt nan yon lekòl ki pran fi sèlman nan depatman Lwès la, ak 139 elèv. Chak klas te separe o aza an 2 gwoup. Anvan kou a, gwoup yo te pase yon egzamen an rapò ak konsèp yo pral prezante yo a pou teste kisa yo konnen deja. Rezilta yo montre tou de gwoup yo te demare ak menm nivo konesans, pwen yo te fè nan ti tès demaraj la pa t siyifikativman diferan. Poutan, apre sa, tès yo fè yo sibi nan fen kou a revele elèv ki te suiv kou a an kreyòl yo pi byen konprann kou a e fè plis pwen pase gwoup ki te suiv li an franse a, ni pou matematik ni pou syans (sof nan de ou twa klas, nan chak ka).

Men pati ki pi enteresan nan travay Behrmann nan, se petèt pati kalitatif la. Malgre elèv sa yo konnen e konstate yo pi byen konprann nosyon yo an kreyòl, malgre yo rekonèt se lang sa yo konprann pi byen, se li yo pale lakay yo (e pou anpil nan yo se sèl yo ki ka pale franse lakay yo), yo rete kwè se franse ki ap ba yo plis chans reyisi. Analiz kalitatif la montre tou fonksyònman lekòl la menm, jan pwofesè yo wè e trete tout moun ki eseye pale kreyòl, tout sa yo kontribye nan devalorize lang kreyòl la nan je elèv yo, malgre elèv yo rekonèt si kou yo te fèt an kreyòl yo t ap konprann pi byen.

Menm si m p ap di anyen entèlijan an franse, pale m pale l la gentan fè m pase pou yon moun entèlijan, gen pwofesè ki p ap menm di m ki lè l ye si m adrese yo an kreyòl, m pa menm bezwen imajine kòman sa ye nan nivo inivèsite. » (Yon elèv reto)

Men temwayaj ki petèt pi frapan an, e se li nou site nan tit biyè sa a, se pa yon elèv ki di paran l yo se pou sa menm yo voye l lekòl, pou l aprann franse…

« Se poutèt sa menm yo voye m lekòl, pou m ka aprann franse. » (Yon elèv setyèm ane)

Se kòm si aprann lòt bagay yo te mwens enpòtan pase aprann franse. Petèt nan lekòl Ayiti a, lòt aprantisaj yo pa t janm enpòtan vre. Si yo te enpòtan, yo t ap fèt an kreyòl. Paske jan etid nou te prezante yo ak anpil lòt montre sa, pa gen pi bon lang pase lang manman pou aprantisaj toutbon rive fèt. Lekòl Ayiti pa ka kontinye fè timoun yo gaspiye 13 lane nan lavi yo pou yo ka (mal) aprann pale franse. Yon peyi tèt an wo p ap posib ak modèl lekòl tèt an ba sa a.