Archives du mot-clé black swan

COVID-19: Yon siy gri?

Nan ti liv M ap li ak kè kontan #3 a, te gen yon istwa ki te rele « Fè wè pa dire ». Ladan, yon nèg ki te konn gade bèt deside òganize yon kanbiz pou zanmi li yo, e li tou pwofite envite tout bèt lakay li vin nan fèt la. Tout bèt yo, an bon entèlijan, te refize envitasyon an, sof kòmè kodenn. Nou tout konnen kòman istwa a te fini, ak « kòmè kodenn ki defile de pye an lè sou tab » la. Istwa a fè kòmè kodenn pase pou egare, kòm si se sèl li ki pou ta gen yon konpòtman konsa. Epoutan, si sa t ap pase toutbon, gen anpil chans pou pifò nan bèt yo ta aksepte envitasyon an. Si moun k ap gade yo a te konn byen trete yo, ba yo manje, pa t gen okenn rezon pou yo te panse moun sa t apral fè yo mal oswa anvi manje yo brid sou kou, soti jodi rive demen. An reyalite, moman kote gadyen an deside chanje konpòtman an, nan inivè bèt yo, li pa yon bagay ou ka prevwa. Se rete y ap rete, san rezon, yo wè van an vire.

Nan yon liv ki pote tit Black Swan: The impact of the highly improbable, Nassim Nicholas Taleb (ki pran plezi nan kritite ekonomis yo) te analize yon seri fenomèn li dekri kòm « Black Swan » (oswa Siy Nwa). Sa ki pase, zwazo yo rele siy lan, nan peyi Nò planèt la yo gen tandans gen plimay blan, men sa ki nan pati Sid yo gen tandans gen yon koulè blan melanje ak nwa oswa menm 100% nwa nan ka peyi Ostrali (Cygnus atratus). Kidonk pou anpil Ewopeyen, pandan lontan, ki di siy te di koulè blan. Taleb itilize imaj chokan siy nwa a (pou yon moun ki konn blan yo sèlman) pou montre efè sa fè lè nou pantan sou yon bagay kosmoloji nou an pa t pèmèt nou imajine. Twa karakteristik gwo evènman Taleb rele « siy nwa » yo se: 1) yo parèt prèske enposib (e evènman pase yo pa vrèman ka pèmèt ou prevwa l) 2) lè yo resi rive, yo gen gwo enpak (sou mantalite yo, sou reyalite a menm-ekonomi an, fason nou fonksyone, eks.) 3) malgre yo te prèske enposib pou prevwa, anpil moun pral chèche jwenn yon esplikasyon pou yo k ap fè yo parèt nòmal, previzib, lojik.

Nimewo 3 a ta sanble se rezilta 2 tandans natirèl nou genyen. Yon bò, genyen byè konfimasyon an ki pouse nou seleksyone nan rechèch n ap fè sa ki koresponn ak kwayans oswa konesans nou gen deja. Lè konsa nou gen tandans ekate yon seri evènman, kòz, ak faktè ki te ka pwodui menm rezilta n ap chèche esplike yo. Lòt tandans natirèl la, se bezwen nou toujou santi pou nou bay bagay yo sans. Nou renmen kreye diskou lè bagay yo fin pase, bati istwa (« narrative fallacy ») ki souvan lineyè alòske reyalite a konn plis sanble ak yon madjigridji oswa yon melanj chans, malchans, ak chimen tou trase. Istwa yo souvan pi klè, pi lojik nan liv istwa yo pase lè n ap viv yo layv.

Sa pa vle di sa Nathan Watchel rele yon « istwa regresif » la li pa itil anyen non. Okontrè, yon istwa kote se leprezan an ki ap ede nou konprann lepase kapab gen tout sans li kòm metòd, jan rechèch solid otè tankou Karl Marx oswa Philippe Descola montre sa. Sa pa vle di nonplis travay prediksyon an enposib, e nou konnen ekonomis yo renmen sa. Sa pito raple nou jan sa riskan pou nou ap predi lavni sou baz sa ki pase sèlman apati jan nou viv li alèkile, san nou pa kite okenn plas pou sa nou konnen nou pa konnen yo.

Sa gen kèk jou m t ap pale ak yon pwofesè sou pandemi COVID-19 la. Li se yon spesyalis nan ekonomi konpòtman. M t ap di l jan pil esplikasyon rasyonèl y ap devlope nan medya yo ak obsesyon pou tabli seri etap lineyè ki ta mennen nan pandemi an fè m panse a teyori siy nwa a. Li te di m wi, se yon ka klasik. Apre sa, m vin tonbe sou tèks sou nèt la k ap debat si COVID-19 se yon siy nwa oswa yon siy blan, pafwa san bay twòp agiman. Men annapre, m vin ap mande tèt mwen si nou pa annafè ak sa m te ka rele yon siy gri pito (an pasan, sa egziste vre, se pitit siy nwa yo ki konsa) oswa yon siy blan ki gen kou nwa.

Se vre, jan anpil spesyalis montre sa e sou baz istwa limanite ak sou baz dènye pandemi yo, nou te konnen sa t ap finalman rive yon jou oswa yon lòt. Anpil spesyalis tou te alète sou mank preparasyon monn lan pou yon pandemi konsa. Menm gen yon endèks, Global Health Security Index, ki egziste e ki chak ane klase peyi yo an fonksyon nivo preparasyon sistèm sante yo a fas ak gwo tonton defi sa yo. Endèks sa a te gentan montre aklè nivo vilnerablite kèk peyi. An menm tan, pa gen moun, menm ekspè yo, ki te konnen sa t apral pase kounye a. Katastwòf yo tankou devwa d mezon pou elèv k ap kalblennde, yo toujou panse y a gentan, se pa pou demen, jiskaske demen rive sou yo. An reyalite, katastwòf yo pi mal, nou pa menm konn ki lè y ap rive e malgre sa nou lage nan fè vagnè.

Evènman siy nwa yo ka difisil pou prevwa, men nou ka aprann jere yo pi byen lè yo parèt tèt yo, pa gen dout sou sa. Yo pa toujou negatif nonplis, menm Entènèt Taleb konsidere li kòm yon siy nwa. Asimov se yon otè syans fiksyon m renmen anpil. Malgre pouvwa imajinasyon l, m pa sonje li te janm rive devine nan woman l yo posiblite pou ta gen entènèt e pou n ap sèvi avè l jan n ap fè l jounen jodi a.

Siy nwa yo ka enprevizib, men siy gri m te pale pi wo a gen yon avantaj li ofri nou ki ka pèmèt nou pi fasil met men sou li: li previzib, nou sèlman pa konnen ki lè ak kòman l ap parèt. Pandemi aktyèl la se petèt yon bon egzanp. Men chanjman klimatik yo ta ka antre ladan tou. Malgre egzistans senaryo ki sofistike, nou pa ko janm ka konnen vrèman kòman lavni ap ye. Nou pa pare pou senaryo katastwòf yo dekri nan liv tankou The Uninhabitable Earth la. Peyi yo dwe nonsèlman fè tout sa yo kapab pou sa pa dejenere, men tou kòmanse depi kounye a, adapte a avni sa ki gen anpil chans pou rive a si nou pa rele sou kò nou.