Archives du mot-clé jodi pa demen

JODI PA DEMEN

Chak fwa yon lòt ane kòmanse, chak premye janvye, gen yon seri moun ki fè yon lis pwojè men longè pou yo fè pandan ane a. Chak fwa yon siklòn pase, ou tande moun ki ap sèmante di sa pa ka kontinye konsa, fòk nou pare nou pou lòt siklòn yo si se pa sa achak fwa yon pil moun ap viktim ankò. Pifò moun konsyan fè spò bon pou lasante, men se ra moun ki fè li e ki pèsevere ladan. Sa k komik lan, menm nou menm sa ki pa renmen fè spò a, nou konn pito al jwe foutbòl sou katye a alòske nou gen yon pil leson pou nou etidye.

Li klè, gen yon seri bagay, malgre nou konnen yo ap bon pou nou pi devan, nou pito pa fè yo. Menm jan an tou, gen yon seri bagay malgre nou konnen yo p ap bon pou nou pi devan, nou reziyen nou nou fè yo kanmèm (tankou fimen, fè bagay san nou pa pwoteje tèt nou, sote jou nan yon tretman doktè preski nou, elatriye). Kòman nou ka analize konpòtman vagnè sa a e ki konsekans li genyen?

Se la gen youn nan mizik Rockfam yo, Jodi a pa demen, ki ka ede nou. Gras ak li, nou jwenn yon fason pratik pou nou di « incohérence temporelle » an kreyòl! Fenomèn « jodi pa demen » sa enterese ekonomis, sikològ ak politològ anpil! E li gen gwo konsekans nan domèn lasante, sou kapasite malere genyen pou yo sere lajan (fè ekonomi), sou kòman malere pwoteje tèt yo devan kèk risk, tankou risk siklòn oswa tranbleman tè. Li gen konsekans tou sou efikasite politik gouvènman yo ap mennen.

Jodi pa demen (Rockfam)

Gen yon eksperyans yon ekonomis, yon sikològ ak yon spesyalis nan sèvo moun te fè nan laboratwa nan lane 2004, kote yo te teste kòman moun reyaji lè yo mande yo chwazi ant pran yon kado kounye a oswa pran li demen. Egzanp, yo mande moun nan ki sa li pi pito ant:

  1. aksepte 20 dola ameriken jodia, lapoula
  2. oubyen 30 dola ameriken apre 1 semèn

Yo mande moun yo tou ki sa yo pito nan 2 chwa sa yo :

  1. aksepte 20 dola nan 2 semèn
  2. aksepte 30 dola nan 3 semèn.

Sa ki enteresan nan rezilta eksperyans sa, lè yo suiv fonksyònman sèvo moun yo nan moman yo ap deside a yo remake « zizye » yo bat sèlman lè yo gen pou yo chwazi ant yon lajan kounye a, lapoula e yon lajan pita, tankou nan egzanp pi wo yo. Se sèl sa ki rive fè zòn nan sèvo a ki rele « sistèm lenbik » la aktive.

Sa vle di nou bay bagay ki ap pase kounye a plis enpòtans pase sa ki ap pase annapre yo. Nou sonje ti diskisyon nou te genyen nan pòdkas la, lè nou t ap pale de Dous pou dous la, sou jan sèvo nou ka viktim yon seri flay lojik? Ebyen, sa se youn, paske pa gen okenn rezon « lojik » (nan sans rasyonalite ekonomik la) pou prezan an peze pi lou pase fiti a nan desizyon n ap pran yo. Pou yon diskisyon an pwofondè sou fenomèn sa, nou kapab konsilte atik syantifik sa a tou: Beyond Homo economicus, se Herbert Gintis ki pibliye l an 2000 nan revi Ecological economics lan.

Fenomèn « jodi pa demen » sa, ki fè yon rezilta nou ap jwenn jodi a (kit li bon kit li pa bon) pi enpòtan pou nou pase menm rezilta sa si nou ta jwenn li annapre a, sanble se yon bagay ki pran rasin li anndan sèvo nou menm : se konsa nou ye.

Men kèk move konsekans lojik « jodi pa demen » nou sot prezante a genyen nan zafè sante piblik (men ou jwenn li nan prèske tout domèn an reyalite). Akoz lojik sa a :

• Anpil moun fimen kanmèm pou yo ka jwenn yon plezi kounye a alòske sa ka gen gwo konsekans pi devan ki, objektivman, depase kantite plezi sa ka ofri ou kounye a. Nan ekonomi, yo rele pwodui sa yo « byen tantasyon », sa vle di yon kategori byen ki atire nou pou kounye a alòske lè nou reflechi a konsekans yo pi devan sa pa atire nou ditou, men malgre sa nou konsome yo kanmèm. Gen otè, tankou Musgrave, ki te pwopoze pou takse pwodui sa yo pi wo pou dekouraje konsomatè a konsome yo. Se vre sa ka parèt patènalis, men se vre tou sèvo nou ka twonpe nou.

• Anpil paran fè parès pa mennen pitit yo pran vaksen alè, malgre tout ankourajman gouvènman yo bay. Vrèmanvre, rezilta vaksen an se jis ANNAPRE moun nan ap jwenn li alòske deplasman an ak lajan li ap depanse pou li mennen timoun nan al pran vaksen an se koze kounye a. Li klè se pa sèl lojik « jodi pa demen » an ki lakoz a atitid anti-vaksen sa a. Nan liv ti komik (BD) Crédulité et Rumeurs la, yo raple nou gen nenpòt 150 byè ki anpechè sèvo nou fonksyone byen nan sitiyasyon ki mande pou nou fè lojik. Liv sa byen detaye tou kèk flay lojik ki ka fè yon moun vin kwè nan teyori konplo sou vaksen yo.

Résultat d’images pour crédulité et rumeurs

•Anpil moun pran gwo risk nan fè bagay san yo pa pwoteje tèt yo pou yon ti moman plezi alòske sa ka gen gwo konsekans pi devan

•Anpil moun fè neglijans nan pran medikaman, anpil moun depi yo kòmanse gen yon alemye fè neglijans nan fason y ap suiv tretman yo menmsi yo eksplike yo jan sa enpòtan pou yo suiv li jiskobou

•Anpil moun bat nay oswa dòmi ta, jwe mizik fò nan zòrèy yo, bwè alkòl pou sou alòske yo konnen sa pa bon pou sante yo

Èske gen kèk lòt ekzanp ou ka site?

Ki remèd pwoblèm sa a? Yon solisyon nou ka gentan wè, se rann aksyon ou swete moun nan fè a fasil pou moun nan poze, pou li pa bezwen fè twòp efò: egzanp, al pran vaksen pa ta dwe yon bigdil, moustikè pa ta dwe ra, kapòt ta dwe fasil pou jwenn.

Malerezman, menm lè solisyon an fasil pou jwenn, moun yo konn kontinye fè neglijans. Yon lòt solisyon ki al pi lwen toujou ekonomis yo pwopoze pou kontrekare konpòtman sa yo, lè sa posib, se tou fòse moun nan poze aksyon ou vle li fè a yon fason pou se desizyon PA FÈ aksyon an ki mande li plis efò. Egzanp, fè oswa ankouraje tout antrepriz ki konsène ajoute yòd (ki bon pou gwat, « maladi gwo kou ») nan sèl yo ap vann yo. Konsa, si yon moun PA TA VLE yòd nan sèl li (pou yon rezon oswa yon lòt nou pa konnen), li ap oblije fè yon efò anplis pou li jwenn sèl ki san yòd e efò sa ka tou dekouraje li kontinye chèche.

Youn nan pwoblèm apwòch sa poze solisyon tou pare sa a genyen, menm si se pou byen moun yo leta ta mete règ sa yo, li parèt timounizan. Se tankou moun yo se ti bebe ki pa ka pran bon desizyon poukont yo si w pran tan ou esplike yo.

Apwòch sa te ka soulve kèk kesyon tou an rapò ak libète. Men m ap raple moun yo toujou lib kanmèm (sofke sa ap mande yo yon efò pou yo poze « move » aksyon an). Epitou, anpil moun ap dakò sa vo lapèn paske vrèmanvre moun yo pa toujou fè pi bon chwa yo.

Antouka, mwen swete ou menm ki fin li atik sa, alavni, ou ap toujou sonje, si ou pat konn fè sa deja, mande tèt ou ‘si sa vo lapèn pou mwen fè yon bagay kounye a alòske pi devan li pral ban mwen pwoblèm, oswa si sa vo lapèn pou mwen pa fè yon bagay ki ap bon pou mwen pi devan poutèt kounye a li ap fè m mal. Pa gen bon repons ni move repons, chak moun mennen bak lavi yo jan yo pito. Men omwen, lè ou konsyan egzistans lojik « jodi pa demen » an jan li ka enfliyanse w, petèt sa ap ede w pran pi bon desizyon.