Archives du mot-clé Konplo

COVID-19: orijin kowonaviris la

Teyori konplo yo sou orijin nouvo kowonaviris ki lakoz COVID-19 la kontinye ap gaye menm jan ak viris la, malgre chaje done syantifik ki kontredi yo.

Youn nan « teyori » sa yo vle fè kwè viris la ta rezilta yon manipilasyon jenetik oswa yon eksperyans ki ta chape soti nan yon laboratwa nan Wuhan, vil chinwa kote epidemi an ta demare nan dat 12 desanm 2019. Alos, sa konn rive deja pou viris chape nan laboratwa al lakoz pwoblèm sante oswa epidemi. Li pa enposib nonplis, si yo pa met plis kontwol sou laboratwa yo pou alavni se aksidan ki fèt nan yon seri laboratwa sofistike ki lakoz pwochen pandemi an (pami laboratwa sa yo, menm genyen ki ap chèche fè viris yo vin pi tchak ou pi rezistan, men se pou amelyore konesans syantifik sou viris yo, sa ki ka itil tout moun). Apre sa, nou rekonèt tou gen anpil bagay nou pa ko konnen sou nouvo kowonaviris la ak orijin li. Men, malgre tout sa, nan ka SARS-COV-2 a (ki se non viris ki lakoz maladi COVID-19 la), literati syantifik sou sijè a montre viris sa gen mak fabrik yon lot kowonaviris nou abitye jwenn nan lanati lakay chovsouri yo e pa gen okenn prèv aktyèlman li se rezilta manipilasyon nan laboratwa.

Chèchè yo jwenn 96% nan sekans jenetik SARS-COV-2 a se menm ak pa yon kowonaviris yo rele RATG13 yo te dekouvri depi anvan nan yon gwòt nan Yunnan, an Chin. Youn nan esplikasyon ki egziste pou ti diferans 4% sa ki separe sekans 2 viris sa yo sigjere yo tou de ka soti nan yon zansèt komen. Epi 4% diferans lan ta rezilta omwen 20 lane evolisyon.

Gen 2 gwo senaryo syantifik yo anvizaje ki ta ka esplike orijin nouvo kowonaviris la. Swa li te gentan tou sou fòm sa depi nan lanati, kidonk tou pare pou rann nou malad depi nou antre an kontak ak li; swa travay adaptasyon an fin fèt anndan kò premye moun ki te enfekte yo. Premye senaryo a enplike alavni viris la ka retounen lakoz yon epidemi ankò, paske li toujou ap flannen nan lanati. Men si se nan kò moun li te vin pran fòm li pran kounye a, chans pou menm kondisyon sa yo repwodui fèb (e sa rasiran). Tout jan, relasyon yo dekouvri ki genyen ant RATG13 ak SARS-COV-2 a endike viris la gen anpil chans pou se nan chovsouri li soti. Men kom ka kote chovsouri transmèt moun viris dirèkteman yo ra oubyen pa egziste, li posib pou chovsouri a te transmèt viris la bay yon lòt bèt ki li menm vin transmèt nou li.

Viris yo konn bezwen yon reseptè pou koke sou selil nou yo pou ann apre yo ka penetre selil sa yo. Pati nan viris la ki responsab travay sa a (yon seri asid amine an patikilye), ann angle li pote non « receptor-binding domain« , oswa domèn fiksasyon reseptè a (DFR). Nan ka SARS-COV-2 a, li al fikse sou yon reseptè nan mambràn selil nou yo ki rele ACE2 (ki se yon anzim, yon tip pwoteyin). Gen anpil ACE2 nan manbràn selil poumon yo, kidonk se yon paradi pou plizyè kowonaviris, espesyalman SARS-COV-2 a. Nan yon premye tan, yo te panse viris RATG13 la, kontrèman ak nouvo kowonaviris la, pa t ka byen fikse sou ACE2 a. Sa te fè yo panse chans pou chovsouri sa yo ta enfekte nou dirèkteman te fèb, paske menm lè RATG13 la ta antre nan kò nou, li te ka pa rive enfekte selil nou yo. Men, yon rechèch pi resan ki pibliye nan Nature montre sa posib, RATG13 la ka fikse sou reseptè ACE2 yo. Kidonk, li toujou posib pou nouvo kowonaviris la nou ta trape l alorijin dirèkteman nan kontak moun ak chovsouri, san pa bezwen gen entèmedyè ant chovsouri a ak moun nan.

Men ipotèz entèmedyè a pwomèt anpil tou. Ta gen anpil chans pou se nan chovsouri yon viris (petèt zansèt RATG13 la) soti epi ale nan yon lòt bèt ki ta jwe wòl entèmedyè. La, viris la ta evolye, nan kwazman ak lòt viris ki sou entèmedyè sa a e ki pi adapte a kò moun. Konsa li ta vin devlope yon domèn fiksasyon reseptè (DFR) ki pi byen koresponn ak ACE2 ki nan kò moun nan.

Youn yon pi bon kandida yo pami entèmedyè posib yo se yon bèt yo rele pangolen, sèl mamifè ki gen ekay, ekay kèk moun fou ap chèche paske yo kwè li bon pou kansè ak pou bann gason. Vrèman vre, gen 2 kowonaviris yo jwenn sou li ki gen yon domèn fiksasyon reseptè ki sanble ak pa viris COVID-19 la, youn nan zòn Guangdong, lòt la nan zòn Guangxi, an Chin. Nan 2 kowonaviris nou jwenn sou pangolen yo, gen youn ki pi adapte pase lòt la pou ta enfekte selil nou yo, se sa yo te jwenn nan Guangdong lan. An gwo, li ta posib pou yon viris kowona lakay chovsouri yo al fè ladesant sou pangolen nan Guangdong yo, kote yo kwaze ak yon lòt kowonaviris ki te deja sou pangolen sa a e ki te gentan bon jan adapte pou fikse sou selil ki nan kò nou yo. Kwazman sa a ta kapab alorijin SARS-COV-2 a.

Komès pangolen ilegal, men li pa enposib pou se nan vann yo an kachèt sou yon mache kote y ap vann bèt sovaj nan Wuhan, an Chin, SARS-COV-19 la vin kòmanse pwopaje nan mitan moun. Kon sa tou, moun ki te an kontak ak bèt sa a kapab pote maladi a an pèsonn nan mache a. Pou jan materyèl jenetik nouvo kowonaviris la sanble lakay premye malad yo, sanble se yon sèl fwa transfè a fèt sot nan bèt ki ta jwe wòl entèmedyè a al nan moun (pou pi bonè zòn oktòb 2019 yo dapre kèk estimasyon). Ki donk, rès transmisyon an se ta nan mitan moun ankò li fèt.

Menm si se apati 2002 yo premye pantan sou kowonaviris ki kapab lakoz maladi grav (tankou epidemi SARS la an 2002 ak epidemi MERS la an 2012), sa fè lontan yo konn egzistans yo, e veterinè yo ap toke konn ak yo lontan akoz maladi yo pwovoke lakay bèt. Epidemi SARS la an 2002 ki t apral lakoz plis pase 700 moun mouri nan monn lan, te pouse anpil rechèch fèt sou kowonaviris yo.

An jeneral, yo klase yo an alfa, bèta, gama ak dèltakowonaviris. De dènye jan kowonaviris yo, ou plis jwenn yo lakay zwazo sovaj. De premye yo (e viris COVID-19 la se youn nan yo, yon bètakowonaviris) ou plis jwenn yo lakay chovsouri (e an jeneral sa pa rann yo malad akoz sistèm iminitè yo adapte pou sa). Yo dekouvri plis pase 200 nouvo kowonaviris lakay chovsouri yo. An 2019, nan yon revi literati syantifik sou kesyon an, de chèchè te gentan predi (e sa te previzib), gen anpil chans pou yon jou kanmèm kanmèm gen yon nouvo kowonaviris ki parèt e ki lakoz yon lòt epidemi. Sa rive vre, e se li n ap viv la.

Chèchè ki ekri atik revi literati nou sot site a, yo soti nan yon ekip anndan Enstiti Viwoloji Wuhan. Yo rele sa yon koyensidans, yon mo teyorisyen konplo pa vle wè.