Archives du mot-clé lang kreyòl

Nou nan mwa lang kreyòl!

Nou nan mwa lang kreyòl! Ayiti rete peyi ki gen plis moun ki pale kreyòl nan mond lan. Anpil batay fèt pou kreyòl la vin ka kanpe sou moun byen chèlbè konsa jounen jodi a, e anpil travay rete pou fèt.

Pierre Vernet, yon potorik gason, ki malchans pou nou pa la ankò, t ap rakonte, sa pa gen twò lontan defann lang kreyòl la te ka sifi kòm rezon pou yo mete yon moun nan prizon Ayiti. Menmsi nou kite vye epòk sa dèyè, e menmsi jounen jodi a kreyòl se yon lang ofisyèl tankou franse dapre manman lwa peyi a, anpil travay rete pou fèt e diskisyon sou plas lang kreyòl la merite a jiska prezan rete gaye, malgre jefò kèk moun ap fè pou chita analiz yo sou baz syantifik.

Gen anpil travay kèk akademisyen lang kreyòl ayisyen an pwodui deja, lengwis yo, spesyalis kominikasyon ak syans moun yo, e latriye. Yo merite yon gwo kout chapo pou sa.

Nou menm nan Kreyonomi, n ap pwofite yon ti tou vid ki genyen pou nou atire atansyon sou yon branch nan ekonomi an yo rele ekonomi lang,  ki pa twò devlope men ki aprann nou kèk bagay enpòtan sou jan lang makònnen ak ekonomi e ban nou zouti ekonomik ki ka ede politisyen yo pran desizyon ki eklere nan dosye lang sa a.

Yon moun ka mande men kisa ekonomi vin fè nan diskisyon sou lang? Se vre, lang nan pa yon byen tankou tout lòt. Gen byen ki rele moun yo chè mèt chè metrès, lèkonsa se sèl mèt li ki ka itilize l, de moun pa ka itilize l anmenmtan e jeneralman ou peye pou w ka gen byen sa yo : nou te ka pran ekzanp yon kreyon, yon tenis oswa yon plat manje. Yo rele yo byen prive. Nou te pale de distenksyon ki genyen nan mitan byen yo nan dènye epizòd Kreyonomi Podcast la.

Jan nou te wè sa nan pòdkas la, gen lòt byen menm, nou ka rele yo byen lakomin, ou pa peye pou yo men si jamè twòp moun itilize l anmenmtan sa ka anpeche ou itilize l. Nou te ka pran ekzanp yon wout. Ou pa peye pou li, men lè gen twòp moun ki ap itilize l sa lakòz blokis.

Gen yon lòt kategori byen, nonsèlman yo gratis ti cheri, kèlkelanswa kantite moun ki itilize yo a sa pa deranje, yo rele yo byen piblik oswa byen ki 100% kolektif. Yon bon ekzanp se lè w ap respire a. Lang yo ka antre nan kategori byen piblik la, sitou lè se lang manman w.

Lang yo ka antre nan yon lòt kategori tou, kote byen an pa fin gratis (piske w oblije fè efò e pafwa fè gwo depans pou w aprann yon lang) men plis gen moun ki itilize byen an se plis li itil. Dènye sa nou di la a se sanse li menm ki diferansye lang yo parapò ak pifò lòt byen : plis gen moun ki pale oswa itilize yon lang, se plis li pran valè. Ebyen, ekonomis yo enterese nan tout kalite byen sa yo e gen metòd ki devlope pou kapab konprann plas yo nan ekonomi yon peyi.

Kifè, se konsa, sa pa gen twò lontan, ekonomis yo kòmanse enterese nan kesyon lang yo. Fòk nou di, yon ekonomis se yon moun ki ap chèche konn ki pi bon fason nou ka itilize sa nou genyen, resous nou yo, ki limite, pou nou ka rive satisfè bezwen nou yo, ki prèske pa gen limit. Kidonk se yon moun ki prèske ka foure bouch li nan tout sòs.

Malgre pa gen anpil rechèch ki fèt pase sa nan domèn ekonomi lang yo, gen omwen 4 gwo blòk rechèch nou idantifye ki rive montre ekonomis yo ka pote kichòy nan deba a.

1) Rapò ki genyen ant lang moun e kantite kòb yo touche

Ekonomis yo rive montre kapab gen yon lyen dirèk ant kòb yon kategori moun touche e lang yo pale oswa konpetans yo nan kèk lang. Se konsa, anpil etid rive montre gen yon twou ki separe kòb imigran yo touche Ozetazini parapò ak ouvriye oswa anplwaye blan natifnatal yo, ant kòb moun ki pale franse touche Kanada parapò ak moun ki pale angle yo e menm bagay la tou pou peyi Lasuis ki gen twa gwo lang ofisyèl.

2) Fason lang yo evolye

Gen sosyològ-lengwis ki rekonèt pa vrèman gen yon teyori ki satisfè tout moun ki eksplike kòman lang yo bouje ak evolye e kisa ki fè yo bouje.

Ekonomis yo itilize de gwo apwòch pou yo ede lengwis yo reponn kesyon sa yo. Yon apwòch statik kote yo sipoze moun ki pale plis pase yon lang yo itilize lang sa yo selon aktivite yo ap mennen yo e finalman sa jwe sou jan lang nan evolye. Pa ekzanp, nou sèvi ak kreyòl nan mache oswa pou nou pale ak konpatriyòt nou yo, men nou deside sèvi ak franse pou nou ekri liv ak dokiman oswa pou nou fonksyone nan biwo ak nan travay. Sa jwe sou evolisyon lang nan dapre apwòch sa.

Yon lòt bò, ekonomis yo konn itilize apwòch oswa modèl ke yo rele modèl dinamik kote itilizasyon lang nan nan yon peryòd depann sou fason yo te itilize l nan peryòd anvan yo.

3) Lang ak aktivite ki ap bwase nan ekonomi an

Li klè e ekonomis yo montre sa, lang nan jwe yon gwo wòl keseswa nan sa y ap pwodui nan ekonomi an, sa y ap konsome, echanj ki ap fèt, piblisite ki ap fèt, e latriye. Ekzanp, paske w pale kreyòl, ou ka achte liv, cd mizik ak dvd fim ki fèt nan lang sa.

Kèk rechèch montre, sou koze piblisite a, pifò moun ki pale de lang pi renmen lè piblisite a fèt nan lang manman yo menmsi yo konnen lòt lang nan fen e byen. Se sa ankèt yo montre pa ekzanp nan Kebèk Okanada oswa nan Katalòy ki nan peyi Lespay.

Sèlman, n ap fè remake ekonomis lan pa bay sa nou te ka rele byen lengwistik yo (tankou liv oswa pwodui kiltirèl nan yon lang) yon plas espesyal nan analiz la e li trete yo menm jan ak tout lòt byen (manje, bwè, machin, elatriye).

4) Analiz ekonomik politik leta ka mennen nan kesyon lang

Dènye pwen nou ap mansyone se kesyon politik lengwistik la.

Yon politik lengwistik se yon politik leta mennen ki vize pote yon chanjman nan anviwòman lengwistik nou ap viv ladan an.

Men kèk fason leta ka aji : fè lekòl nan lang nan e fè lekòl sou lang nan; itilize lang nan nan biwo leta yo ak lajistis; ankouraje oswa finanse medya tankou tele, radyo ak jounal pou yo kreye pwogram nan lang nan; yon lòt fason ankò se atravè kilti, ministè kilti ka deside ankouraje oswa rekonpanse ekriven ak atis ki ap pwodui nan lang nan. Kesyon ekonomis lan ap poze tèt li, nan nivo sa, se ki pi desizyon ki ka pran? Li ap mande tèt li : Ki lang ki merite pou yo ba li jarèt? Ki konpetans nou ta swete sitwayen yo devlope nan lang sa a?

Pa ekzanp, kreyòl se lang manman nou men anpil moun pa konn ekri l : leta te gendwa mande tèt li èske sa vo lapenn pou li depanse kòb pou ede plis ayisyen rive konn ekri kreyòl, san konte plen lòt konpetans ankò nan lang anpil moun pa genyen, se pa sèlman pa konn ekri l la. Yon lòt kesyon ekonomis la ap chèche reponn se : Poukisa leta ta dwe soutni tèl lang? Ki avantaj sa ap pote? E konbyen sa ap koute ni leta ni sosyete a (yon ekzanp, sa gendwa deranje anpil antrepriz Ayiti si leta ta oblije yo ekri tout sa yo ap ekri nan lang kreyòl tou, paske yo tranzisyon sa t ap koute yo kòb).

Pou ekonomis la reponn kesyon sa yo li al chèche konnen ki VALÈ EKONOMIK yon lang genyen.

Toutan moun ap di lang se richès, kòmkwa lang nan gen yon valè nan je moun yo menm jan yon kay gen valè oswa yon machin gen valè. Premye bagay nou ap di, si yon bagay gen valè pou moun yo, an jeneral w ap wè sa nan konpòtman yo, men sa ka rive bagay la gen valè pou kont pa l men konpòtman moun yo pa montre sa (lavi gen anpil valè, men gen kote nan mond lan ki gen gè).

Valè ki enterese ekonomis lan se valè bagay la genyen nan je moun ki ap itilize l yo. E gen de kategori valè konsa ki ekziste pou yon lang : se valè ki ka machande yo ak sa ki pa ka machande yo.

Mèwi, yon lang ka gen yon valè ki ka machande.

Pa ekzanp, lefètke yon moun pale tèl lang ka fè li yon pi bon machann pase moun ki pa pale lang sa a, oswa lefètke yon moun pale tèl lang ka fè li touche plis kòb pase kòb li t ap ka touche si li pat pale lang sa. Yon lòt bò, pale yon lang ba w aksè a kilti ki pwodui nan lang nan (reflechi si w pa t konn pale kreyòl, ou pa t ap konnen siyifikasyon bèl pwovèb nou yo, ou te ka pa janm konn danse konpa, elatriye).

Apre sa, konnen yon lang pèmèt ou kominike e gen bonjan relasyon ak lòt moun ki pale lang lan : nou ka konsidere de sa yo kòm yon valè lang nan genyen ki pa ka machande.

Total valè sa yo pou tout moun, finalman, se li ki di w men ki valè ekonomik lang nan. Objektif yon politik lengwistik se ogmante valè lang nan san valè depans ak konsekans negatif politik la ap genyen yo pa depase avantaj lang nan pote a.

Si nou suiv lojik sa, nou ta dwe mande tèt nou èske nou poze bon kesyon an. Èske kesyon an ta dwe poukisa leta dwe mennen yon politik pou lang kreyòl la ki se lang prèske tout Ayisyen pale? Eske nou pa ta dwe mande pito pou leta jistifye pwomosyon li menm ak lekòl peyi a ap fè pou lang franse ayisyen pa menm pale a?

Ni franse ni kreyòl enpòtan, sa klè, men si ta dwe gen deba li ta lojik pou deba a se sou franse li fèt e li parèt natirèl pou kreyòl la jwenn sipò leta san yo pa bezwen fòse leta. Pèsonèlman, m panse nou sou bon wout la. Nan dènye ane yo m wè anpil sektè, aktè ak òganizasyon k ap pwodui kontni an kreyòl pou kominike ak popilasyon an san konplèks. Nou wè pòdkas an kreyòl kòmanse ap djondjonnen. Nou wè militan, tankou sila ki nan Asosyasyon Ayiti Nou Vle A ak lòt gwoup k ap batay ki itilize kreyòl la san pwoblèm pou mesaj yo ka pase klè kou dlo kòk. Nou menm wè liv syantifik, tankou Gid Fizik ekip MIT-Ayiti soti a, ki pibliye kòmsadwa. Tout sa fè m rete pozitif, malgre m konnen wout la long. Yon lòt lè m

Kifè, ekonomis yo gen anpil bagay yo ka pataje ak lengwis yo sou fason nou ka analize plas yon lang nan yon peyi. Anpil nan sa mwen pataje avè w nan biyè sa baze sou yon travay François Grin, yon konesè nan ekonomi lang, te fè nan lane 2002, ki titre « L’économie de la langue et de l’éducation dans la politique d’enseignement des langues ».

Kontinye suiv paj nou an pou plis atik nan lang kreyòl sou ekonomi, sosyete ak lasyans an jeneral. Fèt kreyòl la fenk koumanse. Tout mwa oktòb la se mwa kreyòl, kidonk nou ap fete jiskobou.