Archives du mot-clé Leta

Mouri pou lapatri: kiyès k ap koke klòch la nan kou chat la?

M ap kontinye ak seri biyè an rapò ak dènye epizòd Kreyonomi Podcast la, ki te pale de reskiyaj. Nan fen epizòd la, m te pale de jan pwoblèm reskiyaj la ka debouche sou yon dilèm sosyal.

Dilèm sosyal yo egziste depi lè ti konkonm t ap goumen ak berejèn. Gen yon ansyen ti istwa kote yon ekip sourit ap konplote pou koke yon klòch nan kou yon chat. Se Ésope, yon grèk nan tan ansyen yo ke yo t apral rele « papa fab » yo (se pa fab yo lave a non), yo di ki mèt istwa sa a. Men yon ti videyo pou timoun m jwenn sou YouTube ki prezante istwa a (ann angle).

M ap raple objektif sourit yo se te mete klòch la nan kou chat la pandan l ap dòmi pou lè l ap vini pou yo ka konnen e kouri al kache, konsa pèsonn pa t ap mouri. Kidonk se te yon bèl estrateji ki t ap bon pou tout sourit yo. Sofke lè moman verite a rive, pèsonn pa t vle pou se li ki al met klòch la nan kou chat la.

La Fontaine, nan adaptasyon pa l la, pale de rat ki te reyini pou pran desizyon an, se Dwayen rat yo ki te vin ak ide klòch la e La Fontaine pa di kiyès ki premye mande ki moun ki pral met klòch la nan kou chat la .

Nan vèsyon ki nan videyo pi wo a, se sourit ki te reyini e se yon jèn ti sourit entèlijaaan ki te vin ak ide klòch la, apre sa sourit ki pi granmoun nan mitan yo a poze yon kesyon ki pral fè yo friz: kiyès ki pral met klòch la nan kou rat la? Gen yon lòt vèsyon menm jan an kote sourit granmoun nan di se moun ki vin ak ide a ki ta dwe al koke klòch la, men ti jèn nan pa t dakò.

Gen yon lòt adaptasyon istwa sa a nou jwenn nan liv M ap li ak kè kontan #3 a (F.I.C.). Ayisyen yo met sèl ak piman nan vèsyon pa yo a. Nan M ap li ak kè kontan an yo foure ni rat ni chat nan istwa a. Se rat ak sourit ki te reyini pou deside kòman y ap jere chat vwazinay la ki tounen pongongon nan kò yo a. « Prezidan, prefè, jij, komisè, kolonèl rat », tout te nan reyinyon an. Nan vèsyon M ap li ak kè kontan an, se Prefè rat yo ki lanse ide klòch la, e se yon sourit ki vin ak kesyon ki pral fè tout moun reflechi a.

Yo tout bat bravo. Yo kontan. Yo tout di: « Wi, wi, wi. » Menm lè a, yo te kòmanse yon bal; y ap danse. Sourit yo te anvi di yon ti mo, men, yo pa te ba yo lapawòl. Nan bal la, yo te ba yo jwe bolewo, paske yo te konn jwe klarinèt byen anpil. Lè moso a fini, yon ti sourit kanpe devan mikwo a, li di:

-Men kilès nan nou ki pral mete klòch la nan kou chat la?

Tout gwo zotobre yo te rete youn ap gade lòt.

Prezidan an di:

-Mwen m pa ka kite palè a.

Kolonèl la di:

-Madanm mwen prèt pou akouche.

Komisè a di:

-M ap fè yon rive Naso.

Prefè a di:

-Se mwen ki pran desizyon an, se pou yon lòt chèf egzekite l.

Chak chèf yo te prezante eskiz yo. Se sa k fè nou wè ni rat, ni sourit pa janm gen rezon devan rat.

Jan nou wè sa, gen plizyè vèsyon pou menm istwa sa a. Anpil fwa, yo sèvi ak istwa sa pou montre jan pale pi fasil pase aji. Chat konnen, rat konnen, barik mayi a rete la. Men gen yon lòt aspè ladan ankò yo pa diskite souvan. Istwa sa tradui byen yon pwoblèm dilèm sosyal, kote gen yon aksyon k ap pote avantaj pou tout moun, men pèsonn pa vle fè l. Avantaj yo ap pou tout rat oswa tout sourit, kit yo patisipe kit yo pa patisipe, pandan enkonvenyan yo se yon bagay pèsonèl (sila ki pral koke klòch la pran yon gwo risk, chat la ka reveye epi manje l).

Nan ka dilèm sosyal sa a, desizyon an pi difisil toujou, paske sourit ki pral met klòch la nan kou chat la riske sakrifye l pou tout lòt yo. Tout chay la tonbe sou do l, alòske benefis yo ap pou tout moun e li ka pa menm jwi benefis yo. Èske li ta dwe dakò pran risk mouri pou lapatri, paske sa bèl?

Gen kèk lòt aspè ki parèt nan divès vèsyon fab « klòch nan kou chat » sa a. Nan plizyè vèsyon, toujou gen yon rapò pouvwa, yon rapò otorite nan mitan sila k ap konplote pou kloche chat la. Tankou kapab se yon rapò jèn ak granmoun (tankou nan videyo a), dwayen ak senp sitwayen (Lafontèn), otorite rat yo ak ti sourit san pouvwa yo (M ap li ak kè kontan), eks. Sa pote yon lòt dimansyon nan pwoblèm nan yo pa souvan analize.

Pandan kriz kowonaviris la ann Itali, medsen te konn fas ak yon dilèm etik lè pa t gen ase respiratè pou tout moun. Ta sanble yo te konn oblije priyorize sila ki pi jèn yo e ki gen plis chans siviv yo. Sa yo se gwo desizyon yo ye, pa gen dout sa pa t fasil. Men gen sosyete kote petèt se granmoun yo yo t ap priyorize. Li klè pou nou lavi tout moun gen menm valè e tout moun merite viv. Men sa sanble evidan sosyete yo pa bay tout menm valè, yo sèvi ak plizyè kritè tankou laj, koulè po, sèks, eks., pou kreye yon yerachi. E nan moman ekstrèm yo, kote yon dilèm sosyal oubyen etik prezante, si w gen malchans nan « move » gwoup la, gen dwa se ou ki peye sa.

Men ou mèt tande sa w tande, rapò pouvwa a pa efase pwoblèm reskiyaj la. Li konn sèlman ede desizyon an pran pi fasil. Si chèf rat yo te deside se yon sourit ki pou sakrifye l pou sove tout moun, petèt sourit la pa t ap twò gen lechwa. Men pwoblèm nan pa chanje, pouki pou yon moun ta pran risk sakrifye l pou tout lòt yo?

Gen plizyè repons nou ka eseye bay. Yon bò, anpil eksperyans nan ekonomi eksperimantal montre enterè pou lòt moun, anvi ede lòt moun, sa an franse yo konn rele altruisme la, se youn nan motivasyon nou lè n ap aji. Kidonk, se pa vre tout moun egoyis (sèlman). E w ap jwenn gen moun ki pouse anvi ede a pi lwen pase lòt. Genyen k ap dakò pran pi gwo risk pase lòt moun pou regle yon pwoblèm sosyal, malgre tout moun ap benefisye solisyon an. Genyen yo konn rele ewo oswa ewoyin, genyen ki konn fini an mati, genyen listwa bliye tou malerezman.

Men nou pa dwe bliye, jan tweet ki pi wo a raple sa, moun sansib pou jistis tou. Nou pa alèz ak ide pou nou ap swe pandan yon lòt ap paweze a alòske benefis yo ap menm pou tout moun oswa benefis yo ap pou tout moun (menm si moun nan pa t kontribye). Kidonk, lè konsa, sa konn ban nou anvi pini reskiyè yo. Poudayè, se yon bon fason pou dekouraje reskiyaj. Lè moun nan konnen gwoup la p ap tolere konpòtman reskiyè a, li ka pi motive met men nan pat la.

Gen koze ideyoloji a tou. Sa parèt anpil nan fim ak nan listwa, kote yon moun dakò sakrifye l pou tout moun jis pou lonè, pou fanmi, pou peyi, pou sove kominote l. Se sa k fè ideyoloji (kit se nasyonalism, relijyon, valè yo transmèt nou atravè edikasyon nou resevwa, eks.) kapab yon gwo motè pou motive moun aji nan enterè kolektif la, yon siman ki simante yon sosyete e fè tout moun anvi travay nan enterè jeneral. Nan im nasyonal d Ayiti a, vèsyon kreyòl la, senkyèm stwòf la, nou jwenn yon mesaj ideyolojik ki pisan anpil e ki montre aklè koneksyon ki genyen ant ideyoloji ak tèt ansanm:

Nou gen yon drapo

Tankou tout pèp

Se pou n renmen l

Mouri pou li

Se pa kado blan te fè nou

Se san zansèt nou yo ki te koule

Pou nou kenbe drapo nou wo

Se pou n travay, met tèt ansanm

Pou lòt peyi ka respekte l

Drapo sila se nanm tout Ayisyen

M pa twò pale politik isi a, men yon jou m gen pou m esplike nou poukisa m pa yon nasyonalis e poukisa diskou mouri pou lapatri je fèmen sa yo pa rive sou mwen. Paske nasyonalism lan se yon konstriksyon li ye. Nan yon liv klasik (youn nan prefere m), Imagined community, Benedict Anderson, eksplike konsepsyon nou gen de sa ki yon nasyon nan tan modèn nan pa t toujou egziste oswa li pa t toujou sa l ye jodi a. Se yon diskou yo vin konstwi an mezi yon seri transfòmasyon t ap opere nan jan sosyete yo òganize ak jan fwontyè yo defini.

M pa di yon moun pa ta dwe renmen peyi l non (m panse m renmen Ayiti), m di ou ka renmen peyi w san w pa nasyonalis. M di tou sa w ap konsidere kòm peyi w la pa toujou sèlman kote w te fèt la, sitou nan tan modèn yo kote posiblite vwayaje ak travèse fwontye yo, san bliye Entènèt ak mondyalizasyon an jeneral, tout sa yo pa sispann rann fwontyè politik yo ak lojik idantitè yo pi flou chak jou. M te pale sa nan epizòd podcast m te fè sou dyaspora a.

Men sa ki pi enpòtan an, tèt ansanm pa ta dwe chita sou ideyoloji sèlman, paske sa pa toujou efikas. Ayiti se yon bon egzanp. M pa panse se renmen Ayisyen ak Ayisyèn yo pa renmen Ayiti. M si se youn nan peyi kote santiman idantitè a pi fò. Ayisyen renmen Ayiti, se lè w kwaze ak yo nan dyaspora a pou w wè jan sa enpòtan pou yo. M konn moun ki gen plizyè dizèn ane Kanada, ki fè pitit la e m prèske si ki p ap janm tounen Ayiti, poutan lè y ap fè nouvèl se nouvèl Ayiti sèlman yo fè. Pou mwen, se pa yon pwoblèm lanmou pou Ayiti ki genyen.

Poudayè, si lontan nou te ka konprann enpòtans ewo yo ak mati yo, jodi a sa parèt yon ti jan aryere pou nou ta chita estrateji devlopman peyi a sou solisyon endividyèl. Li parèt etranj pou n ap di tout moun yo koupab, e si nou chak te dakò fè sakrifis peyi a t ap chanje. Sitwayen yo ka jwe yon gwo wòl wi e yo dwe toujou rete vijilan pou fè koute vwa yo. Men nou p ap ka rezoud pwoblèm kolektif yo ak solisyon endividyèl sèlman. La loi de ma bouche te ekri yon bèl biyè sou sa, sitou nan sa ki gen pou wè ak solisyon endividyalis yo, tankou « achte dèlko ak invètè » pèsonèl ou pou rezoud pwoblèm kouran ki gen nan peyi a… M ap ajoute, menm nan ka kote solisyon endividyèl la ale nan sans enterè kolektif la, tankou yon moun k ap sakrifye tèt li pou amelyore sitiyasyon moun nan peyi a, malgre sa merite ochan, sa p ap sifi nonplis.

Pou mwen, 3 pi bon fason pou atake pwoblèm kolektif yo (ak pwoblèm reskiyaj ki mache tou kole ak yo a), se leta, mache yo, ak kominote lokal yo. Pou dikotomi leta-mache a nan sa ki gen pou wè ak pwoblèm kolektif yo, m pale de sa deja an detay nan yon biyè m te ekri sou politik agrikòl nan peyi a. An gwo, leta kapab adopte règ ki dekouraje moun reskiye e ankouraje moun aji nan enterè tout moun. Anpil lwa la pou fòse nou aji yon fason ki pa deranje enterè kolektif la. Kanta mache a li menm, li di nou nou mèt priyorize enterè pèsonèl nou, l ap aranje l pou aksyon nou tout met ansanm nan avantaj tout moun. Hayek te wè sa tankou yon mèvèy, jan mache a rive sanble tout enfòmasyon sa yo ak aksyon endividyèl sa yo yon fason ki nan avantaj tout moun, san pa vrèman gen yon otorite santral k ap kòmande. Se vre, sa enpresyonan. Men nou pa dwe bliye nonplis, mache a konn echwe, e poudayè, youn nan sa ki konn koz li pa fè djòb la byen, se ekstènalite yo ak pwoblèm reskiyaj la.

Apre sa, jan Elinor Ostrom ak anpil lòt rechèch montre sa, gen solisyon ki egziste ki pa ni nan leta ni nan mache a. Oganizasyon yo, anndan kominote yo, konn rive jere byen kolektif yo poukont yo san èd ni leta ni mache a.

Nan Valence, peyi Lespay, atravè yon seri règ oswa koutim tradisyonèl, gen kominote agrikiltè k ap jere dlo nan zòn nan depi plizyè syèk pou tout agrikiltè ka jwi dlo a san l pa blo yon lòt. Se depi Mwayennaj gen yon seri « tribinal » yo mete sou pye ki rele Tribunal de las Aguas, sa vle di Tribinal Dlo yo, ki fonksyone prèske tankou yon tribinal « nòmal », malgre pa gen yon lwa ki ba yo otorite yo genyen an. Anyen pa oblije manm kominote a respekte desizyon tribinal sa pran yo, epoutan, sa mache. Lè li tranche nan yon konfli, an jeneral moun yo respekte desizyon l yo. Tout sistèm nan chita sou respè youn gen pou lòt nan kominote a.

Gen yon bann lòt egzanp konsa nan monn lan. Elinor Ostrom fè vi l ap rasanble egzanp sa yo ki montre dilèm prizyonye a ak koze kabrit plizyè mèt mouri nan solèy la pa toujou mache. Anplis leta ak mache yo, li posib pou kominote lokal yo met tèt yo ansanm atravè yon seri règ tradisyonèl pou jere byen lakomin yo. Sofke, pafwa yo ka bezwen yon ti èd oswa yon ti boustè pou yo rive fè l. Antouka, m viv sa deja pèsonèlman nan Lewogàn, kote gen yon sistèm irigasyon, se moun nan zòn nan ki met tèt yo ansanm pou jere l. E sa mache.

M panse si nou travay plis sou opsyon sa yo (leta ak enstitisyon ki efikas, mache k ap byen mache, epi kominote lokal ki soude), anpil pwoblèm kolektif ka jwenn solisyon dirab. Lè sa, nou p ap bezwen mande pèsonn ankò pou l mouri pou lapatri. Nan istwa chat la ak sourit yo, yon lòt solisyon ki te egziste, se pou tout moun pran risk sakrifye yo, monte yon plan ansanm kote yo tout enplike tèt yo pou yo al met klòch la nan kou chat la. Lè konsa, se swa tout moun mouri pou lapatri, se swa tout moun viv pou lapatri. Nan tou de ka yo, sa miyò pase ret fèmen nan yon twou ap tann pou chat la manje nou grenn pa grenn lè nou soti al chèche lamanjay.

Ki politik agrikòl pou Ayiti? (1/2)

Yon fason byen chapante pou nou gade kèk pwoblèm agrikilti peyi a genyen.

Kreyonomi

Nan seri biyè sa a, nou pral gade ansanm kèk politik agrikòl teyori byennèt la nan ekonomi pèmèt nou jistifye. Chaje teyori nou ta kapab rale pou nou analize sitiyasyon sektè agrikòl ayisyen an epi imajine kèk solisyon, men pou kounye a nou ap konsantre nou sou ekonomi byennèt la ki yonn nan teyori ekonomik yo plis rale pou jistifye entèvansyon leta nan ekonomi an.

Men anvan nou antre nan kè diskisyon an, li ap bon pou nou fè yon ti prezantasyon rapid rapid sou Ayiti, agrikilti li, apre sa pou nou gade deba sou aksyon leta nan ekonomi an-espesyalman nan sektè agrikòl la. Apre sa nou ap pare pou nou gade ki eleman teyori byennèt la pote nan deba sa a ak kòman yo ka adapte ak reyalite agrikilti peyi a.

Soti depi lè ti konkonm t ap goumen ak berejèn

An nou soti dèyè nèt pou nou ale…

Voir l’article original 4 293 mots de plus