Archives du mot-clé semyoloji

Langaj

Jodi a m ap entwodui yon seri biyè sou filozofi ki soti sou blòg Philolog la. Se yon blòg filozofi an franse Simone Manon, yon Fransèz ki se pwofesè filozofi, kreye depi lontan. Mwen te kontakte l yon lè e li te kontan ban m otorizasyon tradui biyè blòg li yo an kreyòl. M ap lage tradiksyon yo sou Kreyonomi ofiramezi sou fòm biyè blòg, pou ankouraje pwodiksyon kontni abstrè sa yo an kreyòl. Petèt yon jou n ap ka sanble yo sou yon sit apa. M ap pwofite envite tout moun ki enterese pibliye tèks filozofi ki djanm yo ekri an kreyòl pou yo kontakte kreyonomi@gmail.com

Biyè sa soti nan chapit sou Langaj ki sou blòg Philolog la. N ap remake an jeneral mwen chwazi kite konsèp yo prèske jan yo ye an franse a, men sa pa vle di nou pa ta ka adapte mo kreyòl nou abitye itilize deja pou kreye nouvo mo. Li se konbinezon 2 biyè nou jwenn anndan chapit sila. Premye pati a, ki sèvi entwodiksyon chapit la soti nan biyè sa "Présentation du chapitre XI: le langage". Rès biyè a, ki detaye ki sa langaj ye, se tradiksyon yon pati nan biyè sa a "Le langage".

Otè rès biyè a: Simone Manon
Tradiktè: Stevens Azima

Langaj se yon sistèm siy ki pèmèt ou eksprime e kominike sa ou panse. Li mande pou de (2) kondisyon reyini:

  1. Lapanse. Pale se itilize siy pou di koze ki genyen sans. Men, se sèlman yon konsyans oswa lapanse ki kapab chèche di koze ki genyen sans epi reyalize operasyon ki fè w sot nan yon siyifyan al nan yon siyifye a.
  2. Viv an sosyete. Pale vle di pale ak yon moun ki ap pale ak nou. Langaj montre pati sosyab ki nan moun. Alain te ekri : « Langaj se pitit sosyete.

Kèk kesyon n ap kouvri:

• Kisa yon siy ye?

• Ki sa ki distenge siy lengwistik, endis, siyal ak senbòl?

• Èske tout siy ki rasanble sou fòm yon kòd se yon langaj? Tankou, èske nou ka di bèt yo genyen yon langaj?

• Poukisa gen difikilte nan kominikasyon?

• Èske mo yo ede nou pwoche pi pre reyalite a osnon yo kreye plis distans?

• Kòman nou ka wè relasyon ki genyen ant lapanse avèk langaj?

• Èske langaj la se yon senp zouti lapanse oubyen li se nannan l menm?

• Èske li posib pou tabli yon langaj inivèsèl?

• Èske kominike sifi pou kapab genyen dyalòg?

• Ki orijin lang yo?

• Èske pale ak aji se kontrè yonn lòt?


Langaj se operasyon ki pèmèt yon kò fizik pran distans parapò ak pwòp tèt li, ou pa ta di se maji, pou li kapab vin gen yon konsyans. Langaj la mete yon siy nan mitan konsyans lan ak objè a, se kon sa objè sila a vin egziste sou fòm yon siyifikasyon. Se gras ak siy lan konsyans lan gen aksè ak bagay la, san objè a pa oblije la epitou se konsa konsyans lan kreye siyifikasyon ki depase kad sa moun kapab wè ak je yo. Siy yo pa dekri bagay ki nan monn lan sèlman, yo ouvri pòt sou sa ki envizib, sou lide, sou valè, sou relasyon ki pa genyen lòt koneksyon ak monn reyèl la an wetan siy yo, men ki defini fwontyè mounite nou.

I) Analiz nosyon siy lan

Tout sa ki reprezante yon bagay, sa vle di ki mennen nou nan bagay sa a, nou kapab rele yo siy. Yon siy se yon reyalite doukla. Li konekte yon siyifyan ak yon siyifye yon fason kote yonn mennen ou nan lòt la. Sa vle di tou yon siy gen kapasite pou li konekte ou ak yon lòt bagay ki itilize li tankou yon kanal, menm jan ak yon fonksyon. Mak fabrik siy lan se distans ki separe li ak sa li dekri a.

Semyoloji se syans ki etidye siy yo. Li klase siy yo swivan nati makonnay siyifyan siyifye a oubyen swivan nati reyaksyon yo pwovoke a.

Sou baz premye kritè a, nou ap fè distenksyon ant endis, senbòl, siy lengwistik.

Sou baz dezyèm kritè a, nou ap distenge siyal ak siy lengwistik. (Jodi a n ap konsantre nou sou premye kritè a.)

A) Kout je sou nati relasyon siyifyan siyifye a

1) Yon relasyon natirèl

a) endis

Egzanp : Lafimen se siy gen dife. Lafyèv se siy maladi.

Nan pati sa a, gen yon rapò tout bon ant siyifyan an ak siyifye a, yon rapò koz efè. Tout eleman nan reyalite a ki gen kapasite fè nou panse ak lòt eleman nan reyalite a, nou ap rele yo endis. Nou pa menm bezwen presize se pa reyalite a pou kont pa li ki endis la. Pou li fonksyone tankou yon endis, fòk gen yon konsyans ki trete l tankou yon siy.

an) senbòl

Egz.: Sous dlo se senbòl sentete, dife se senbòl lanfè, lyon se senbòl ògèy ositou pan se senbòl vanite.

Yo rele senbòl « tout siy konkrè ki fè nou panse san fòse ak yon bagay ki absan oswa yon bagay pèsonn pa ka wè » (Lalande, Vocabulaire de la philosophie).

Vrèman vre, gen yon bri nou tande lè dife pran yon kote ki fè nou panse ak lanfè, gen yon jan lyon yo poste ki fè nou panse ak lide fyète a. Ou pa ta di gen yon korespondans analojik ant siy lan ak sans lan, ant imaj reyèl la ak siyifikasyon abstrè a, ki chita sou resanblans yo.

Nan rasin mo a, senbòl la se te yon objè yo fè fè de mwatye epi ki ka sèvi tankou yon modpas lè de bout yo reyini (sumballein=met ansanm). Nan Lagrès tan lontan, yo te konn sèvi ak senbòl yo pou kapab bay moun bèl akèy. Si yon moun te fè pitit li kado mwatye nan yon senbòl, epi pitit li a ta transmèt li bay yon etranje, lizay te mande pou ou akeyi etranje sa a tankou yon zanmi depi li vin lakay ou ak senbòl la nan men li.

Nan yon senbòl, siy lan koresponn ak sans lan pandan yo rete de bagay diferan. Pati ki vizib nan senbòl la (siy lan) mennen ou nan pati ki envizib (sans lan) li reprezante a. Fonksyon li se fè ou soti nan sa sans ou ka kapte rive nan sans koze yo, alèkile sans sa konn tèlman byen anrasinen nan objè ki reprezante li a, yo konn rive di yon objè senbolik se sa li reprezante a. Men, se vre objè a sifizan, men li pa janm egal li vre paske sans yo toujou pi rich pase senbòl ki reprezante yo a.

Rasin sikolojik senbolism lan fon anpil, se sou richès ki gen nan koneksyon sa yo menm pwezi senbolis la jwe.

Toutfwa, ou ka konte sou dwèt ou kantite siy ki koresponn ak definisyon senbòl la. Paske, si gen yon rapò natirèl ant siyifyan an ak siyifye a, senbòl la tou gen yon dimansyon inivèsèl.
Epoutan, si se vre genyen senbòl ki inivèsèl, anpil objè yo rele konsa gen sans sèlman anndan yon kad kiltirèl. Lè konsa, relasyon siyifyan siyifye a pa natirèl ankò, li vin kiltirèl.

Egzanp: Lakwa, ki se senbòl redanpsyon; kolonm yo, ki se senbòl lapè.

An wetan monn kretyen yo, objè konkrè sa yo pa gen rapò ak siyifikasyon yo pran an. Ki fè, se yon relasyon ki chita sou konvansyon menm jan ak senbòl matematik yo.

2) Yon relasyon ki chita sou konvansyon

Egz.: Tout siy lengwistik yo. Jan « tèt » ekri oswa pwononse pou pale de konsèp tèt la.

Nan ka sa a, rapwòchman ant siyifyan an ak siyifye a se moun ki fè li tounen yon règ. Si yo pa aprann ou sans li, ou p ap konprann li, paske pa gen anyen nan mo yo pwononse /tɛt/ la ki fè moun panse ak siyifikasyon li. Siy lengwistik yo abitrè [yo pa obeyi okenn lojik].

“Relasyon ki konekte siyifyan an ak siyifye a abitrè (pa obeyi okenn lojik), ositou kòm sa nou rele siy la se konbinezon siyifyan an ak siyifye a, nou ka annik di: siy lengwistik la abitrè.

Se kon sa, nosyon “sè” a, pa gen okenn rapò pou kont pa li ak seri son \sɛ\ ki sèvi l siyifyan an; nenpòt lòt seri son te ka jwe menm wòl la, sa parèt klè lè nou gade diferans ant lang yo, oswa menm, egzistans pakèt lang diferan sa yo. “Bèf” kòm siyifye, gen pou siyifyan \bɛf\ isit la pandan [yon lòt kote] se /oxs/ (Ochs).

Mo abitrè a la mande pou nou pote yon presizyon. Li pa vle di moun ki ap pale a chwazi siyifyan an jan li pito (nou gen pou nou wè pi devan yon grenn moun pa gen pouvwa chanje yon siy depi yon gwoup lengwistik te gentan dakò sou siy lan); nou vle di siyifyan an pa gen okenn entansyon dèyè l, li abitrè parapò ak siyifye a, paske li pa gen okenn koneksyon natirèl ak li nan reyalite a. »

(Ferdinand de Saussure [ki t ap viv ann Ewop], Cours de linguistique appliquée, 1906-1911


Konpreyansyon siy lengwistik yo posib sèlman anndan yon gwoup sosyal ki sèvi ak menm kòd. Sans li se rezilta yon antant enplisit ant moun yo. Antant sa a ant moun yo, li pote non konvansyon.